Bib Sen An
Jenèz 11
Alò, tout latè te sèvi avèk menm lang avèk menm mo. Konsa, li te rive ke pandan yo t ap vwayaje vè lès, ke yo te twouve yon gran plèn nan peyi ki rele 1Schinear, e yo te vin rete la.
Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak 2azfòt kòm mòtye. Yo te di: “Vini, annou bati yon gran vil pou pwòp tèt nou, avèk yon kay wo tou won avèk yon twati ki va lonje rive jis nan syèl la. Konsa, annou fè pou pwòp tèt nou yon 3 gran non, sof ke sa, nou 4va vin gaye toupatou sou tout sifas tè a.” 5
SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a. Senyè a te di: “Gade byen, se yon sèl pèp yo ye, e yo tout gen 6menm lang, epi men sa ke yo kòmanse fè. Konsa, nenpòt sa yo eseye fè, yo p ap anpeche. Vini, 7annou desann e 8konfonn langaj yo pou yo pa konprann lang youn lòt.”
Pou sa, SENYÈ a te 9gaye yo toupatou sou tout tè a, e yo te sispann bati gran vil la. Pou koz sa a, yo te rele non vil la 10Babel, akoz ke se la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè. Depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou sifas a tout tè a. 11
Sa yo se te achiv pou tout jenerasyon a Sem yo. Sem te gen laj santan, lè l te vin papa a Arpacschad, dez ane apre delij la. Epi Sem te viv senk-santan dèzane apre li te vin papa a Arpacschad. Li te gen lòt fis ak fi.
Arpacschad te viv trann-senk ane, lè l te vin papa a Schélach. Konsa, Arpacschad te viv kat-san-twa lane apre li te vin papa a Schélach, e li te gen lòt fis ak fi.
Schélach te viv trantan, e li te vin papa a Héber; epi Schélach te viv kat-san-twa-lane apre li te vin papa a Héber. Li te gen lòt fis ak fi.
Héber te viv pandan trann-kat ane, lè l te devni papa a Péleg; epi konsa, Héber te viv pandan kat-san-trant ane apre li te vin papa a Péleg, e li te gen lòt fis ak fi.
Péleg te viv pandan trant ane, lè l te vin papa a Reu. Konsa, Péleg te viv pandan de-san-nèf ane apre li te vin papa a Rehu, e li te gen lòt fis ak fi.
Rehu te viv pandan trann-de ane, lè l te vin papa a Serug. Rehu te viv pandan de-san-sèt ane apre li te vin papa a Serug, e li te gen lòt fis ak fi.
Serug te viv pandan trant ane lè l te vin papa a Nachor. Epi Serug te viv de-san ane apre li te vin papa a Nachor, e li te fè lòt fis ak fi.
Nachor te viv pandan vent-nèf ane, e li te vin papa a Térach; epi Nachor te viv san-diz-nèf ane apre li te vin papa a Térach, e li te gen lòt fis ak fi.
Térach te viv swasann-dis ane, e li te vin 12papa a Abram, Nachor, ak Haran.
Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran.
Haran te fè 13Lot. Haran te mouri nan prezans papa li, Térach nan peyi nesans li, nan 14Ur pou Kaldeyen yo. Abram avèk 15Nachor te pran madanm yo pou yo menm. Non a madanm Abram nan se te 16Saraï, e non a madanm Nachor a se te Milca, fi a Haran an, papa a Milcah avèk Jisca. 17Saraï te esteril. Li pa t fè pitit.
Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite 18Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la.
Jou a Térach yo te de-san-senk ane. Térach te vin mouri Haran.
Source notes (18)
- Cross-reference Jen 10:10
- Cross-reference Jen 14:10
- Cross-reference Jen 6:4
- Cross-reference Det 4:27
- Cross-reference Jen 18:21
- Cross-reference Jen 11:1
- Cross-reference Jen 1:26
- Cross-reference Det 28:49
- Cross-reference Jen 11:4
- Cross-reference Jen 10:10
- Cross-reference Jen 10:22-25
- Cross-reference Jos 24:2
- Cross-reference Jen 13:10
- Cross-reference Jen 11:31
- Cross-reference Jen 24:10
- Cross-reference Jen 17:5
- Cross-reference Jen 16:1
- Cross-reference Jen 15:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.