Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Korentyen Yo 11

Mwen swete ke nou 1ta ban mwen pèmisyon pou yon ti foli; men anfèt nou ban mwen l deja. Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te 2fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach. Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la. Paske si yon moun vini pou preche 3yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon 4lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa. Paske mwen pa konsidere tèt mwen 5kòm enferyè a pi gran apot yo. Men menmsi mwen manke abil nan pale, deja mwen pa konsa nan 6konesans. Anfèt, nan tout aspè, sa te deja fèt klè de nou tout, nan tout bagay.

Oubyen èske mwen te fè yon peche lè m te aksepte imilye tèt mwen pou nou menm ta kapab egzalte, paske m te preche levanjil Bondye a nou menm 7san frè? Okontrè, mwen te vòlè lòt legliz yo lè m te 8pran kòb soutyen an nan men yo pou sèvi nou. Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen 9pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè 10frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la. 11Jan verite Kris la nan mwen an 12vante tèt mwen an p ap tèmine fèt nan zòn Achaïe yo. Poukisa? 13Paske mwen pa renmen nou? 14Bondye konnen ke m renmen nou!

Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a 15pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo. Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, 16ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo. Sa pa yon gwo sipriz, paske menm 17Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki 18va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo. 19

Ankò mwen di, ke pèsòn pa panse ke mwen fou. Men si nou panse sa, resevwa m menm tankou moun fou, pou mwen tou kapab vante tèt mwen tou piti. Sa m ap di a, mwen p ap di li 20jan Senyè a ta pale, men yon jan fou, konsi, m ap vante tèt mwen. Akoz ke 21anpil moun vante tèt yo selon lachè, mwen va vante tèt mwen konsa tou. Men nou menm 22ki tèlman saj, tolere foli a avèk kè kontan. Paske nou tolere li si yon moun 23fè nou esklav, si yon moun devore nou, si yon moun pran avantaj de nou, si yon moun egzalte tèt li, menm si yon moun bannou kou nan figi. Nan wont mwen, mwen oblije di ke nou te 24twò fèb pa konparezon. Men nan nenpòt bagay respekte nenpòt lòt moun se plen ak kouraj (mwen pale ak foli), mwen menm, mwen gen kouraj menm jan an. Èske se Ebre yo ye? 25Mwen menm tou, mwen Ebre. Èske se Izrayelit yo ye? Mwen menm tou, mwen se Izrayelit. Èske se desandan Abraham yo ye? 26Mwen menm tou. Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, 27plis nan travay, 28bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò. Senk fwa mwen te resevwa nan men Jwif yo 29trant-nèf kout fwèt. Twa fwa mwen te 30bat avèk baton, yon fwa mwen te 31lapide avèk wòch, twa fwa mwen te nan bato ki kraze nan lanmè, yon jou ak yon nwit mwen te pase nan fon lanmè. Souvan mwen te fè vwayaj, an danje nan rivyè, danje ak vòlè, danje ak pwòp moun peyi mwen, danje ak moun etranje yo 32danje nan vil yo, danje nan dezè, danje sou lanmè, 33e danje pami fo frè yo. Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan 34san manje, nan fredi e 35san rad.

Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou 36tout legliz yo. Kilès ki vin 37fèb, san m pa fèb tou? Kilès ki lage nan peche, san gwo sousi mwen.

Si mwen dwe vante tèt mwen, m ap vante tèt mwen de sa ki apatyen a 38feblès mwen. Bondye e Papa a Senyè a Jésus 39Li menm ki beni pou tout tan an, konnen ke m p ap bay manti. Nan Damas gouvènè anba Arétas, wa a t ap veye vil moun Damas yo pou l te kapab sezi mwen. Se konsa mwen te kite lòt moun desann mwen nan yon panyen 40pa fenèt nan mi an, e se konsa m te chape nan men li.

Source notes (40)
  1. Cross-reference Mat 17:17
  2. Cross-reference Os 2:19
  3. Cross-reference I Kor 3:11
  4. Cross-reference Gal 1:6
  5. Cross-reference II Kor 12:11
  6. Cross-reference I Kor 12:8
  7. Cross-reference Trav 18:3
  8. Cross-reference I Kor 4:12
  9. Cross-reference II Kor 12:13,16
  10. Cross-reference Trav 18:5
  11. Cross-reference Wo 9:1
  12. Cross-reference I Kor 9:15
  13. Cross-reference II Kor 12:15
  14. Cross-reference II Kor 11:31
  15. Cross-reference I Kor 9:12
  16. Cross-reference Fil 3:2
  17. Cross-reference Mat 4:10
  18. Cross-reference Wo 2:6
  19. Cross-reference II Kor 11:1
  20. Cross-reference I Kwo 7:12,25
  21. Cross-reference Fil 3:3
  22. Cross-reference I Kor 4:10
  23. Cross-reference Gal 2:4
  24. Cross-reference II Kor 10:10
  25. Cross-reference Fil 3:5
  26. Cross-reference Wo 11:1
  27. Cross-reference I Kor 15:10
  28. Cross-reference II Kor 6:5
  29. Cross-reference Det 25:3
  30. Cross-reference Trav 16:22
  31. Cross-reference Trav 14:19
  32. Cross-reference Trav 21:31
  33. Cross-reference Gal 2:4
  34. Cross-reference II Kor 6:5
  35. Cross-reference I Kor 4:11
  36. Cross-reference I Kor 7:17
  37. Cross-reference I Kor 8:9,13
  38. Cross-reference I Kor 2:3
  39. Cross-reference Wo 1:25
  40. Cross-reference Trav 9:25

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.