Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ézéchiel 37

Men SENYÈ a te sou mwen, Li te 1mennen mwen sòti pa Lespri SENYÈ a, e te depoze m nan mitan vale a. Konsa, vale a te plen ak zo. Li te fè m pase toutotou nan yo, e gade byen, te gen anpil sou sifas vale a. Epi gade byen, yo te byen sèch. Li te di mwen: “Fis a lòm, 2èske zo sila yo kapab viv?”

Konsa, mwen te reponn: “O Senyè BONDYE! Ou menm ki konnen.”

Ankò li te di mwen: 3 “Pwofetize sou zo sila yo pou di yo: ‘O zo sèch yo, tande pawòl SENYÈ a. Konsa pale Senyè BONDYE a a zo sila yo: “Gade byen, Mwen va fè 4souf lavi antre nan nou pou nou kapab vin vivan. Mwen va mete venn sou nou, kite chè vin grandi sou nou ankò, e mete souf nan nou pou nou ka vin vivan. Epi nou va 5konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’” Konsa, mwen te pwofetize 6jan mwen te kòmande a. Epi pandan mwen t ap pwofetize a, te gen yon bri e, gade byen, yon son tankou yon bagay k ap souke. Konsa, zo yo te vin rive ansanm, zo ak zo parèy yo. Mwen te gade e vwala, venn te vin sou yo, chè te vin grandi, e po yo te vin kouvri. Men pa t gen souf nan yo.

Epi li te di mwen: “Pwofetize a souf lavi a! Pwofetize, fis a lòm, e di a souf lavi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYÈ a: “Vin sòti nan kat van yo, O souf lavi, e 7soufle sou sila ke yo te touye yo, pou yo ka vin vivan.”’”

Konsa, mwen te pwofetize jan Li te kòmande mwen an. 8Souf lavi a te antre nan yo. Yo te vin vivan e te kanpe sou pye yo, yon lame gran depase.

Konsa li te di mwen: “Fis a lòm, zo sila yo se 9tout lakay Israël. Gade byen, yo di: ‘Zo nou yo vin sèch e espwa nou fin peri. Nou fin koupe retire nèt.’ Pou sa, pwofetize e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va ouvri tonm nou yo pou 10fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an; epi Mwen va mennen nou antre nan peyi Israël. Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin ouvri tonm nou yo e fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an. Mwen va 11mete Lespri M anndan nou, nou va vin vivan e Mwen va mete nou sou pwòp tèren pa nou. Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te fin pale, e te fè sa,” deklare SENYÈ a.’”

Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen ankò. Li te di: “Ou menm, fis a lòm, pran pou kont ou yon mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou 12Juda e pou fis a Israël parèy li yo’. Epi pran yon lòt mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou Joseph, bwa Éphraïm nan, ak tout lakay Israël parèy li yo.’ Konsa, pou kont ou, fè yo 13vin jwenn youn ak lòt pou vin fè yon sèl bwa, pou yo ka vin youn nan men ou.”

“Lè fis a pèp ou yo mande ou e di: ‘Èske ou p ap deklare a nou menm 14sa ou vle di ak sa yo?’ Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran bwa Joseph la, ki nan men Éphraïm nan, ak tribi Israël parèy li yo, epi Mwen va mete yo avèk li, avèk bwa a Juda a. Konsa, yo va fè yon sèl bwa. Yo va vin youn nan men M. Bwa sou sila ou ekri yo, va nan men ou devan zye yo.”’ Pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va 15pran fis Israël yo soti nan nasyon kote yo te ale yo. Epi Mwen va rasanble yo soti tout kote pou mennen yo antre nan pwòp peyi pa yo. Konsa, Mwen va fè yo vin 16yon nasyon nan peyi a, sou mòn Israël yo, epi yon wa va wa pou yo tout. Konsa, yo p ap fè de nasyon ankò e yo p ap divize an de wayòm ankò. Yo p ap souye tèt yo ak zidòl yo ankò, ni ak bagay abominab yo, ni ak okenn nan transgresyon yo. Konsa, 17Mwen va delivre yo de tout abitasyon kote yo te fè peche yo e Mwen va netwaye yo. Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.”

“‘“Sèvitè Mwen an, 18David va wa sou yo e yo tout va gen yon sèl bèje. Yo va mache nan règleman Mwen yo, e yo va kenbe lalwa M yo, e yo va swiv yo. Yo va viv sou tè ke M te bay a Jacob la, sèvitè Mwen an, nan sila papa zansèt nou yo te rete a. Yo va viv sou li, yo menm, fis yo ak fis a fis yo, jis pou tout tan, epi 19David, sèvitè Mwen an, va prens yo jis pou tout tan. Mwen va fè yon akò lapè avèk yo. Li va yon 20akò k ap dire pou tout tan avèk yo. Mwen va etabli yo, fè yo vin miltipliye e Mwen va mete sanktyè Mwen nan mitan yo jis pou tout tan. Anplis, 21abitasyon Mwen an va avèk yo, epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen. Konsa, nasyon yo va konnen ke 22Mwen se SENYÈ ki sanktifye Israël la, lè sanktyè Mwen an nan mitan yo jis pou tout tan.”’”

Source notes (22)
  1. Cross-reference Éz 8:3
  2. Cross-reference Éz 26:19
  3. Cross-reference Éz 37:9-12
  4. Cross-reference Jen 2:7
  5. Cross-reference És 49:23
  6. Cross-reference Jr 13:5-7
  7. Cross-reference Sòm 104:30
  8. Cross-reference Rev 11:11
  9. Cross-reference Jr 33:24
  10. Cross-reference Det 32:39
  11. Cross-reference És 32:15
  12. Cross-reference II Kwo 10:17
  13. Cross-reference És 11:13
  14. Cross-reference Éz 12:9
  15. Cross-reference És 43:5-6
  16. Cross-reference Jr 3:18
  17. Cross-reference Éz 36:28-29
  18. Cross-reference Jr 30:9
  19. Cross-reference És 11:1
  20. Cross-reference Sòm 89:3-4
  21. Cross-reference Jn 1:14
  22. Cross-reference Egz 31:13

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.