Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Korentyen Yo 12

Vante tèt pa bon, men malgre ke li pa gen pwofi, kite m rive nan vizyon ak 1revelasyon Senyè a. Mwen konnen yon nonm an Kris, ki katòzan pase—-si se te nan kò li, m pa konnen, oubyen si se pa t nan kò li, m pa konnen, Bondye konnen——yon nonm konsa te monte nan 2twazyèm syèl la. Epi mwen konnen jan yon nonm konsa——si se nan kò li oubyen apa de kò li, mwen pa konnen 3(Bondye konnen), jan li te 4rale anwo nan 5Paradi e li te tande pawòl ki pa t kapab eksprime, ke yon nonm pa gen pèmisyon pou l pale. Pou yon nonm konsa ak eksperyans li yo, mwen va anfle; men pou mwen, mwen p ap anfle, eksepte nan sa ki gade a 6feblès mwen. Paske si mwen vle vante tèt mwen, mwen p ap fè foli; 7paske se verite m ap pale. Men m ap sispann fè sa pou pèsòn pa fè mwen kredi pou plis ke sa li wè nan mwen oubyen tande de mwen. Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon 8pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. Konsènan sa, mwen te priye Senyè a 9twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske 10pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

Konsa 11mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs. Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m fè sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske 12nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre 13mwen menm, mwen pa anyen. 14Sign a yon vre apot te fèt pami nou avèk tout pèseverans, pa sign, mèvèy ansanm ak mirak yo. Paske nan ki sans nou te trete kòm enferyè a rès legliz yo, eksepte mwen menm, m pa t vin yon chaj pou nou? Padone mwen pou 15mal sa a.

Sa fè pou 16yon twazyèm fwa ke m prè pou vin kote nou, e mwen p ap yon chaj pou nou; paske mwen p ap chèche sa ke nou posede, men kè nou menm. Paske se pa timoun yo ki responsab pou ekonomize pou paran yo, men paran yo pou timoun yo. Mwen va avèk kè kontan depanse e konsakre m pou nanm nou. 17Si m renmen nou plis konsa, èske nou dwe renmen m mwens? Men malgre jan sa kapab ye a 18mwen menm, mwen pa t mete chaj tèt mwen bannou. Sepandan, nonm malen ke mwen ye, mwen te vin pran nou pa riz. 19Éske mwen te pran avantaj sou nou, swa fè kòb sou nou atravè okenn nan sila ke mwen te voye bannou yo? Mwen 20te ankouraje Tite pou ale, e mwen te voye 21frè a avèk li. Éske Tite te pran okenn avantaj sou nou? Èske nou pa t kondwi tèt nou nan menm lespri a e mache sou menm pa yo?

Èske ou kwè ke n ap sèlman fè eskiz pwòp tèt nou devan nou menm. Anverite 22se te devan zye Bondye ke nou pale an Kris la. Men nou fè tout sa 23pou edifikasyon nou, byeneme yo. Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi 24move jan, dispit, kout lang 25tripotay, awogans, ak tapaj. Mwen pè ke lè m vini ankò pou Bondye mwen an pa rabese m devan nou, e pou mwen pa gen tristès pou anpil nan sila ki 26te peche nan tan pase yo e ki pa t repanti de 27salte, imoralite, ak sansyalite ke yo te fè yo.

Source notes (27)
  1. Cross-reference I Kor 14:6
  2. Cross-reference Det 10:14
  3. Cross-reference II Kor 11:11
  4. Cross-reference Éz 8:3
  5. Cross-reference Luc 23:43
  6. Cross-reference I Kor 2:3
  7. Cross-reference II Kor 7:14
  8. Cross-reference Nonb 33:55
  9. Cross-reference Mat 26:44
  10. Cross-reference I Kor 2:5
  11. Cross-reference Wo 8:35
  12. Cross-reference II Kor 11:5
  13. Cross-reference I Kor 3:7
  14. Cross-reference Jn 4:48
  15. Cross-reference II Kor 11:7
  16. Cross-reference II Kor 13:1,2
  17. Cross-reference II Kor 11:11
  18. Cross-reference II Kor 11:9
  19. Cross-reference II Kor 9:5
  20. Cross-reference II Kor 8:6
  21. Cross-reference II Kor 8:18
  22. Cross-reference II Kor 2:17
  23. Cross-reference Wo 14:19
  24. Cross-reference Gal 5:20
  25. Cross-reference Wo 1:29
  26. Cross-reference II Kor 13:2
  27. Cross-reference I Kor 6:9,18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.