Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ézéchiel 36

Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize a mòn Israël yo e di: “O mòn Israël yo, tande pawòl SENYÈ a. Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz lènmi an te pale kont nou, “Ah, ah!”, ak 1“Wo plas yo vin devni posesyon nou,”’ akoz sa, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè Bondye a: “Se ak bon rezon yo te fè nou 2dezole, e te kraze nou tout kote a, pou nou te vin yon posesyon a rès nasyon yo, epi nou te vin retire nan pawòl ak ti soufle nan zòrèy a pèp la.” Akoz sa, O, mòn Israël yo, tande pawòl a Senyè BONDYE a. Konsa pale Senyè BONDYE a mòn yo ak kolin yo, a ravin yo ak vale yo, a vil dezole ki te vin 3viktim ak yon rizib pou rès nasyon ki antoure l yo, akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Anverite nan dife a jalouzi Mwen, Mwen te pale kont tout 4rès nasyon yo e kont tout Édom, ki te konfiske peyi Mwen an pou yo menm tankou yon posesyon ak yon kè ki plen ak jwa e yon nanm ki plen ak mepriz, pou yo ta ka sezi chan li yo kon piyaj.”’ Akoz sa, pwofetize konsènan peyi Israël la, e di a mòn e a kolin yo, a ravin yo e a vale yo: ‘konsa pale Senyè Bondye a: “Gade byen, Mwen te pale nan jalouzi Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, akoz nou te 5andire ensilt a nasyon yo.”’ Akoz sa, pale Senyè Bondye a: “Mwen te sèmante, ‘Anverite, nasyon ki antoure nou yo va yo menm andire wont pa yo.’

“‘“Men nou menm, O mòn Israël yo, nou va 6lonje fè branch nou yo vin parèt pou pote fwi pou pèp Mwen an, Israël; paske avan anpil tan, y ap vini. Paske gade byen, Mwen pou nou, Mwen va 7vire kote nou, e nou va vin kiltive e plante. Mwen va fè moun miltipliye sou nou, 8tout lakay Israël la, tout moun ladann. Konsa, vil yo va abite e dezè yo va vin rebati. Mwen va miltipliye sou nou, ni moun, ni bèt. Yo va vin ogmante e yo va bay fwi, epi Mwen va fè nou peple tèren an jan nou te ye avan an, e Mwen va trete nou 9pi byen ke avan. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Wi, Mwen va fè 10mesye yo—pèp Mwen an, Israël— mache sou ou e posede ou, pou ou kapab vin eritaj pa yo pou yo pa janm retire pitit yo nan men yo ankò.”

“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz lòt nasyon yo di nou: ‘Ou se yon 11pèp ki manje moun e ou te fè peyi ou pèdi pitit li yo,’ Akoz sa, ou p ap manje moun ankò e ou p ap responsab pèt pitit peyi ou yo,” deklare Senyè BONDYE a. “Mwen p ap kite nou koute ensilt a nasyon yo ankò, ni nou p ap pote mepriz a nasyon yo ankò, ni ou p ap fè nasyon pa w 12vin chite ankò”, deklare Senyè BONDYE a.’”

Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: “Fis a lòm, lè lakay Israël t ap viv nan pwòp peyi yo, yo te 13souye li ak chemen pa yo ak zak yo. Chemen yo devan M pa t pwòp tankou yon fanm nan lè règ li. Akoz sa, Mwen te 14vide chalè kòlè Mwen sou yo pou san ke yo te vèse sou peyi a, akoz yo te souye li ak zidòl yo. Anplis, Mwen te 15gaye yo pami nasyon yo, e yo te vin dispèse toupatou nan peyi yo. Selon chemen yo ak zak yo, Mwen te jije yo. Lè yo te rive nan nasyon kote yo te ale yo, yo te 16pwofane non Mwen. Paske yo te di a yo menm: ‘Sila yo se pèp SENYÈ a; malgre, yo te vin sòti kite peyi Li a.’ Men Mwen te vle konsève onè a 17non sen Mwen an, ke lakay Israël te pwofane pami nasyon kote yo te ale yo.

“Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: 18“Se pa pou koz nou, O lakay Israël, ke Mwen prèt pou aji a, men pou non sen Mwen an, ke ou te pwofane pami nasyon kote nou te ale yo. Mwen va 19fè valè sentete a gwo non Mwen an ki te pwofane pami nasyon yo, ke nou te pwofane nan mitan yo. Nan lè sa a nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,” deklare Senyè BONDYE a: “lè M fè prèv sentete Mwen pami nou devan zye yo.

“‘“Paske Mwen va 20retire nou soti nan nasyon yo, rasanble nou soti nan tout peyi yo pou mennen nou antre nan pwòp peyi pa nou an. Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de 21tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo. Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire 22kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè. Mwen va 23mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo. Nou va rete nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo. Konsa, nou va 24pèp Mwen, e Mwen va Bondye pa nou. Anplis, Mwen va sove nou de tout sa ki pa pwòp nan nou. Epi Mwen va rele pou sereyal miltipliye li e mwen 25p ap mennen gwo grangou rive sou nou. Mwen va 26miltipliye fwi sou pyebwa ak pwodwi chan an, pou nou pa resevwa mepriz a gwo grangou pami nasyon yo ankò.”

“‘“Nan lè sa a, nou va 27sonje chemen mechan nou yo, zak nou ki pa t bon yo, e nou va rayi tèt nou nan pwòp zye nou, akoz inikite ak abominasyon nou yo. Se pa 28pou koz nou ke m ap fè sa,” deklare Senyè BONDYE a: “Ke nou byen konprann sa a. Rete wont e twouble akoz chemen nou yo, O lakay Israël!”

“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke M netwaye nou soti nan tout inikite nou yo, 29Mwen va fè vil la vin peple ak moun e kote dezole yo vin rebati. Tèren dezole a va kiltive olye de vin yon dezolasyon devan zye a tout moun ki pase yo. Yo va di: ‘Tè dezole sa a te vin tankou 30jaden Éden. Epi dezè a, vil ranblè yo vin ranfòse e vin gen moun.’ Nan lè sa a, nasyon ki rete antoure nou yo va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te rebati pil mazi yo, e te plante sa ki te vin dezè a. Mwen menm, SENYÈ a, fin pale e Mwen 31va fè sa.”

“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Konsa anplis, men sa lakay Israël va mande M fè pou yo: Mwen va fè pèp pa yo a vin anpil tankou bann mouton. Tankou bann mouton ki pou fè sakrifis, tankou bann mouton Jérusalem nan lè fèt li yo, konsa vil dezole yo va vin plen ak yon 32bann moun. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”

Source notes (32)
  1. Cross-reference Det 32:13
  2. Cross-reference Jr 2:15
  3. Cross-reference Éz 34:8-28
  4. Cross-reference Jr 25:9
  5. Cross-reference Sòm 74:10
  6. Cross-reference És 4:2
  7. Cross-reference Lev 26:9
  8. Cross-reference És 27:6
  9. Cross-reference Job 42:12
  10. Cross-reference Éz 34:13-14
  11. Cross-reference Nonb 13:22
  12. Cross-reference És 63:13
  13. Cross-reference Jr 2:7
  14. Cross-reference II Kwo 34:21-25
  15. Cross-reference Det 28:64
  16. Cross-reference És 52:5
  17. Cross-reference Sòm 74:18
  18. Cross-reference Det 7:7-8
  19. Cross-reference És 5:16
  20. Cross-reference És 43:5-6
  21. Cross-reference És 4:4
  22. Cross-reference Éz 11:19
  23. Cross-reference És 44:3
  24. Cross-reference Éz 14:11
  25. Cross-reference Éz 34:27-29
  26. Cross-reference Lev 26:4
  27. Cross-reference Éz 16:61-63
  28. Cross-reference Det 9:5
  29. Cross-reference Éz 36:10
  30. Cross-reference És 51:3
  31. Cross-reference Éz 17:24
  32. Cross-reference Sòm 74:1

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.