Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ézéchiel 19

“Pou nou menm, komanse fè gwo lamantasyon pou 1prens Israël yo, Epi di:

‘Kisa manman ou te ye?

Yon manman lyon pami lyon yo!

Li te kouche pami jenn ti lyon yo;

pami jenn lyon yo, li te leve pitit li yo.

Lè l te fin leve youn nan pitit li yo,

pitit la te devni yon lyon.

Li te vin aprann jan pou li dechire bèt pou li manje;

li te devore moun.

Alò, nasyon yo te tande de li;

li te vin kaptire nan twou fòs pa yo,

e yo te 2mennen li ak kwòk, rive nan peyi Égypte.

“‘Lè manman lyon an te wè ke li te tann,

men ke espwa li te vin pèdi,

li te pran yon lòt nan pitit li yo,

e te fè l vin yon jenn ti lyon.

Konsa, li te 3mache toupatou pami lyon yo.

Li te devni yon jenn ti lyon.

Li te aprann jan pou kenbe viktim li.

Li te devore moun.

Li te konnen gran palè yo,

e li te devaste vil yo.

Peyi a ak tout bèlte li te vin gate nèt,

akoz son a gwonde li. 4

Nasyon yo te atake li tout kote

soti nan pwovens yo.

Yo te ouvri filè yo sou li.

Li te vin kaptire nan twou fòs yo.

Yo te mete li nan yon kalòj ak kwòk,

e te 5mennen li kote wa Babylone nan.

Yo te mennen li andedan fò yo

pou vwa l pa tande menm ankò

sou mòn Israël yo.

“‘Manman ou te 6tankou yon lyann

nan san ou an.

Li te plante bò kote dlo.

Li te plen fwi ak anpil branch, akoz dlo an abondans.

Li te gen branch ki dyanm,

ki ta ka sèvi pou baton wa yo.

Wotè li te leve pi wo nwaj yo

pou moun ta ka wè l

nan tout wotè li ak tout branch li yo.

Men li te vin 7rache ak kòlè.

Li te jete atè nèt,

epi van nan lès te seche fwi li yo.

Gwo branch dyanm li yo te vin rache.

Yo te fennen.

Dife te manje yo nèt.

Epi koulye a, li vin plante nan 8dezè a,

nan yon peyi ki sèch e ki swaf. 9

Dife a fin gaye nan tout branch li yo.

Li te konsonmen boujon ak fwi li yo,

jiskaske pa t gen ladann yon branch

ki dyanm, pou fè baton pou wa a.’

Sa se yon lamantasyon. Konsa, li va sèvi kon yon lamantasyon.”

Source notes (9)
  1. Cross-reference II Wa 23:29-34
  2. Cross-reference II Wa 23:34
  3. Cross-reference II Wa 24:9
  4. Cross-reference II Wa 24:11
  5. Cross-reference II Wa 24:15
  6. Cross-reference Sòm 80:8-11
  7. Cross-reference Jr 31:28
  8. Cross-reference II Wa 24:12-16
  9. Cross-reference Éz 15:4

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.