Bib Sen An
Jenèz 12
Alò, 1SENYÈ a te di a Abram: “Sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou ale vè yon peyi ke Mwen va montre nou. 2Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. 3Ou va yon benediksyon. Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. 4Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”
Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la. 5Lot te ale avè l. Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran. Abram te pran Saraï madanm li avèk Lot, neve li, ak tout 6zafè yo ke yo te ranmase avèk moun ke yo te vin genyen nan Haran, e yo te pati pou peyi Canaan an. Konsa yo te rive Canaan.
Abram te pase nan peyi a jis rive 7Sichem, nan chenn Moré yo. Alò nan tan sa a, Kanaaneyen yo te nan peyi a.
SENYÈ a 8te parèt a Abram. Li te di: “9A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.”
Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.
Alò, li te kontinye depi la nan mòn nan, nan lès Béthel. Li te monte tant li, avèk 10Béthel nan lwès, ak Aï nan lès. La li te bati yon lotèl a SENYÈ a, e li te rele non a SENYÈ a.
Abram te vwayaje toujou vè 11Negev. Alò te gen yon 12gwo grangou nan peyi a, ki fè Abram desann an Égypte pou pase yon tan, akoz gwo grangou a te tèlman 13di nan peyi a.
Li te rive ke lè li te rive toupre Égypte, li te di a Saraï, madanm li: “Gade, mwen konnen ke ou se 14yon fanm ki tèlman bèl! 15Lè Ejipsyen yo wè ou, yo va di: ‘Sa se madanm li.’ Konsa, yo va touye mwen, men yo va kite ou viv. Souple, di ke se 16sè mwen ou ye, pou sa ale byen pou mwen, e pou mwen kapab viv akoz ou menm.”
Li te vin rive ke lè Abram te antre Égypte, ke Ejipsyen yo te wè ke fanm nan te byen bèl. Ofisyèl Farawon yo te wè li e te pote lwanj li bay Farawon. Konsa, yo te pran fanm nan fè l antre lakay Farawon an. Pou sa li te trete Abram byen pou koz li. Li 17te bay li mouton avèk bèf kabwa avèk bourik, ak sèvitè, ni mal ni femèl, ak femèl bourik avèk chamo.
Men SENYÈ a te 18frape Farawon avèk gwo malè yo akoz Saraï, madanm Abram nan.
Epi Farawon te rele Abram. Li te di li: “19Kisa ou fè m la a? Poukisa ou pa t di mwen ke li te madanm ou? Poukisa ou te di: Li se sè m, pou m te pran l kòm madanm mwen? Alò, men madanm ou, pran l ale.”
Farawon te kòmande mesye pa l yo konsènan li, epi yo te akonpanye l ale, avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li yo.
Source notes (19)
- Cross-reference Jen 15:7
- Cross-reference Det 26:5
- Cross-reference Za 8:13
- Cross-reference Jen 22:13
- Cross-reference Jen 11:27-31
- Cross-reference Jen 13:6
- Cross-reference Jen 35:4
- Cross-reference Jen 17:1
- Cross-reference Jen 13:5
- Cross-reference Jos 8:9-12
- Cross-reference Jen 13:1-3
- Cross-reference Jen 26:1
- Cross-reference Jen 43:1
- Cross-reference Jen 26:7
- Cross-reference Jen 20:11
- Cross-reference Jen 20:2-12
- Cross-reference Jen 13:2
- Cross-reference Jen 20:18
- Cross-reference Jen 20:9-10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.