Bib Sen An
II Korentyen Yo 13
Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. 1“Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.” Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap 2epagne pèsòn. Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men 3byen pwisan nan nou. Paske malgre Li te 4krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de 5pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.
Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. 6Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la? Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la.
Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve. Paske nou pa kapab fè anyen kont verite a, men sèlman pou verite a. Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab 7vin konplè. Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen 8itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.
Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte 9vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou. 10Salye youn lòt avèk yon beze ki sen. 11
Tout sen yo salye nou.
Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak 12dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.
Source notes (12)
- Cross-reference Det 17:6
- Cross-reference II Kor 1:23
- Cross-reference II Kor 9:8
- Cross-reference Fil 2:7
- Cross-reference I Kor 6:14
- Cross-reference I Kor 11:28
- Cross-reference I Kor 1:10
- Cross-reference Tit 1:3
- Cross-reference Wo 12:16
- Cross-reference Wo 16:16
- Cross-reference Fil 4:22
- Cross-reference Fil 2:1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.