Bib Sen An
II Korentyen Yo 9
Paske se pa nesesè pou m ta ekri nou sou 1ministè sa a pou sen yo, paske mwen konnen volonte nou. Pou sa menm, mwen fè nou konpliman devan pèp Macédoine lan, anfèt ke Achaïe te deja prepare depi 2ane pase, e ke zèl nou te eksite pifò nan yo. Men mwen te voye frè yo, pouke 3konpliman nou an pa ta fèt nan vid nan ka sa a, pouke 4jan mwen t ap di a, nou kapab byen prepare. Pou si li pa t fèt , epi nenpòt nan 5Masedonyen yo ta parèt avè m, nou pa t ap desi (ak ou menm tou) e soufri wont akoz sa ki te anvizaje. Donk, mwen te panse ke li te nesesè pou ankouraje frè yo pou yo ta ale devan nou menm pou òganize davans 6kado jenewozite ke nou te deja pwomèt la. Epi konsa, kado sa a ta kapab parèt kon yon kado jenewozite ki pa afekte pa lanvi de nou menm.
Sonje, 7sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk 8regrè oubyen anba presyon, paske 9Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. Jan sa ekri a: 10
“Li te gaye toupatou.
Li te bay a malere yo.
Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. Pou konsa, nou ka 11anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye. Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi 12bezwen a sen yo, men va osi pou debòde 13atravè anpil remèsiman a Bondye. Akoz de prèv ki te bay pa 14ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo. Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay. Remèsiman a Bondye pou 15don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.
Source notes (15)
- Cross-reference II Kor 8:4
- Cross-reference II Kor 8:10
- Cross-reference II Kor 7:4
- Cross-reference I Kwo 16:2
- Cross-reference Wo 15:26
- Cross-reference Jen 33:11
- Cross-reference Pwov 11:24
- Cross-reference Det 15:10
- Cross-reference Egz 25:2
- Cross-reference Sòm 112:9
- Cross-reference I Kor 1:5
- Cross-reference II Kor 8:14
- Cross-reference II Kor 1:11
- Cross-reference Wo 15:31
- Cross-reference Wo 5:15
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.