Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ézéchiel 24

Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen, nan nevyèm ane, nan dizyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, e te di: “Fis a lòm, ekri non a jou a, jou sa a menm. Wa Babylone nan te vin 1mete syèj sou Jérusalem nan menm jou sa a. Pale yon 2parabòl a kay rebèl la pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a:

“Mete chodyè a sou dife a.

Mete l,

e anplis, vide dlo ladann. 3

Mete mòso yo ladann,

tout bon mòso yo:

kwis ak zepòl la.

Plen li ak zo byen chwazi yo.

Pran mouton ki pi byen 4chwazi

nan bann mouton an,

e anplis, mete pil bwa anba chodyè a.

Fè l bouyi fò.

Anplis, fè bouyi zo ki ladann yo nèt.”

“‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a:

“Malè a peyi 5sanglan sila a,

a chodyè nan sila gen lawouy ladann lan!

Lawouy la ki pa sòti ladann lan!

Retire ladan mòso pa mòso,

san menm tire osò.

“‘“Paske san fanm nan vèse

se nan mitan l.

Li te mete l sou wòch vid la.

Li pa t 6vide li atè a,

pou kouvri li ak pousyè.

Pou l kapab 7koze gwo chalè

ak kòlè k ap pran vanjans,

Mwen te mete san li sou wòch vid la,

pou li kab pa kouvri.”

“‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: 8

“Malè a vil sanglan sila a!

Anplis, Mwen menm, Mwen va fè pil la gwo.

Ogmante bwa a.

Byen ranje dife a.

Bouyi chè vyann nan byen.

Mele epis ladann e kite zo yo vin brile.

Epi mete li vid sou chabon limen li an

pou li ka byen cho,

pou bwonz li an kapab

gen koulè wouj

pou tout 9salte li yo

kapab vin fann ladann,

jiskaske lawouy li a fin manje nèt.

Fi a te 10fè M fatige

ak travay di ke M fè;

malgre sa, gwo lawouy li a pa t kite li.

Kite lawouy li a rete nan dife a!

“‘“Nan salte ou a se tout zak ki lèd yo. Akoz mwen ta netwaye ou, malgre sa, ou pa pwòp; ou p ap vin pwòp de salte ou yo jiskaske Mwen 11fè chalè kòlè Mwen an sou ou poze.

“‘“Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale. Sa ap vini e Mwen va aji. Mwen p ap ralanti e Mwen p ap gen pitye ni mwen p ap gen regrè. Selon zak ou yo, Mwen va jije ou,” deklare Senyè BONDYE a.’”

Konsa, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: “Fis a lòm, gade byen, Mwen prèt pou retire sou ou 12dezi zye ou yo ak yon sèl kou; men ou p ap plenyen, ni ou p ap kriye, ni dlo p ap vini nan zye ou. Plenn nan gòj san fè bri. Pa fè dèy pou mò. Mare mòso twal long ou nan tèt ou, mete soulye nan pye ou. Pa kouvri bouch ou e 13pa manje pen fè dèy la.”

Konsa, mwen te pale ak pèp la nan maten an, e nan aswè, madanm mwen te mouri. Konsa, nan maten an, mwen te fè jan yo te kòmande mwen an.

Pèp la te mande m: “Èske ou p ap di nou kisa sa vle di ke ou ap aji konsa?”

Epi mwen te di yo: “Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: ‘Pale ak lakay Israël: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou pwofane sanktyè Mwen an, ògèy a pouvwa nou an, dezi a zye nou, e plezi a nanm nou. Epi 14fis ak fi nou yo, ke nou te kite dèyè yo; yo va tonbe pa nepe. Nou va fè jan mwen te fè a. Nou p ap kouvri bouch nou, ni nou p ap manje pen fè dèy a. Tiban nou va sou tèt nou e soulye nou nan pye nou. Nou p ap fè dèy, ni nou p ap kriye; men 15nou va plenyen nan inikite nou yo e nou va plenyen youn bay lòt. Konsa, Ézéchiel va vin yon 16sign pou nou, selon tout sa ke li menm te fè, nou va fè yo. Lè sa rive, alò nou va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.’”’”

“Pou ou menm, fis a lòm, èske sa p ap nan jou a, lè M ap retire 17fòs yo nan men yo, lajwa fyète yo, dezi a zye yo e plezi a kè yo, fis ak fi pa yo, pou nan jou sila a, sila ki 18chape a va vin kote ou ak enfòmasyon pou zòrèy ou? Nan jou sa a, 19bouch ou va vin louvri a sila ki te chape a, ou va pale, e ou p ap bèbè ankò. Konsa, ou va vin yon sign pou yo, e yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

Source notes (19)
  1. Cross-reference II Wa 25:1
  2. Cross-reference Sòm 78:2
  3. Cross-reference Mi 3:2-3
  4. Cross-reference Jr 39:6
  5. Cross-reference II Wa 24:3-4
  6. Cross-reference Lev 17:13
  7. Cross-reference És 26:21
  8. Cross-reference Éz 24:6
  9. Cross-reference Éz 22:15
  10. Cross-reference Jr 9:5
  11. Cross-reference Éz 5:13
  12. Cross-reference Kan 7:10
  13. Cross-reference Jr 16:7
  14. Cross-reference Jr 6:11
  15. Cross-reference Lev 26:39
  16. Cross-reference Éz 4:3
  17. Cross-reference Sòm 48:2
  18. Cross-reference I Sam 4:12
  19. Cross-reference Éz 3:26

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.