Bib Sen An
Ézéchiel 25
Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: Fis a lòm, mete figi ou vè 1fis a Ammon yo e pwofetize kont yo, Di a fis a Ammon yo: ‘Tande pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz ou te di: ‘Ha ha!’ kont sanktyè Mwen an lè li te vin pwofane a, kont peyi Israël lè l te vin dezole nèt la, e kont lakay Juda lè l te antre an egzil la, pou sa, gade byen, Mwen va bay ou menm a 2fis lès yo pou yo genyen ou nèt. Yo va mete kan yo pami ou e fè anplasman yo pami ou. Y ap manje fwi ou yo e bwè lèt ou yo. Mwen va fè 3Rabba vin yon patiraj pou chamo e fis a Ammon yo vin yon kote pou fè pak pou bann mouton. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.” Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te 4bat men nou, frape pye nou atè e te rejwi ak tout mepriz ki te nan kè nou kont peyi Israël, pou sa, gade byen, Mwen te lonje men M kont nou e Mwen va bay nou kon 5piyaj a nasyon yo. Epi Mwen va koupe retire nou nèt de pèp yo, e fè nou peri soti nan peyi yo. Mwen va detwi nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz 6Moab ak Séir di: ‘Gade byen, lakay Juda a tankou tout nasyon yo,’ pou sa, gade byen, Mwen prive vil li yo de pòsyon bò kote yo, vil ki sou fwontyè li yo, ki se glwa a tout peyi a; 7Beth-Jeschimoth Baal-Meon, ak Kirjathaïm, epi Mwen va bay li kon posesyon ansanm avèk 8fis a Ammon yo bay fis a lès yo, pou fis a Ammon pa vin sonje menm pami nasyon yo. Konsa, Mwen va egzekite jijman sou Moab, epi yo va 9konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz 10Édom te aji kont lakay Juda lè l te pran vanjans, e te vin koupab anpil nan vanje tèt yo sou yo,” akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va osi 11lonje men M kont Édom e koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li. Mwen va fè dega ladann nèt. Soti nan Théman, jis rive nan Dedan, yo va tonbe pa nepe. 12Mwen va poze vanjans Mwen sou Édom pa men a pèp Mwen an, Israël. Pou sa, yo va aji nan Édom selon mekontantman Mwen e selon chalè kòlè Mwen. Konsa, yo va vin konnen vanjans Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a.
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Filisten yo te aji ak 13vanjans e te pran vanjans yo avèk tout mepriz a nanm pou detwi ak yon rayisman etènèl,” akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va lonje men M kont Filisten yo, menm koupe retire 14Keretyen yo nèt, e detwi retay ki bò kot lanmè a. Mwen va egzekite gwo vanjans sou yo ak repwòch ki plen ak chalè kòlè Mwen. Epi yo va 15konnen ke Mwen se SENYÈ a lè Mwen poze vanjans Mwen sou yo a.”’”
Source notes (15)
- Cross-reference Jr 49:1-6
- Cross-reference Jij 6:3-33
- Cross-reference Det 3:11
- Cross-reference Job 27:23
- Cross-reference És 33:4
- Cross-reference És 15:1
- Cross-reference Nonb 33:49
- Cross-reference Éz 25:4
- Cross-reference Sòm 9:16
- Cross-reference II Kwo 28:17
- Cross-reference Jr 49:8
- Cross-reference És 11:14
- Cross-reference És 14:29-31
- Cross-reference I Sam 30:14
- Cross-reference Sòm 9:16
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.