Bib Sen An
Ézéchiel 38
Epi pawòl Bondye te vin kote mwen. Li te di: “Fis a lòm, mete figi ou vè 1Gog nan peyi Magog, prens a Rosch la, Méschec, ak Tubal e pwofetize kont li. Di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog, prens a Rosch la, Méschec ak Tubal. Mwen va fè ou detounen. Mwen va mete yon kwòk nan machwè ou, e Mwen va 2rale ou deyò ak tout lame ou a; cheval ak chevalye yo, yo tout byen abiye, yon gran twoup moun, boukliye ak pwotèj, tout k ap manyen nepe; 3Perse Ethiopie e Put avèk yo, yo tout ak boukliye ak kas; Gomer ak tout twoup li yo; 4Beth-Togarma soti kote ki pi lwen nan nò a avèk tout twoup li yo—anpil moun avèk ou.” 5
“‘“Prepare ou e rete prepare, ou menm ak tout twoup ki rasanble antoure ou yo. Veye byen sou yo. Apre anpil jou, ou va vizite. Nan dènye ane yo, ou va vin antre nan tèren ki vin restore soti anba nepe a. Moun ki 6rasanble va soti anpil nasyon pou rive sou mòn Israël yo. Yon kote ki te devni san vale, va soti nan men nasyon yo, e la, y ap viv ansekirite, yo tout. Ou va monte. Ou va vini 7tankou yon tanpèt. Ou va tankou yon nwaj k ap kouvri peyi a, ou menm ak tout twoup ou yo, ansanm ak anpil lòt nasyon yo.”
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: 8“Li va rive nan jou sa a, ke kèk panse va vin antre nan lespri ou e ou va anvizaje yon move plan. Konsa ou va di: ‘Mwen va monte kont peyi a ak 9vil san miray yo. Mwen va ale kont sila ki an repo yo, ki viv ansekirite yo, yo tout k ap viv san miray yo, san fè fòje ni pòtay yo, pou 10kaptire e sezi piyaj la, pou vire men ou kont kote dezè ki, koulye a, gen moun yo, e kont pèp ki vin rasanble soti nan nasyon yo, ki te vin genyen byen ak bèt, ki viv nan mitan mond lan.’ Séba, Dedan, komèsan 11Tarsis yo ak tout ti vil li yo va di ou: ‘Èske ou vini pou kaptire piyaj la? Èske ou te rasanble twoup ou yo pou sezi piyaj la, pou pote ale ajan ak lò, pou pote ale bèt ak anpil byen, pou sezi gwo piyaj la?’”’
“Pou sa, pwofetize, fis a lòm, e di a Gog: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke pèp Mwen an ap 12viv ansekirite a, èske ou p ap konnen sa? Ou va sòti nan plas kote ki pi lwen yo nan nò a, ou menm ak anpil pèp avèk ou, yo tout ap galope cheval, yon gwo asanble e yon lame pwisan. Epi ou va vini kont pèp Mwen an, Israël, tankou yon gran nwaj k ap kouvri tout tè a. Li va vin rive nan dènye jou ke Mwen va mennen ou vini kont peyi Mwen, pou nasyon yo ka konnen Mwen lè M fin 13sanktifye atravè ou menm, O Gog, devan zye yo.”
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske ou se moun sou sila ke M te pale nan ansyen jou yo pa sèvitè Mwen yo, pwofèt Israël yo? Sila ki te 14pwofetize nan jou sa yo pandan anpil ane pou M ta mennen ou kont yo? Li va vin rive nan jou sila a, lè Gog monte kont peyi Israël”, deklare Senyè BONDYE a: “ke gwo chalè mekontantman Mwen va monte nan 15kòlè Mwen. Nan devouman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, Mwen deklare ke nan jou sa a, va anverite gen yon gwo 16tranbleman detè nan peyi Israël. 17Pwason lanmè yo, zwazo syèl yo, bèt nan chan yo, tout bèt sila k ap kouri atè yo ak tout moun sou sifas tè a va souke devan prezans Mwen. Mòn yo tou va jete anba, ti wout apik yo va vin bouche e tout miray va tonbe atè. Mwen va rele yon nepe kont li sou tout mòn Mwen yo”, deklare Senyè BONDYE a. 18“Nepe a tout moun va kont frè yo. Ak ensèk ak maladi, e ak san, Mwen va antre an 19jijman ak li. Mwen va voye lapli sou li ak twoup li yo e sou kantite moun ki vini avèk li yo, yon gwo lapli ak gwo wòch lagrèl, ak dife, ak souf. Mwen va egzalte tèt Mwen, sanktifye tèt Mwen e 20fè tèt Mwen menm vin rekonèt nan zye a anpil nasyon. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
Source notes (20)
- Cross-reference Éz 38:3-18
- Cross-reference És 43:17
- Cross-reference II Kwo 36:20
- Cross-reference Jen 10:3
- Cross-reference És 8:9
- Cross-reference És 11:11
- Cross-reference És 5:28
- Cross-reference Sòm 36:4
- Cross-reference Za 2:4
- Cross-reference És 10:6
- Cross-reference Éz 27:12
- Cross-reference Jr 23:6
- Cross-reference És 5:16
- Cross-reference És 5:26-29
- Cross-reference Sòm 18:8-15
- Cross-reference Jl 3:16
- Cross-reference Jr 4:24-25
- Cross-reference Jij 7:22
- Cross-reference És 66:16
- Cross-reference Sòm 9:16
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.