Bib Sen An
Ézéchiel 20
Alò, nan setyèm ane, nan senkyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, kèk nan 1ansyen Israël yo te vin mande SENYÈ a konsèy. Yo te chita devan m.
Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Fis a lòm, pale ak ansyen Israël yo pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske nou vini la pou mande M konsèy? Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: 2“Nou p ap vin mande M konsèy.’”
“Èske ou va jije yo, fis a lòm? Èske ou va jije yo? Fè yo konnen abominasyon a papa yo. Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke M te 3chwazi Israël la, e te sèmante a desandan a lakay Jacob yo, pou te revele Mwen menm a yo menm nan peyi Égypte la, lè M te sèmante a yo menm, e te di: ‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,’ nan jou sa a, Mwen te sèmante a yo menm 4pou mennen fè yo sòti nan peyi Égypte, pou antre nan yon peyi ke M te chwazi pou yo, ki koule lèt avèk siwo myèl, ki se glwa a tout peyi yo. Mwen te di a yo menm: 5 ‘Voye jete, nou chak, bagay abominab a zye nou yo, e pa souye tèt nou ak zidòl Égypte yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’
“‘“Men yo te fè rebèl kont Mwen, e yo pa t dakò koute Mwen. Yo pa t voye jete bagay abominab a zye yo, ni yo pa t abandone 6zidòl a Égypte yo. Konsa, Mwen te detèmine pou vide gwo chalè kòlè Mwen sou yo, pou akonpli kòlè Mwen sou yo nan mitan peyi Égypte la. Men Mwen te aji 7pou koz non Mwen, pou li pa ta vin degrade nan zye a nasyon pami sila yo te rete yo, nan zye a sila Mwen te fè Mwen menm rekonèt a yo, lè M te fè yo sòti nan peyi Égypte la. Konsa, Mwen te retire yo nan peyi Égypte pou te mennen yo nan 8dezè a. Mwen te bay yo 9lalwa Mwen yo, e te fè yo rekonèt règleman Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv nan yo. Anplis, Mwen te bay yo Saba Mwen yo pou vin yon 10sign antre Mwen menm ak yo, pou yo ta ka konnen ke Mwen se SENYÈ ki sanktifye yo a.
“‘“Men lakay Israël te fè rebèl kont Mwen, nan dezè a. Yo pa t mache nan lalwa Mwen yo, e yo te refize règleman Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv nan yo. Epi 11Saba Mwen yo, yo te vin pwofane nèt. Konsa, Mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo nan dezè a, pou manje yo nèt. Men Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta degrade nan zye a nasyon yo, devan zye a sila Mwen te fè yo sòti yo. Anplis, 12Mwen te sèmante a yo nan dezè a pou Mwen pa ta mennen yo antre nan peyi ke M te bay a, yo menm nan, peyi ki t ap koule ak siwo myèl, ki se glwa a tout peyi yo, akoz yo te rejte règleman Mwen yo e pou lalwa Mwen yo, yo pa t mache ladan yo. Menm Saba Mwen yo, yo te pwofane yo, paske 13kè yo te tout tan ap mache dèyè zidòl yo. Malgre sa, zye M te epanye yo olye de detwi yo e Mwen pa t 14detwi yo nèt nan dezè a. Mwen te di a 15pitit yo nan dezè a: ‘Pa mache nan règleman a papa nou yo, ni swiv règleman yo oswa souye tèt nou ak zidòl yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. 16Mache nan règleman Mwen yo e swiv òdonans Mwen yo pou fè yo. Sanktifye Saba Mwen yo. Konsa, yo va vin yon sign antre Mwen menm ak nou, pou nou ka konnen ke Mwen se SENYÈ Bondye nou an.’
