Bib Sen An
Ézéchiel 26
Alò, nan onzyèm ane, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Fis a lòm, akoz Tyr te di konsènan Jérusalem: ‘Ha ha! Gade byen, 1pòtay a pèp yo fin kraze; koulye a l ap remèt nan men m. Mwen va vin ranpli koulye a akoz li devaste nèt;’ akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen vin kont ou, O Tyr, e Mwen va mennen fè monte 2anpil nasyon kont ou, tankou lanmè mennen lanm li. Yo va 3detwi miray a Tyr e demoli tou wo li yo. Anplis, Mwen va grate retire ranblè li yo, e fè l vin yon wòch vid. Li va vin yon kote pou ouvri filè nan mitan lanmè a, paske Mwen te pale,’ deklare Senyè BONDYE a. ‘Konsa, li va vin 4piyaj pou nasyon yo. Anplis, fi li yo ki lòtbò pi gwo tèren an va vin touye pa nepe e yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’
“Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va mennen sou Tyr soti nan nò Nebucadnetsar, wa Babylone nan, 5wadèwa a, ak cheval, cha, kavalye ak yon gwo lame. Li va touye fi ou yo sou gwo chan an ak nepe. Li va fè miray syèj kont ou, fè monte yon 6ran kont ou e fè monte yon gwo boukliye kont ou. Ak gwo mòso bwa fèt pou kraze a, ke l ap dirije kont miray ou yo, e ak rach li yo li va demoli tou wo ou yo. Akoz gwo fòs kantite cheval li yo, pousyè leve la yo va kouvri ou. Miray ou yo va 7souke ak bri kavalye, ak charyo ak cha yo lè l ap antre nan pòtay ou yo tankou lè moun ap antre nan yon vil lè yo fin fè brèch ladann. Ak zago 8cheval li yo, li va foule tout lari ou yo nèt. Li va touye moun ou yo ak nepe. Gwo pilye lafòs ou yo va tonbe atè. Anplis, yo va fè piyaj a tout richès ak machandiz ou yo. 9 Yo va kraze mi ou yo, detwi bèl kay ou yo, e jete wòch ak, poto bwa yo ak tout ranblè ou yo nan dlo. Konsa, Mwen va fè son a chante ou yo vin sispann, e son 10ap ou yo p ap tande ankò. Mwen va fè ou yon wòch vid. Ou va sèvi kon yon kote pou ouvri filè. Ou p ap 11bati ankò, paske Mwen, SENYÈ a te pale’, deklare Senyè BONDYE a.
“Konsa pale Senyè BONDYE a a Tyr: ‘Èske 12peyi kot lanmè yo pa ta souke menm nan son chit ou a lè sila ki blese yo plenn nan gòj yo, lè masak fèt nan mitan nou? Nan lè sa a, tout prens lanmè yo va 13desann soti nan twòn yo retire wòb yo, e menm retire bèl vètman bwodri yo. Yo va abiye tèt yo ak men yo k ap tranble; yo va chita atè, ap tranble tout tan e vin efreye akoz de ou. Yo va leve yon 14lamantasyon sou ou e di ou:
“Gade kijan ou vin peri, O sila ki te plen moun nan,
Soti sou lanmè yo, O gwo vil byen renome
ki te pwisan sou lanmè,
li menm ak tout moun ki te rete ladann yo,
ki te enpoze gwo laperèz li sou tout abitan li yo!”
Koulye a, 15peyi bò lanmè yo va tranble nan jou chit ou a.
Wi, peyi kot ki bò lanmè yo
va vin etone jiskaske yo tranble akoz ou vin disparèt.’
“Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Lè Mwen fè ou vin yon vil dezole, kon vil ki pa gen moun yo, lè Mwen 16mennen pwofondè a sou ou pou gwo dlo vin kouvri ou, konsa, Mwen va fè ou desann ak sila ki 17desann nan twou fòs la, al jwenn pèp ansyen yo. Mwen va fè ou rete nan pati ki piba sou tè a, tankou ansyen kote dezole yo, ak sila ki desann nan twou fòs la, pou ou pa menm gen moun ki abite nan ou. Men Mwen va mete laglwa nan peyi a vivan yo. Mwen va mennen 18gwo laperèz sou ou e ou p ap egziste ankò. Malgre y ap chache ou, yo p ap janm jwenn ou ankò’, deklare Senyè BONDYE a.”
Source notes (18)
- Cross-reference És 62:10
- Cross-reference Mi 4:11
- Cross-reference És 23:11
- Cross-reference Éz 25:7
- Cross-reference Éz 7:12
- Cross-reference Jr 32:24
- Cross-reference Éz 26:15
- Cross-reference És 5:28
- Cross-reference Jr 52:14
- Cross-reference És 5:12
- Cross-reference Det 13:16
- Cross-reference Éz 26:18
- Cross-reference Jon 3:6
- Cross-reference Éz 19:1-14
- Cross-reference És 41:5
- Cross-reference És 8:7-8
- Cross-reference És 14:9
- Cross-reference Éz 26:15-16
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.