Bib Sen An
Jenèz 17
Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye 1Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete 2san fot. Mwen va etabli 3akò Mwen antre Mwen ak Ou, e Mwen va miltipliye ou anpil, anpil.”
Abram te tonbe atè sou figi li. Bondye te pale avèk li, e te di: 4 “Pou Mwen, koute byen, akò Mwen avè ou a. Ou va papa a yon 5gran kantite nasyon. Yo p ap rele ou Abram ankò, men non ou va Abraham, paske 6Mwen ap fè ou papa a yon gran kantite nasyon.
“M ap fè ou bay anpil fwi, Mwen va fè nasyon yo avè w, e 7wa yo va soti nan ou menm.
“Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon 8akò k ap pou tout tan, 9pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo. “Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan, epi Mwen va Bondye pa yo.”
Bondye te di anplis a Abraham: “Koulye a pou ou, 10ou va kenbe akò Mwen an, ou menm avèk desandan apre ou yo pou tout jenerasyon. 11Sa se akò Mwen, ke nou va kenbe antre Mwen ak nou menm, e desandan apre nou yo: chak mal pami nou va vin sikonsi.
“ 12“Nou va sikonsi nan chè sou avan chè nou, e sa ap sèvi kòm sign akò antre Mwen ak nou. Epi chak mal antre nou ki gen 13uit jou va sikonsi selon tout jenerasyon nou yo, e osi yon sèvitè ki fèt lakay ou, oswa ki achte avèk lajan a nenpòt etranje ki pa sòti nan desandan pa nou yo. Yon sèvitè ki fèt lakay nou, oswa ki te 14achte avèk lajan nou va asireman vin sikonsi; konsa akò Mwen va nan chè nou, yon akò pou tout tan. Men yon mal ki pa sikonsi nan avan chè li, moun sila a va vin retire de pèp li a. Li vyole akò Mwen an.” 15
Epi Bondye te di a Abraham: “Konsènan madanm ou, Saraï, ou pa pou rele li Saraï, men Sarah va non li. Mwen va beni li, Mwen va bay ou 16yon fis pa li. Alò, Mwen va beni li, e li va yon manman pou anpil nasyon. Wa a pèp yo va sòti nan li.”
Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm santan? Epi èske 17Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?” Konsa, Abraham te di a Bondye: “O ke Ismaël kapab viv devan Ou!”
Men Bondye te di: “Non, men Sarah, madanm ou an va fè yon fis, e ou va rele non li Isaac. 18Mwen va etabli akò Mwen an avèk li pou yon akò pou tout tan pou desandan apre li yo.
“Pou Ismaël, Mwen te tande ou. Gade byen, Mwen va 19fè li bay anpil fwi, e li va miltipliye li anpil, anpil. 20Li va vin papa a douz prens yo, e Mwen va fè li vin yon gran nasyon.
“Men akò Mwen an, Mwen va etabli li avèk Isaac, ke 21Sarah va fè pou ou nan menm sezon sa a, lane pwochèn.”
Lè Li te fin pale avèk li, 22Bondye te monte kite Abraham.
Alò, Abraham te pran Ismaël, fis li a, tout sèvitè ki te 23fèt nan kay li, tout ki te achte avèk lajan li, chak mal pami mesye lakay Abraham yo, e li te sikonsi prepis yo nan menm jou sa a 24jan Bondye te di li a.
Alò, Abraham te gen katre-ven-diz ane lè 25li te sikonsi nan chè pwen pye li. Epi 26Ismaël, fis li a te gen trèz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li.
Nan menm jou sa a, Abraham te sikonsi, ansanm ak fis li, Ismaël. Tout gason lakay li yo, ki te 27fèt lakay li, ki te achte avèk lajan nan men moun etranje, te sikonsi avèk li.
Source notes (27)
- Cross-reference Jen 28:3
- Cross-reference Jen 6:9
- Cross-reference Jen 15:18
- Cross-reference Jen 17:17
- Cross-reference Jen 35:11
- Cross-reference Wo 4:17
- Cross-reference Jen 17:16
- Cross-reference Jen 17:13,19
- Cross-reference Jen 26:24
- Cross-reference Egz 19:5
- Cross-reference Jn 7:22
- Cross-reference Egz 12:48
- Cross-reference Lev 12:3
- Cross-reference Egz 12:44
- Cross-reference Egz 4:24-26
- Cross-reference Jen 18:10
- Cross-reference Jen 21:7
- Cross-reference Jen 26:2-5
- Cross-reference Jen 16:10
- Cross-reference Jen 25:12-16
- Cross-reference Jen 21:2
- Cross-reference Jen 18:33
- Cross-reference Jen 14:14
- Cross-reference Jen 17:9-11
- Cross-reference Wo 4:11
- Cross-reference Jen 16:16
- Cross-reference Jen 14:14
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.