Bib Sen An
Ézéchiel 35
Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote Mwen. Li te di: “Fis a lòm, mete figi ou kont 1Mòn Séir e pwofetize kont li. Di li:
‘Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Gade byen, Mwen kont ou, Mòn Séir,
Mwen va lonje men M kont ou
pou fè ou vin yon 2dezolasyon ak yon dezè.
Mwen va fè 3devaste vil ou yo
e ou va vin Yon dezolasyon.
Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
“‘“Paske ou te gen 4rayisman san rete, e ou te livre fis Israël yo anba pouvwa nepe a nan lè malè yo, nan lè gwo pinisyon lafen an. Akoz sa, jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Mwen va livre ou a 5san vèse, san vèse va swiv ou. Akoz ou pa t rayi san vèse, pou sa, san vèse va swiv ou. Mwen va fè Mòn Séir vin yon dezè ak yon kote dezole. Mwen va dekoupe retire nèt sou li sila k ap pase antre retou ladan l. Mwen va 6plen mòn li yo ak kadav li yo. Sou kolin ou yo, nan vale ou yo ak nan tout ravin ou yo, sila ki mouri pa nepe yo va tonbe. Mwen va fè ou vin yon 7dezolasyon jis pou tout tan e vil ou yo p ap gen moun menm. Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
“‘“Akoz ou te 8di: ‘ De(2) Nasyon sila yo ak de(2) peyi sa yo va pou mwen e nou va posede yo,’ sepandan, SENYÈ a te la, Jan Mwen viv la”, deklare Senyè Bondye a: “Mwen va regle ou 9selon kòlè ou ak selon jalouzi ke ou te montre, akoz rayisman ou kont yo. Konsa, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt pami yo lè M jije ou. Nan lè sa a, ou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te tande tout vye mo ou yo; sa ke ou te pale kont mòn Israël yo lè ou te di: ‘Yo fin dezole nèt. Yo fin 10livre nan men nou pou manje nèt.’ Konsa, ou te 11pale ak awogans kont Mwen e ou te miltipliye pawòl ou yo kont Mwen. Mwen te tande sa.” Konsa pale Senyè BONDYE a: 12“Pandan tout tè a ap rejwi, Mwen va fè ou vin yon dezolasyon. Jan ou te rejwi sou eritaj lakay Israël akoz li te dezole a, se 13konsa Mwen va fè ou menm. Ou va vin yon dezolasyon, O Mòn Séir! Ak tout Édom, yo tout ladann. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
Source notes (13)
- Cross-reference Jen 36:8
- Cross-reference Jr 49:13-18
- Cross-reference Éz 6:6
- Cross-reference Sòm 137:7
- Cross-reference És 63:2-6
- Cross-reference És 34:5-6
- Cross-reference Jr 49:13
- Cross-reference Sòm 83:4-12
- Cross-reference Sòm 137:7
- Cross-reference Jr 50:7
- Cross-reference És 10:13-14
- Cross-reference És 44:23
- Cross-reference Ab 15
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.