Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ézéchiel 29

Nan 1dizyèm ane, nan dizyèm mwa, nan douz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: Fis a lòm, mete figi ou kont Farawon, wa Égypte la, e pwofetize kont li ak tout Égypte. Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a,

“Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, 2

gwo mons lan ki kouche nan mitan

rivyè li yo, k ap di:

‘Rivyè Nil lan se pou mwen

e se mwen menm ki te fè li.’ 3

Mwen va mete gwo kwòk nan machwè ou e

fè pwason larivyè ou yo vin kole sou kal ou yo.

Konsa, Mwen va rale fè ou sòti nan mitan rivyè ou yo,

ansanm ak tout pwason larivyè ou yo k ap kole sou kal ou yo.

Mwen va 4jete ou lwen nan dezè a,

ou menm ak tout pwason rivyè ou yo.

Ou va tonbe nan chan ouvri.

Ou p ap rasanble ni reyini ankò.

Mwen te bay ou kon manje bèt latè

ak zwazo syèl yo.

“‘“Konsa, tout moun ki rete an Égypte va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Paske yo te sèlman yon 5gòl fèt ak wozo pou lakay Israël. Lè yo te kenbe ou nan men yo, ou te kraze e chire tout men ak zepòl yo, Epi lè yo te apiye sou ou, ou te kraze kwis yo.”

“‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va 6mennen sou ou nepe a, e Mwen va koupe retire nèt de ou ni moun, ni bèt. Peyi Égypte va devni yon dezolasyon ak yon savann dezole. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

“‘“Paske ou te di: ‘Larivyè Nil lan se pou mwen e mwen te fè l.’ Pou sa, gade byen, Mwen 7kont ou, e Mwen kont rivyè ou yo. Mwen va fè peyi Égypte vin yon savann dezole ak yon dezolasyon, soti Migdol jis rive Syène, menm pou rive nan lizyè Éthiopie. Pye a moun 8p ap pase ladann, pye a bèt p ap pase ladann, e l ap rete san moun pandan karantan. Konsa, Mwen va fè peyi Égypte vin yon dezolasyon nan mitan peyi ki dezole yo. Vil li yo, nan mitan a vil ki fin devaste nèt yo, yo va dezole pandan karantan. Mwen va 9gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e lage yo toupatou pami peyi yo.”

“‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan fen karantan an, Mwen va 10rasanble Ejipsyen yo soti nan pèp kote yo te gaye yo. Mwen va ranvèse fòtin li yo, e fè yo retounen nan peyi 11Pathros, nan peyi orijin yo. La, yo va rete yon wayòm ki fèb. Li va pi fèb pami wayòm yo e li p ap janm leve tèt li ankò kon chèf lòt nasyon yo. Mwen va fè yo tèlman vin piti ke yo p ap 12renye sou lòt nasyon yo. Konsa, li p ap janm sèvi ankò kon konfyans pou lakay Israël la, pou l pa kontinye13pote nan tèt yo, inikite lè yo te vire kote Égypte la. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”’”

Alò, 14nan venn-setyèm ane, nan premye mwa, nan premye jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Fis a lòm, 15Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè lame li a travay di kont Tyr; tout tèt te vin chòv e tout epòl te fwote vin fè maleng. Men li menm ak lame li pa t reyisi salè soti nan Tyre pou travay li te fè kont li an. Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va bay peyi Égypte a Nebucadnetsar, wa Babylone nan. Epi li va pote fè ale tout 16pèp li yo, kaptire donmaj li yo, e sezi li kon piyaj. Sa a va sèvi kon salè pou lame li a. Mwen te bay li peyi Égypte pou travay ke li te 17fè a, paske yo te aji pou Mwen,’ deklare Senyè BONDYE a.

“Nan jou sa a, 18Mwen va fè yon kòn vin pouse pou lakay Israël, e Mwen va ouvri bouch ou nan mitan yo. Epi konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

Source notes (18)
  1. Cross-reference Éz 6:1
  2. Cross-reference És 27:1
  3. Cross-reference II Wa 19:28
  4. Cross-reference Éz 32:4-6
  5. Cross-reference II Wa 18:21
  6. Cross-reference Jr 46:13
  7. Cross-reference Éz 13:8
  8. Cross-reference Jr 43:11-12
  9. Cross-reference Jr 46:19
  10. Cross-reference És 19:22
  11. Cross-reference És 11:11
  12. Cross-reference Éz 31:2
  13. Cross-reference És 64:9
  14. Cross-reference Éz 24:1
  15. Cross-reference Jr 25:9
  16. Cross-reference Jr 43:10-13
  17. Cross-reference És 10:6-7
  18. Cross-reference I Sam 2:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.