Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 13

Alò, Abram te monte kite Égypte vè 1Negev, li menm avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li, e Lot te avèk li. Epi Abram te 2trè rich nan bèt, lajan ak nan lò.

Li te fè vwayaj li yo ki sòti Negev pou rive jis Béthel, nan plas kote tant li a te ye nan kòmansman an, 3antre Béthel avèk Ai, jis rive nan plas 4lotèl ke li te fè la oparavan an. Epi la Abram te rele non SENYÈ a.

Alò, 5Lot, ki te ale avèk Abram, osi te gen bann mouton, twoupo, avèk tant.

Epi tè a pa t kapab sipòte yo toude pou rete ansanm, paske byen yo te tèlman gran ke yo pa t kab rete ansanm.6 Epi te gen konfli antre bèje bèt Abram, ak bèje bèt Lot yo. Epi te gen Kanaaneyen yo avèk Ferezyen yo ki te rete nan peyi a. 7

Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w, paske se frè nou ye. Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe. Si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat. Oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.”

Lot te leve zye li, e li te wè tout 8vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te 9detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar. Konsa, Lot te chwazi pou li menm tout vale Jourdain an, e Lot te vwayaje vè lès. Konsa yo te separe youn ak lòt.

Abram te vin rete nan tè Canaan an, pandan Lot te vin rete nan 10gran vil yo nan vale a, e li te deplase tant li yo jis rive Sodome.

Alò, 11mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.

SENYÈ a te di a Abram lè Lot fin kite l la: “Koulye a leve zye ou pou gade depi plas la kote ou ye a; 12vè nò, vè sid, vè lès ak lwès. 13Paske tout peyi ke ou wè a, Mwen va ba ou li, ak desandan ou yo pou tout tan.

“Mwen va fè desandan ou yo peple 14tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo. Leve, 15mache toupatou nan peyi a nan longè li avèk lajè li; paske Mwen va ba ou li”.

Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote 16bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a.

Source notes (16)
  1. Cross-reference Jen 12:9
  2. Cross-reference Jen 24:35
  3. Cross-reference Jen 12:8
  4. Cross-reference Jen 12:7-8
  5. Cross-reference Jen 12:5
  6. Cross-reference Jen 36:7
  7. Cross-reference Pwov 15:18
  8. Cross-reference Det 34:3
  9. Cross-reference Jen 19:24
  10. Cross-reference Jen 14:2
  11. Cross-reference Jen 18:20
  12. Cross-reference Jen 28:14
  13. Cross-reference Jen 12:7
  14. Cross-reference Jen 16:10
  15. Cross-reference Nonb 13:17-24
  16. Cross-reference Jen 14:13

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.