Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 14

Li te rive nan jou Amraphel yo, wa 1Schinear a, ke Arjoc, wa Ellasar a, Kedorlaomer, wa Élam nan, avèk Tideal, wa Gojim nan, ke yo te vin fè lagè avèk Béra, wa Sodome nan, e avèk Birscha, wa Gomorrhe a, Schineab, wa Adma a, ak Schémbeébern wa Tseboïm nan, avèk wa a Béla a, ki se Tsoar.

Tout sila yo te vini nan yon alyans nan vale Siddim nan (sa vle di 2Lanmè Sèl la). Pandan douz ane yo te sèvi Kedorlaomer, men nan trèzyèm ane a, yo te revòlte.

Nan katòzyèm ane a, Kedorlaomer ak wa ki te avè l yo, te vin bat 3Rephaïm nan Ashterothkarnaim, Zuzim lan nan Ham, avèk Émim nan Schavé-Kirjathaïm. Avèk Oryen yo nan mòn pa yo nan Séir jiska distans rive nan Al-Paran, ki touprè dezè a. Epi yo vin retounen rive nan En-Mischpath, (ki se 4Kadès), e yo te bat Amalesit yo nan tout peyi yo, e osi Amoreyen ki te rete 5Hatsatson-Thamar yo.

Epi wa Sodome nan avèk wa Gomorrhe a avèk wa Adma ak wa Tseboïm nan, e wa Béla a, (ki se Tsoar); te vin parèt. Yo ranje yo pou fè batay kont yo nan vale Siddim nan, kont Kedorlaomer wa Élam nan, Tideal, wa Gojim nan, Amraphel, wa Schinear nan, ak Arjoc, wa Ellasar a; kat wa kont senk.

Alò, vale Siddim nan te ranpli avèk fon azfòt yo, epi 6wa Sodome avèk Gomorrhe yo te sove ale, e kèk tonbe la. Men sila ki te chape yo te sove ale, rive nan tèt mòn yo.

Yo te pran tout byen Sodome avèk Gomorrhe yo avèk tout manje yo te genyen, e yo te pati. Anplis, yo te pran Lot, neve a Abram nan avèk tout byen li, e yo te pati, 7paske li t ap viv Sodome.

Alò, yon moun ki te sove ale te vin di Abram, Ebre a, tout sa. Alò, li t ap viv bò kote chenn Mamré yo, Amoreyen sila a, frè Eschcol e frè Aner, ki te fè yon 8alyans avèk Abram.

Lè Abram te tande ke 9moun fanmi li te pran an kaptivite, li te Mennen dèzòm ki te enstwi, twa-san-diz-uit òm ki te elve nan kay li pou te pouswiv yo jis rive nan Dan. 10Li te divize ekip li yo kont yo nan lannwit. Epi li avèk sèvitè li yo te bat yo, e yo te kouri dèyè yo jis rive Choba, ki nan nò Damas la. Li te mennen fè retounen tout byen yo. Anplis, li te mennen tounen moun fanmi li an, Lot, avèk byen pa l, fanm, avèk lòt moun yo.

Apre Abram te sòti nan masak Kédorlaomer ak wa ki te avè l yo, wa Sodome nan te sòti pou rankontre l nan vale Schavé a, (sa vle di 11 Vale a Wa a).

Konsa, 12Melchisédek, wa Salèm nan te mennen pote pen avèk diven. Alò li menm se te yon prèt a Bondye Pi Wo a. Li te beni li, e te di: “Beni, se Abram a Bondye Pi Wo a, 13Mèt Syèl la ak tè a. Beniswa Bondye Pi Wo a, ki te lage lènmi yo nan men ou.”

Abram te bay li yon 14dim de tout bagay.

Wa Sodome nan te di Abram: “Ban mwen moun yo, e ou mèt pran byen yo pou ou menm.”

Abram te di a Wa Sodome nan: “Mwen te sèmante a Senyè Bondye Pi Wo a, 15 Mèt sou syèl la avèk tè a, ke mwen 16p ap pran menm yon fisèl oswa yon sandal, ni yon las, ni anyen ki pou ou, akoz laperèz ke ou ta di ‘se ou ki fè Abram vin rich’. Mwen p ap pran anyen sof ke sa ke jennonm yo te manje, ak pòsyon pou mesye ki te ale avè m yo, 17Aner, Eschcol, avèk Mamré; kite yo pran pòsyon pa yo.”

Source notes (17)
  1. Cross-reference Jen 10:10
  2. Cross-reference Nonb 34:12
  3. Cross-reference Det 3:11,13
  4. Cross-reference Nonb 13:26
  5. Cross-reference II Kwo 20:2
  6. Cross-reference Jen 14:17-22
  7. Cross-reference Jen 13:12
  8. Cross-reference Jen 21:27-32
  9. Cross-reference Jen 14:12
  10. Cross-reference Jij 7:16
  11. Cross-reference II Sam 18:18
  12. Cross-reference Eb 7:1-10
  13. Cross-reference Jen 14:22
  14. Cross-reference Eb 7:4
  15. Cross-reference Sòm 24:1
  16. Cross-reference II Wa 5:16
  17. Cross-reference Jen 14:13

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.