Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Galat Yo 1

Mwen, Paul, yon apot 1ki pa t voye pa lèzòm, ni pa okenn ajans lòm, men pa Jésus Kri, ak Bondye Papa a, ki te fè L leve soti nan lanmò— ak tout frè ki avèk mwen yo; a tout 2legliz nan Galatie yo: 3Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri, ki 4te bay tèt li pou peche nou yo, pou Li ta kapab delivre nou de tan mechan sila a, selon volonte 5Bondye ak Papa nou an. A li menm laglwa pou tout tan. Amen.

Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou 6yon lòt levanjil; ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap 7twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la. Men menmsi nou menm, oubyen 8yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen. Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si 9yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen.

Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon 10sèvitè a Kris la.

Paske 11mwen ta fè nou konnen, frè m yo, ke levanjil ki te preche pa mwen menm nan se pa selon lòm. Paske mwen pa t ni resevwa l soti nan lòm, ni mwen pa t enstwi pou li, men mwen te resevwa l atravè yon 12revelasyon a Jésus Kri. Paske, nou konn tande listwa a 13fason lavi mwen nan lafwa Jwif la; jan mwen te konn pèsekite legliz a Bondye a depase limit, e te eseye detwi li. Konsa, mwen t ap avanse nan relijyon Jwif la depase anpil nan moun Jwif parèy mwen yo akoz ke mwen te ekstrèmman zele pou 14tradisyon zansèt mwen yo. Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e 15te rele mwen selon gras Li a, te kontan pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab 16preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san. 17Ni mwen pa t monte Jérusalem pou jwenn sila ki te apot avan mwen yo, men mwen te ale an Arabie, e mwen te retounen yon fwa ankò vè Damas.

Answit 18twaz an pita, mwen te monte 19Jérusalem pou fè konesans ak Céphas, e te rete avèk li pandan kenz jou. Men mwen pa t wè okenn nan lòt apot yo eksepte 20Jacques, frè a Senyè a. (Alò, nan sa ke m ap ekri nou an, mwen bannou asirans 21devan Bondye ke mwen p ap bay manti.) Konsa 22mwen te ale nan rejyon Syrie ak Cilicie. Mwen te toujou enkoni devan zye a 23legliz Judée ki te an Kris yo, men sèlman, yo te kontinye tande: “Sila ki te konn pèsekite nou an koulye a ap preche lafwa ke avan li te 24eseye detwi a.” Konsa, yo 25t ap bay Bondye glwa akoz de mwen menm.

Source notes (25)
  1. Cross-reference Gal 1:11
  2. Cross-reference Trav 16:6
  3. Cross-reference Wo 1:7
  4. Cross-reference Gal 2:20
  5. Cross-reference Fil 4:20
  6. Cross-reference II Kwo 11:4
  7. Cross-reference Trav 15:24
  8. Cross-reference II Kor 11:14
  9. Cross-reference Wo 16:17
  10. Cross-reference Wo 1:1
  11. Cross-reference Wo 2:16
  12. Cross-reference I Kor 2:10
  13. Cross-reference Trav 26:4
  14. Cross-reference Mat 15:2
  15. Cross-reference És 49:1,5
  16. Cross-reference Trav 9:15
  17. Cross-reference Trav 9:19-22
  18. Cross-reference Trav 9:22
  19. Cross-reference Trav 9:26
  20. Cross-reference Mat 12:46
  21. Cross-reference Wo 9:1
  22. Cross-reference Trav 9:30
  23. Cross-reference I Tes 2:14
  24. Cross-reference Trav 9:21
  25. Cross-reference Mat 9:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.