Bib Sen An
II Korentyen Yo 10
Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa 1imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan! Mwen mande ke lè m prezan ke m p ap oblije vin parèt ak menm fòs kouraj la pou mwen ta vin advèsè 2kèk moun ki konsidere nou tankou moun ki te mache selon lachè. Paske malgre ke n ap mache nan lachè, nou pa 3fè lagè selon lachè, paske 4zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo. N ap detwi tout sipozisyon avèk 5tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la. Konsa, nou prè pou pini tout dezobeyisans, lè 6obeyisans nou an fin ranpli. 7
Nou menm ap gade bagay yo kòmsi, pa deyò. Si nenpòt moun gen konfyans nan tèt li ke li pou Kris, kite li konsidere sa ankò nan lespri li, ke menm jan li nan Kris la 8nou menm osi, nou nan Li. Paske menm si m ta vante tèt mwen yon ti kras anplis pou otorite nou 9ke Senyè a te bay pou bati nou menm e pa pou detwi nou, mwen p ap wont. Paske mwen pa vle li sanble ke m ta entimide nou pa lèt mwen yo. Paske, yo di: “Lèt li yo lou e dyanm, men prezans pèsonèl li pa enpresyonan ditou, e 10jan li pale vrèman meprizab.” Kite yon moun konsa konsidere sa; ke sa nou ye nan lèt nou yo lè nou absan, se menm moun nan ke nou ye nan aksyon lè nou la.
Paske nou p ap tante sèvi kouraj nou pou konpare oswa klase nou menm avèk kèk nan sila ki 11rekòmande tèt yo. Men lè yo mezire tèt yo ak yo menm e konpare tèt yo avèk yo menm, yo san konprann. Men nou p ap vante tèt nou plis ke mezi nou, men 12nan domèn kote Bondye te chwazi nou kòm yon mezi, pou menm rive kote nou ye a. Paske nou p ap lonje depase kapasite nou menm, kòmsi li pa t rive bò kote nou, paske nou te premye pou vini jis rive kote ou nan 13levanjil Kris la. Nou p ap vante tèt nou depase mezi pa nou, kòmsi, nan zèv a lòt moun, men avèk espwa ke pandan 14lafwa nou ap grandi, nou va, nan mezi nou, agrandi menm plis akoz nou menm. Konsa nou ka preche levanjil menm nan zòn pi lwen nou yo, e pa vante tèt nou 15nan travay ki te fèt nan landwa a yon lòt. Men 16“Sila k ap vante tèt li a, kite li vante tèt li nan Senyè a.” Paske se pa sila ki rekòmande tèt li a ki apwouve, men se 17sila ki rekòmande pa Bondye a.
Source notes (17)
- Cross-reference Mat 11:29
- Cross-reference I Kor 4:18
- Cross-reference Wo 8:4
- Cross-reference II Kor 6:7
- Cross-reference És 2:11
- Cross-reference II Kor 2:9
- Cross-reference Jn 7:24
- Cross-reference I Kor 9:1
- Cross-reference II Kor 13:10
- Cross-reference I Kor 1:17
- Cross-reference II Kor 3:1
- Cross-reference Wo 12:3
- Cross-reference II Kor 2:12
- Cross-reference II Tes 1:3
- Cross-reference Wo 15:20
- Cross-reference Jr 9:24
- Cross-reference Wo 2:29
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.