Bib Sen An
Ézéchiel 27
Anplis, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Ou menm, fis a lòm, 1leve yon lamantasyon sou Tyr. Di a Tyr, ‘Ou ki rete nan antre lanmè a, komèsan a pèp anpil peyi bò kot lanmè yo, Konsa pale Senyè BONDYE a:
“O Tyr, ou te di ‘Mwen pafè nan bèlte.’
Lizyè ou nan kè lanmè yo.
Sila ki te bati ou yo te fè bèlte ou pafè.
Yo te fè tout planch ou yo ak pye siprè Senir yo.
Yo te chache pye sèd Liban yo pou fè ma pou ou.
Ak chèn a Basan, yo te fè zaviwon ou yo.
Ak ban ivwa, yo te koupe fè tras sou bwa siprè
ki te fèt ak pye sèd ki te mennen sòti jis rive Kittim.
Vwal ou te fèt ak len fen ki te sòti an Égypte,
ki te sèvi kon mak drapo ou.
Anba pwotèj solay byen kolore an 2ble e mov,
ki te sòti nan peyi kòt Élischa yo,
mesye Sidon yo ak Arvad t ap bourade zaviwon ou yo.
Mesye 3saj ou yo, O Tyr, te nan ou.
Se yo ki te pilòt yo.
Ansyen a 4Guebal yo ak mesye saj li yo te avèk nou,
pou repare kote ki ouvri yo.
Tout bato lanmè yo ak mèt bato yo te la pou
okipe machandiz ou yo. 5
“‘“Perse, Lud, ak Puth te nan lame ou,
mesye lagè ou yo.
Yo te pann boukliye ak kas nan ou.
Yo te fè grandè ou parèt byen bèl.
Fis a Avad yo ak lame ou a
te sou miray ou yo,
e gèrye yo te pann boukliye yo
sou miray ou yo toupatou.
Yo te vin pèfeksyone bèlte ou a.
“‘“Tarsis te kliyan ou, akoz abondans tout kalite richès ou yo. Avèk ajan, fè, fè blan, ak plon, yo te achte machandiz ou yo.
“‘“Javan, Tubal, ak Méschec te fè komès ak ou. Ak 6lavi a moun ak veso plen bwonz, yo te achte machandiz ou yo.”
“‘“Sila nan 7Beth-Togarma yo te bay cheval ak cheval lagè ak milèt pou byen ou yo.”
“‘“Fis a 8Dedan yo te fè trafik avèk ou. Anpil peyi kot lanmè yo te vin fè mache ou. Kòn ivwa ak ebèn te pote pou fè twòk. 9
“‘“Syrie te fè trafik avèk ou akoz abondans byen ou yo. Yo te peye pou bagay ou yo ak pyè presye, tenti mov, zèv bwodri, len fen, koray ak pyè woubi.”
“‘“Juda ak peyi Israël te fè komès ak ou. Ak ble ki sòti 10Minnith, gato, siwo myèl, lwil ak bom, yo te peye pou machandiz ou.” 11
“‘“Damas te kliyan ou akoz gwo kantite byen ou yo, akoz gwo kantite a tout kalite richès ou yo, akoz diven Helbon an ak len blan an.”
“‘“Vendan ak Javan te peye pou bagay ki sòti Uzal yo. Fè fòje, kasya, ak kann dous te pami machandiz ou yo.” 12
“‘“Dedan te fè komès ak ou nan sèl pou monte cheval.”
“‘“Arabie ak tout prens a Kédar yo, te kliyan ou pou jenn mouton, belye ak kabrit yo. Nan tout sa yo, yo te kliyan ou.”
“‘“Vandè a 13Séba ak Raema yo te fè trafik ak ou. Yo te peye pou byen ou yo ak pi bon nan tout kalite epis, e ak tout bijou presye ak lò.”
“‘“Charan, Canné, ak 14Éden, machann a Séba, Assyrie, ak Kilmad yo te fè komès ak ou.” Yo te fè komès ak ou nan bèl abiman, nan vètman an ble ak bwodri fen, nan tapi a tout koulè, ak kòd trese byen sere, ki te pami machandiz ou yo. 15
“‘“Bato a Tarsis yo te transpòte machandiz ou yo.
Epi ou te vin ranpli,
te tèlman vin bèl nan kè lanmè yo.
Mèt zaviwon yo te mennen ou nan 16gwo dlo.
Van lès la te vin kraze ou nan kè lanmè yo.
Richès ou yo, byen ou yo, machandiz ou yo,
maren ak pilòt ou yo,
Gwo bòs pou ranje bato yo,
vandè ki fè komès machandiz,
Ak tout mesye lagè ki nan ou yo,
ak tout twoup ki pami ou a,
va tonbe antre nan kè lanmè yo nan jou
boulvèsman ou an.
Nan son kri a pilòt ou yo,
tè patiraj yo va 17souke.
Tout moun ki konn manyen zaviwon, 18
mesye maren ak tout pilòt lanmè yo
va desann kite bato yo.
Yo va kanpe atè,
epi yo va fè vwa yo vin tande sou ou,
e yo va kriye anmè.
Yo va 19jete pousyè sou tèt yo.
Yo va vire tounen nan mitan sann yo.
Anplis, yo va fè tèt yo vin chòv pou ou,
e mare senti yo ak twal sak.
Yo va kriye pou ou nan amètim nanm yo,
ak yon plenyen byen anmè.
Anplis, nan gwo kri yo fè, yo va fè leve yon 20
lamantasyon pou ou, e menm kriye pou ou:
‘Se kilès ki tankou Tyr, tankou sila ki
rete an silans nan mitan lanmè a?’
Lè tout byen ou yo te sòti toupatou sou lanmè yo,
ou te fè kè anpil pèp kontan.
Ak 21fòs kantite richès ak machandiz ou yo,
ou te fè wa latè yo vin rich.
Alò, nan moman an, lè ou vin kraze nèt pa lanmè yo,
nan fon dlo yo, 22
machandiz ou ak tout twoup ou yo
te tonbe pami ou.
Tout 23sila ki rete nan peyi kot lanmè yo
te vin efreye de ou,
e wa yo vin plen ak gwo laperèz.
Vizaj yo vin twouble.
Komèsan pami pèp yo vin sifle anlè kon koulèv sou ou.
Lafen ou te vrèman etonan,
e ou 24p ap la ankò, jis pou tout tan.”’”
Source notes (24)
- Cross-reference Jr 9:10
- Cross-reference Egz 25:4
- Cross-reference I Wa 9:27
- Cross-reference Jos 13:5
- Cross-reference Éz 30:5
- Cross-reference Jl 3:3
- Cross-reference Jen 10:3
- Cross-reference Jr 25:23
- Cross-reference Jij 10:6
- Cross-reference Jij 11:33
- Cross-reference Jen 14:15
- Cross-reference Jen 25:3
- Cross-reference Jen 10:7
- Cross-reference II Wa 19:12
- Cross-reference És 2:16
- Cross-reference Éz 26:19
- Cross-reference Éz 26:10-18
- Cross-reference Rev 18:17-19
- Cross-reference I Sam 4:12
- Cross-reference Éz 26:17
- Cross-reference Éz 27:12-18
- Cross-reference Za 9:3-4
- Cross-reference És 23:6
- Cross-reference Sòm 37:10-36
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.