Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Galat Yo 2

Answit, apre yon espas katòz ane mwen 1te monte ankò Jérusalem avèk Barnabas, e mwen te pran Tite osi. Se te akoz yon revelasyon ke mwen te monte a. Epi konsa, mwen te soumèt devan yo menm levanjil ke mwen preche pami pèp etranje yo. Men mwen te fè sa an prive a sila ki te gen repitasyon yo, pou lakrent ke mwen 2ta ka petèt kouri, oubyen te kouri anven. Men pa menm 3Tite ki te avèk mwen an, malgre li te yon Grèk, pa t oblije sikonsi. Men se te akoz de 4fo frè yo ki te antre an kachèt pou espyone libète ke nou gen nan Kris Jésus a, pou yo ta ka mennen nou nan esklavaj. Men nou pa t soumèt a yo menm pandan menm yon moman, pou 5verite levanjil la ta kapab rete avèk nou tout. Men de sila ki te gen gwo repitasyon yo—sa yo te ye pa gen enpòtans pou mwen; 6Bondye pa nan patipri—byen, sila ki te gen repitasyon yo pa t ogmante anyen anplis pou mwen. Men okontrè, yo te wè ke levanjil la te konfye a mwen menm 7pou ensikonsi yo, menm jan ke li te konfye a Pierre pou sikonsi yo. Paske Sila ki te an reyalite travay atravè Pierre kòm 8apot pou sikonsi yo, te an reyalite travay atravè mwen menm tou anvè pèp etranje yo. Konsa, ak rekonesans 9gras ke m te resevwa, Jacques, Céphas, ak Jean, ki te gen repitasyon kòm pilye lafwa yo, te ban mwen ak Barnabas lamen dwat dasosiyasyon, pou nou te kapab ale kote pèp etranje yo e yo menm kote sikonsi yo. Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo 10bagay ke mwen te vrèman vle fè.

Men lè 11Céphas te vini Antioche, mwen te opoze a li menm nan toudwat devan l, paske li te rete kondane. Paske avan moun a Jacques yo te vini, li te konn 12manje avèk pèp etranje yo. Men lè yo te vini, li te kòmanse fè bak pou rete a leka, akoz 13lakrent pati sikonsizyon an. Rès Jwif yo te vin jwenn avè l nan ipokrizi a, avèk rezilta ke menm 14Barnabas te pote ale pa ipokrizi yo a. Men lè mwen te wè ke yo pa t mache dwat selon 15verite levanjil la, mwen te di a Céphas nan prezans a tout moun: “Si ou menm, kòm yon Jwif, viv kon pèp etranje yo e pa tankou Jwif, kòman ou ka fòse pèp etranje yo viv tankou Jwif?

Nou menm ki se 16Jwif pa lanati e pa pechè ki sòti pami pèp etranje yo, sepandan, nou konnen ke 17yon nonm pa jistifye pa zèv Lalwa, men atravè lafwa an Kris Jésus a, nou menm kwè nan Kris Jésus a, pou nou kapab jistifye pa lafwa an Kris, e non pa zèv Lalwa, paske pa zèv Lalwa yo, okenn chè p ap jistifye. Men si, pandan n ap chache jistifye nan Kris, nou menm osi jwenn nou kòm 18pechè, èske konsa Kris se yon sèvitè a peche? Ke sa pa janm fèt! Paske si mwen rebati sa ke, yon fwa, mwen te detwi a, mwen 19pwouve a tèt mwen ke mwen se yon transgresè. Paske selon Lalwa a 20mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye. Mwen te 21krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen. Mwen pa anile lagras Bondye, paske 22si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.”

Source notes (22)
  1. Cross-reference Trav 15:2
  2. Cross-reference I Kor 9:24
  3. Cross-reference II Kor 2:13
  4. Cross-reference Trav 15:1,24
  5. Cross-reference Gal 1:6
  6. Cross-reference Trav 10:34
  7. Cross-reference Trav 9:15
  8. Cross-reference Trav 1:25
  9. Cross-reference Wo 12:3
  10. Cross-reference Trav 24:17
  11. Cross-reference Gal 1:18
  12. Cross-reference Trav 11:3
  13. Cross-reference Trav 11:2
  14. Cross-reference Trav 4:36
  15. Cross-reference Gal 2:5
  16. Cross-reference Fil 3:4
  17. Cross-reference Trav 13:39
  18. Cross-reference Gal 2:15
  19. Cross-reference Wo 3:5
  20. Cross-reference Wo 6:2
  21. Cross-reference Wo 6:6
  22. Cross-reference Gal 3:21

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.