Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ézéchiel 22

Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Epi ou menm, fis a lòm, èske ou va jije? Èske ou jije vil sanglan an? Alò, fè l konnen tout abominasyon li yo. Ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon vil k ap 1vèsè san nan mitan li, pou tan pa li ka vini e ki fè zidòl kont enterè li, pou l ka vin souye! Ou te vin koupab pa san ke ou te vèse yo e vin souye pa zidòl ke ou te fè yo. Konsa, ou te mennen jou ou a vin pre, e ou fin rive nan ane ou yo. Akoz sa a, Mwen te fè ou vin yon repwòch pou nasyon yo, e yon vye rizib pou tout peyi yo. Sila ki pre ak sila ki lwen ou yo va moke ou, ou menm ak move repitasyon, plen 2twoub.

“‘“Gade byen, 3chèf Israël yo, yo chak selon fòs pouvwa yo, te nan ou ak bi pou vèse san an. Nan ou yo te trete papa ak manman a lejè. 4Etranje yo te oprime nan mitan ou. Òfelen ak vèv yo te maltrete nan ou. Ou te meprize bagay sen Mwen yo, e ou pwofane 5Saba Mwen yo. Mesye medizan yo te anndan ou nan bi pou yo ta ka vèse san. Nan ou, yo te manje sou lotèl mòn yo. Nan mitan ou, yo te 6komèt zak ki tèlman lèd. Nan ou, yo te 7dekouvri nidite a papa yo. Nan ou, yo te imilye fanm ki pa t pwòp akoz règ yo. Youn te komèt abominasyon ak madanm a vwazen li, e yon lòt, nan yon zak byen lèd, te 8souye bèlfi li. Epi yon lòt, nan ou, te imilye sè li, pitit a papa li. Nan ou, yo te 9touche anba tab pou yo ta vèse san. Ou te pran enterè ak pwofi, ou te fè donmaj a vwazen ou yo pou ou kab vin genyen pa opresyon, e ou te bliye Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.

“‘“Alò, gade byen, Mwen frape men M kont pwofi malonèt ou, ke ou te vin genyen nan vèse san moun pami ou. Èske 10kè ou kapab sipòte, oswa èske men ou kapab gen fòs nan jou ke Mwen va regle ou a? Mwen menm, SENYÈ a, te pale e Mwen va aji. Mwen va gaye ou pami nasyon yo, Mwen va dispèse ou nan tout peyi yo, e Mwen va 11fè disparèt sa ki pa pwòp pami ou. Ou va pwofane tèt ou devan zye a tout nasyon yo, e ou va 12konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”

Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Fis a lòm, lakay Israël la te vin dechè pou Mwen. Yo tout se 13bwonz, fè blan, fè ak plon nan fou. Yo se dechè ajan. Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou tout te vin dechè, pou sa, gade byen, Mwen pral rasanble nou nan mitan Jérusalem. Jan yo rasanble ajan, bwonz, fè, plon, ak fè blan nan 14fou pou soufle dife sou li pou fann li, konsa, Mwen va rasanble nou nan mekontantman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, e la, Mwen va depoze nou pou fann nou. Mwen va rasanble nou pou soufle sou nou avèk dife kòlè Mwen, e nou va vin fann nèt nan mitan li. Tankou ajan fann nan founo, se konsa nou va fann nan mitan li. Konsa, nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te 15vide chalè kòlè Mwen sou nou.’”

Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Fis a lòm, di a fi a: ‘Ou se peyi ki 16pa pwòp la, ki p ap gen lapli nan jou kòlè a.’ Gen konplo a pwofèt nan mitan li yo, kon yon lyon voras k ap dechire bèt pou li manje. Yo fin devore nanm moun. Yo te pran trezò presye ak tout bagay chè yo. Yo te fè anpil vèv nan mitan li. Prèt li yo te fè vyolans kont lalwa Mwen an, e te pwofane bagay sen Mwen yo. Yo pa t fè okenn 17separasyon antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, ni yo pa t ansegne distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. Yo kache zye yo devan Saba Mwen yo, e Mwen vin pwofane pami yo. Prens ki anndan li yo tankou lou k ap dechire bèt pou yo manje, k ap vèse san e detwi 18lavi pou fè benefis malonèt. Pwofèt li yo blanchi tout bagay ak lacho pou yo, nan fè fo 19vizyon ak divinasyon manti pou yo; divinasyon k ap di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’, lè SENYÈ a pa t pale. Pèp peyi a te pratike 20opresyon ak vòl, yo te vòlè malere ak endijan yo, e te oprime sila ki rete pami yo san jistis.

“Mwen te 21chache pami yo yon nonm ki pou ta bati miray la, e kanpe nan brèch la devan Mwen pou peyi a, pou M pa ta detwi li, men Mwen pa t jwenn pèsòn. Pou sa, Mwen fin vide chalè a kòlè Mwen sou yo. Mwen te konsonmen yo nèt ak dife a chalè kòlè Mwen. 22Chemen pa yo, Mwen te fè l desann sou tèt yo,” deklare Senyè BONDYE a.

Source notes (22)
  1. Cross-reference Éz 22:6-27
  2. Cross-reference És 22:2
  3. Cross-reference És 1:23
  4. Cross-reference Egz 22:21
  5. Cross-reference Éz 20:13-24
  6. Cross-reference Éz 23:29
  7. Cross-reference Lev 18:8
  8. Cross-reference Lev 18:15
  9. Cross-reference Lev 19:13
  10. Cross-reference Éz 21:7
  11. Cross-reference Éz 23:27-48
  12. Cross-reference Sòm 83:18
  13. Cross-reference Jr 6:23-30
  14. Cross-reference És 1:25
  15. Cross-reference Éz 20:8-33
  16. Cross-reference És 9:13
  17. Cross-reference Lev 10:10
  18. Cross-reference Éz 22:25
  19. Cross-reference Jr 23:25-32
  20. Cross-reference És 5:7
  21. Cross-reference És 59:16
  22. Cross-reference Éz 7:3-9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.