Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ézéchiel 28

Pawòl SENYÈ a te vin kote M ankò e te di: “Fis a lòm, pale ak chèf Tyr la: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a,

“Akoz kè ou vin leve,

e ou te di: ‘Mwen se yon dye,

Mwen chita sou chèz Bondye,

nan kè lanmè yo’;

malgre, ou se yon 1nonm

e ou pa yon dye;

sepandan, ou ta fè kè ou tankou kè Bondye—

gade byen, ou pi saj ke 2Daniel.

Nanpwen sekrè ki twò difisil pou ou.

Ak sajès ou ak bon konprann ou,

ou te vin genyen richès pou tèt ou,

e ou te vin gen lò ak ajan pou kès trezò ou yo.

Ak gwo sajès ou, ak komès ou, ou te vin ogmante richès ou

e 3kè ou vin leve akoz richès ou yo—”

“‘Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a:

“Akoz ou te 4fè kè ou tankou kè Bondye,

akoz sa, gade byen,

Mwen va mennen 5etranje yo sou ou,

sila ki pi sovaj pami nasyon yo.

Konsa, yo va rale nepe yo kont bèlte a sajès ou,

e yo va souye gwo bèlte ou a.

Yo va mennen ou desann nan twou fòs la,

e ou va mouri 6lanmò a sila ki touye

nan kè lanmè yo.

Èske ou va di: ‘Mwen se yon dye’,

nan prezans a sila ki te touye ou a?

Donk, ou se yon nonm e ou pa Bondye,

nan men a sila ki blese ou yo.

Ou va mouri lanmò a 7ensikonsi yo, nan men etranje yo,

paske Mwen te pale,” deklare Senyè BONDYE a!’”

Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Fis a lòm, reprann lamantasyon sou wa Tyr la e di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a:

“Ou te genyen so pèfeksyon an,

plen sajès e pafè an bèlte.

Ou te nan 8Éden, jaden Bondye a.

Tout pyè presye yo te sèvi pou kouvri ou:

Ribi, topaz, dyaman; krizolit, oniks, ak jasp,

Safi, malachi, emwòd,

epi lò. Baz kalite travay

pou tout prezantasyon te nan ou.

Nan jou ou te kreye a, yo te prepare.

Ou te cheriben onksyone ki kouvri a

e Mwen te plase ou la.

Ou te sou mòn sen Bondye a.

Ou te mache nan mitan a pyè dife yo.

Ou te 9san fot nan tout chemen

ou yo depi jou ou te kreye a,

jis rive nan lè inikite te vin twouve nan ou a.

Akoz 10gwo fòs kantite komès ou a,

ou te vin ranpli anndan ou ak vyolans

e ou te peche.

Akoz sa, Mwen te jete ou kon pwofane

sòti nan mòn Bondye a.

Mwen te detwi ou, O cheriben ki kouvri a,

soti nan mitan wòch dife a.

Kè ou te vin leve wo akoz 11bèlte ou.

Ou te fè sajès ou vin konwonpi

akoz gwo bèlte ou a.

Mwen te jete ou atè.

Mwen te mete ou devan wa yo

pou yo wè ou.

Akoz gwo fòs kantite inikite ou yo,

nan enjistis de komès ou a,

ou te pwofane sanktyè ou yo.

Akoz sa, Mwen te mennen 12dife soti nan mitan ou.

Li fin manje ou nèt.

Mwen te fè ou vin tounen sann sou tè a

devan zye a tout moun ki wè ou yo.

Tout moun ki rekonèt ou pami pèp yo

vin etone jiskaske yo vin sezi de ou.

Ou te vin yon gwo etonman laperèz,

e ou va sispann egziste jis 13pou tout tan.”’”

Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Fis a lòm, mete figi ou vè 14Sidon. Pwofetize kont li, epi di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a:

“Gade byen, Mwen kont ou, O Sidon,

e Mwen va vin glorifye nan mitan ou.

Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,

lè Mwen 15egzekite jijman ladan l,

e nan li, Mwen vin sen.

Paske Mwen va voye epidemi ak bèt pou ravaje chan l.

San ap koule nan ri li yo. 16

Sila ki blese yo va tonbe nan mitan li,

e nepe va antoure l tout kote.

Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

“‘“P ap gen pou lakay Israël ankò 17rakbwa pikan ni yon grenn pikan plen doulè k ap sòti nan sila ki te moke yo. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”

“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Lè M 18rasanble lakay Israël soti nan pèp kote yo gaye yo, e fè sentete Mwen vin parèt nan yo devan zye a tout nasyon yo, nan lè sa a, yo va viv nan peyi ke M te bay a sèvitè Mwen an, Jacob. Yo va viv an sekirite ladann. Wi, yo va 19bati kay, plante chan rezen e viv ansekirite lè Mwen egzekite jijman sou tout sila ki moke de yo. Epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a.”’”

Source notes (19)
  1. Cross-reference Sòm 9:20
  2. Cross-reference Dan 1:20
  3. Cross-reference Job 31:24-25
  4. Cross-reference Egz 9:17
  5. Cross-reference Éz 26:7
  6. Cross-reference Éz 27:26-34
  7. Cross-reference I Sam 17:26-36
  8. Cross-reference Jen 2:8
  9. Cross-reference Éz 27:3-4
  10. Cross-reference Éz 27:12
  11. Cross-reference Éz 27:3-4
  12. Cross-reference Am 1:9-10
  13. Cross-reference Jr 51:64
  14. Cross-reference Jen 10:15-19
  15. Cross-reference Éz 28:26
  16. Cross-reference Jr 51:52
  17. Cross-reference Nonb 33:55
  18. Cross-reference Sòm 106:47
  19. Cross-reference Jr 32:15-44

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.