Bib Sen An
Ézéchiel 23
Pawòl SENYÈ a te vini kote Mwen ankò e te di: “Fis a lòm, te gen 1de fanm, fi a yon sèl manman. Yo te 2jwe pwostitiye an Égypte. Yo te jwe pwostitiye a nan jenès yo. Tete yo te peze e flè vyèj yo te touche. Non yo se te Ohola ak sè li, Oholiba. Konsa, yo te vin pou Mwen, epi yo te vin fè fis ak fi. Epi pou zafè non yo a, Samarie se Ohola e Jérusalem se Oholiba.
“Ohola te jwe pwostitiye a pandan li te pou Mwen an. Li te kouri ak anvi dèyè moun ki renmen li yo, dèyè 3Asiryen yo, vwazen li yo. Sila yo te abiye an mov, 4chèf ak ofisye yo. Yo tout te bèl jenn gason, chevalye k ap galope cheval. Li te pataje pwostitiye li ak yo; tout nan yo te dè mesye byen chwazi an Assyrie. Epi avèk yo tout, li te kouri ak anvi lachè a, ak tout zidòl yo, li te 5souye tèt li. Li pa t abandone zak pwostitisyon li yo ki te la 6depi nan tan Égypte la; paske nan jenès li, gason te kouche avèk li. Yo te manyen tete vyèj li e te vide dezi lachè sou li.
“Akoz sa, Mwen te bay li nan men a moun ki 7renmen li yo, nan men Asiryen yo. Sou sila yo, li te pote anvi lachè yo. Yo te 8dekouvri nidite li. Yo te pran fis ak fi li yo, men yo te touye li menm ak nepe. Konsa, li te vin yon pawòl avètisman pami fanm yo, e yo te egzekite jijman yo sou li.
“Alò sè li, Oholiba, te wè sa, men li menm te vin 9pi konwonpi nan anvi pa li a ke sè li a, e pwostitiye li a te pi mal pase pwostitiye sè li. Li te gen anvi pou 10Asiryen yo, chèf yo, ak ofisye yo, sila ki pre yo, sila ki abiye kon prens yo, chevalye k ap galope cheval yo, yo tout se bèl gason byen pòtan. Mwen te wè ke li te souye tèt li. Yo toulède te pran menm wout la.
“Konsa, li te fè pwostitiye li a vin pi gwo. Epi li te wè 11pòtre gason yo sou miray la, imaj a Kaldeyen yo fèt an penti wouj, abiye ak sentiwon nan ren yo, avèk mòso twal long nan tèt yo, yo tout te sanble ofisye, tankou Babilonyen ki Chaldée yo, peyi nesans yo. Lè li te wè yo, li te fè 12gwo anvi lachè dèyè yo, e te voye mesaje kote yo Chaldée. 13Babilonyen yo te vin kote li sou kabann lanmou an e te souye li ak pwostitiye yo. Epi lè li te fin defile ak yo, li te bouke jis li about ak yo. Konsa, li te dekouvri zak pwostitisyon li an e li te dekouvri nidite li, epi Mwen te vin 14about avèk li, menm jan Mwen te about ak sè li a. Malgre sa, li te miltipliye pwostitisyon li yo, lè l te sonje jou jenès li yo, lè l te konn jwe pwostitiye nan peyi Égypte la. Li te 15fè lanvi nan kouri dèyè tout moun ki gen chè tankou chè bourik ak ekoulman kon ekoulman cheval yo. Konsa, ou te fè lanvi pou 16bagay lèd jenès ou yo lè Ejipsyen yo te konn manyen lestonmak ou akoz tete jenès ou yo.
“Akoz sa, Oholiba, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va fè moun ki renmen ou yo soulve kont ou, soti nan sila yo ki pa byen avè w, e Mwen va mennen yo kont ou sou tout kote: 17Babilonyen yo ak tout Kaldeyen yo, Pekod, Schoa, Koa, ak tout Asiryen ki avèk yo; yo tout, jenn gason byen pòtan yo, chèf yo ak tout ofisye yo, ofisye ak mesye ki gen bon renome yo, tout sila k ap galope cheval yo. Yo va vini kont ou ak zam, cha, ak charyo e avèk yon gwo twoup moun yo. Yo va mete yo menm kont ou avèk zam, cha e avèk gwo twoup moun. Yo va mete yo kont ou tout kote ak nepe, boukliye ak kas. Konsa, Mwen va angaje 18jijman a yo menm e yo va jije ou selon koutim yo. Mwen va pozisyone 19jalouzi Mwen kont ou, pou yo ka aji avèk ou nan kòlè a gwo chalè Mwen an. Yo va retire nen ou ak zòrèy ou. Sila ki chape yo va tonbe pa nepe. Yo va pran fis ou yo ak fi ou yo, e sila ki chape yo va manje nan dife. Anplis, yo va 20retire tout rad sou ou e yo va pran bèl bijou ou yo. Konsa, 21Mwen va fè zak lèd ak zak pwostitisyon ke ou mennen sòti an Égypte yo vin sispann nan ou, pou ou pa leve zye ou bay yo, ni sonje Égypte ankò.’
“Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va livre ou nan men a sila ke ou 22rayi yo, nan men a yo menm de sila ou te vin ekate yo. Yo va 23aji avèk ou ak rayisman, pran tout sa ou posede e kite ou toutouni san anyen menm. Konsa, nidite a zak pwostitisyon ou yo va vin ekspoze, ni zak lèd ou yo, ni zak pwostitisyon ou yo. Bagay sa yo ap fèt a ou menm akoz ou te 24jwe pwostitiye ak nasyon yo, akoz ou te souye tèt ou ak zidòl yo. Ou te mache nan chemen a sè ou a. Pou sa, Mwen va mete 25tas pa li a nan men ou.’
“Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Ou va 26bwè tas a sè ou a ki fon e ki laj.
Yo va ri sou ou e fè rizib sou ou.
Li byen gwo.
Ou va vin plen ak 27soulay ak tristès,
tas a gwo laperèz ak dezolasyon,
tas a sè ou a, Samarie.
Ou va 28bwè li e vide li nèt.
Epi ou va manje sou ti mòso chire yo
e dechire tete ou;
paske Mwen te pale sa a”, deklare Senyè BONDYE a.
“Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz ou te bliye Mwen e te jete Mwen dèyè do ou, se pou ou sipòte, koulye a, pinisyon zak lèd ak zak pwostitisyon ou yo.’” Anplis, SENYÈ a te di mwen: “Fis a lòm, èske ou va jije Ohola ak Oholiba? Alò, 29deklare a yo menm abominasyon yo. Paske yo te komèt adiltè e yo gen san nan men yo. Konsa, yo te komèt adiltè ak zidòl yo e te menm fè fis yo, 30ke yo te fè pou Mwen yo, pase nan dife pou sèvi kon manje zidòl. Ankò, yo te fè M sa: yo te 31souye sanktyè Mwen an nan menm jou a, e te pwofane Saba Mwen yo. Paske lè yo te fin masakre tout fis yo pou zidòl yo, yo te antre nan 32sanktyè Mwen an nan menm jou a pou pwofane li; epi konsa, yo te fè anndan lakay Mwen an.
“Anplis, sè ou yo te menm voye pou mesye ki te sòti lwen yo, a sila yon mesaje te voye. Epi gade byen, yo te vini. Pou sa a, ou te benyen kò w, 33pentire zye ou, e dekore tèt ou ak bijou yo. Ou te chita sou yon 34sofa byen bèl ak yon tab byen ranje devan l sou sila ou te mete lansan Mwen ak lwil Mwen an.
“Bri a 35yon fèt ki plen moun ki alèz te avèk li. Lèzòm klas ba, ak moun banal yo te mennen soti nan dezè a. Yo te mete braslè nan men a fanm sa yo ak bèl kouwòn nan tèt yo. Epi Mwen te di a li menm ki te 36epwize nèt akoz adiltè li yo: ‘Èske yo va jwe pwostitiye ak li, koulye a, pandan li konsa a? Men yo te antre ladann konsi yo t ap antre nan yon pwostitiye. Konsa, yo te antre nan Ohola ak Oholiba, fanm zak lèd yo. Men yo menm, moun ladwati yo, va 37jije yo ak jijman a yon fanm adiltè, e avèk jijman a yon fanm ki te vèse san, akoz se fanm adiltè ke yo ye, epi yo gen san sou men yo.
“Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Mennen yon twoup kont yo e livre yo a 38gwo laperèz ak piyaj. Twoup sa a va 39lapide yo ak wòch e rache yo ak nepe yo. Yo va touye fis ak fi yo e brile lakay yo ak dife.
“‘Konsa, Mwen va fè zak lèd yo kite peyi a, pou tout fanm yo kapab vin avèti e pa komèt zak lèd jan nou konn fè a. Zak lèd nou yo va 40vin rekonpanse sou nou e nou va pote pinisyon pou adorasyon zidòl nou yo. Konsa, nou va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.’”
Source notes (40)
- Cross-reference Éz 16:46
- Cross-reference Lev 17:7
- Cross-reference II Wa 15:19
- Cross-reference Éz 23:12-13
- Cross-reference Éz 20:7
- Cross-reference Egz 32:4
- Cross-reference Éz 16:37
- Cross-reference Éz 16:37-41
- Cross-reference Jr 3:8-11
- Cross-reference II Wa 16:7
- Cross-reference Éz 8:10
- Cross-reference Éz 23:20
- Cross-reference II Wa 24:17
- Cross-reference Sòm 78:59
- Cross-reference Éz 16:26
- Cross-reference Jr 3:9
- Cross-reference II Wa 20:14-17
- Cross-reference Jr 39:5-6
- Cross-reference Egz 34:14
- Cross-reference Jr 13:22
- Cross-reference Éz 16:41
- Cross-reference Jr 21:7-10
- Cross-reference Det 28:48
- Cross-reference Éz 6:9
- Cross-reference II Wa 21:13
- Cross-reference Sòm 60:3
- Cross-reference Jr 25:15-27
- Cross-reference Sòm 75:8
- Cross-reference És 58:1
- Cross-reference Éz 16:20
- Cross-reference II Wa 21:4-7
- Cross-reference Jr 7:9-11
- Cross-reference II Wa 9:30
- Cross-reference Est 1:6
- Cross-reference Éz 16:49
- Cross-reference Éz 23:3
- Cross-reference Éz 16:38
- Cross-reference Jr 15:4
- Cross-reference Lev 20:10
- Cross-reference És 59:18
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.