Bib Sen An
Jenèz 10
Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo. Fis te ne pou yo apre delij la. 1
Fis a Japhet yo te Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec, ak Tiras.
Fis Gomer yo te 2Aschkenaz, Riphat avèk Togarma.
Fis Javan yo te Elischa, Tarsis, Kittim, ak Dodanim.
Depi nasyon sila a peyi kot yo te divize nan tèritwa pa yo, yo chak selon langaj yo, selon fanmi pa yo, nan pwòp nasyon pa yo. 3
Fis a Cham yo te Cush, Mitsraïm, Puth, avèk Canaan.
Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan.
Cush te fè osi Nimrod. Li te kòmanse vin pwisan sou latè. Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a. Akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”.
Kòmansman wayòm li an te 4Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo. De tèritwa sila a, li te antre 5nan Assur, e li te bati Ninive avèk Rehoboth-Hur, Calach, Avèk Résen antre Ninive e Calach, ki se gran vil la.
Mitsraïm te devni papa 6Ludim, Anamim, Lehabim ak Naphtuhim. Avèk 7Patrusim ak Casluhim (kote Filisten yo te sòti a) avèk Caphtorim.
Canaan te vin papa Sidon ki te premye ne a, avèk 8Heth; epi 9Jebizyen yo avèk Amoreyen yo, ak Gigazyen yo, Evyen yo, Akyen yo, avèk Sinyen yo, avèk Avadyen yo, Tsemaryen yo, Amatyen yo, e apre, fanmi Canaran an te gaye toupatou. 10
Tèritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza, kote lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha.
Sa yo se fis Cham yo selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon tèritwa yo, selon nasyon pa yo.
Osi a Sem, papa a tout pitit Héber yo, e pi gran frè pou Japhet te fè pitit. Fis a Sem yo te 11Élam, Assur, 12Arpacschad, Lud, avèk Aram.
Fis Aram yo te 13Uts, Hul, Guéter avèk Masch.
Arpacschad te fè 14Schélach, epi Schélach te fè Héber. 15
Konsa, te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize. Epi frè l la te rele Jokthan.
Jokthan te vin papa Almonad ak Schéleph, Hatsarmaveth, Jrach, Hadoram, Uzal, Dikla, Obal, Abimaël, Séba, Ophir, Havila ak Jbab. Tout sa yo te fis pou Jokthan. Alò andwa kote yo te rete te rive jis nan Méscha lè nou ale vè Sephar, tèritwa mòn lès la.
Men sila ki se fis Sem yo, selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon tèritwa yo, selon nasyon yo.
Sila yo se fanmi a fis Noé yo selon jenerasyon yo, 16selon nasyon pa yo. Konsa, depi nan sa yo, nasyon yo te separe sou latè apre delij la.
Source notes (16)
- Cross-reference I Kor 1:5-7
- Cross-reference Jr 51:27
- Cross-reference I Kwo 1:8-10
- Cross-reference Jen 11:9
- Cross-reference Mi 5:6
- Cross-reference Jr 46:9
- Cross-reference I Kwo 1:12
- Cross-reference Jen 23:3
- Cross-reference Jen 15:19-21
- Cross-reference Nonb 34:2-12
- Cross-reference Jen 14:1-9
- Cross-reference Jen 11:10
- Cross-reference Job 1:1
- Cross-reference Jen 11:12
- Cross-reference I Kwo 1:19
- Cross-reference Jen 9:19
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.