“‘“Men 17pitit yo te fè rebèl kont Mwen. Yo pa t mache nan règleman Mwen yo, ni yo pa t fè atansyon pou swiv òdonans Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv la. Yo te pwofane Saba Mwen yo. Konsa, mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo, pou akonpli kòlè Mwen kont yo nan dezè a. Men Mwen te ralanti men M. Konsa, Mwen te aji 18pou koz non Mwen, pou li pa ta vin degrade devan zye a nasyon yo devan zye sila Mwen te fè yo sòti yo. Anplis, Mwen te sèmante a yo menm nan dezè a pou Mwen ta 19gaye yo pami nasyon yo, e dispèse yo nan tout peyi yo, akoz yo pa t swiv òdonans Mwen yo, men te refize tout règleman Mwen yo, te pwofane Saba Mwen yo, e 20zye yo te sou zidòl a papa zansèt yo. Mwen te bay yo anplis, règleman ki 21pa t bon ak òdonans yo sou sila yo pa t ka viv. Mwen te deklare yo pa pwòp akoz de sakrifis yo. Yo te koze tout premye ne yo pase nan dife, pou Mwen ta fè yo vin sanzespwa; konsa, pou yo ta konnen ke se Mwen menm ki SENYÈ a.”’
“Pou sa, fis a lòm, pale ak lakay Israël pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malgre nan sa, papa zansèt nou yo te 22blasfeme Mwen lè yo te enfidèl a lalwa M. Lè Mwen te mennen yo nan peyi ke M te sèmante pou bay yo a, yo te vin wè tout 23kolin wo ak tout bwa ki plen fèy yo. La, yo te ofri sakrifis yo, e la, yo te prezante ofrann ki te fè M fache nèt. La, yo te fè monte odè santi bon, e la, yo te vide ofrann bwason yo. Konsa, Mwen te di yo: ‘Kisa wo plas kote nou prale a ye?’ Pou sa, yo rele non plas sa a “Bama “jis rive jou sa a.”’
“Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske nou va souye tèt nou menm, swiv abitid 24papa zansèt nou yo e jwe pwostitiye apre bagay abominab yo? Lè nou ofri ofrann nou yo, lè nou 25fè fis nou yo pase nan dife, nou ap souye tèt nou ak tout zidòl yo jis rive nan jou sa a. Epi èske nou ta dwe vin mande Mwen konsèy, O lakay Israël? Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a, Mwen p ap kite nou mande M anyen.
“‘“Sa ki 26vini nan lespri nou an, se pa sa k ap rive vre, lè nou di: ‘Nou va tankou lòt nasyon yo, tankou fanmi a peyi yo, k ap sèvi bwa ak wòch yo.’ Jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Anverite, ak yon men pwisan, ak yon 27bra lonje e avèk chalè a kòlè Mwen vide deyò, Mwen va vin wa sou nou. Mwen va mennen nou soti nan tout pèp yo, rasanble nou soti nan peyi kote nou gaye yo, ak yon men pwisan, ak yon bra lonje e ak 28chalè kòlè Mwen vide nèt. Epi Mwen va mennen nou antre nan 29dezè a pèp yo, e la Mwen va antre nan jijman avèk nou fasafas. Jan Mwen te 30antre nan jijman ak papa zansèt nou yo nan dezè an Égypte la, konsa Mwen va antre nan jijman avèk nou”, deklare Senyè BONDYE a. “Mwen va fè nou 31pase anba baton, e Mwen va mennen nou antre anba angajman akò a. Mwen va fè retire pami nou, rebèl ak sila ki transgrese kont Mwen yo. Mwen va mennen yo sòti nan peyi kote yo demere a, men yo 32p ap antre nan peyi Israël. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
“Pou nou menm, O lakay Israël,” deklare Senyè Bondye a: “Ale, nou chak sèvi zidòl pa nou; menm pi ta tou, si nou p ap koute M. Men nou p ap 33pwofane non sen M ankò ak ofrann ak zidòl nou yo. Paske sou mòn sen Mwen an, sou wotè mòn Israël la,” deklare Senyè BONDYE a: “la, tout lakay Israël, 34yo tout, va sèvi Mwen nan peyi a. La Mwen va aksepte yo, e la, Mwen va egzije ofrann nou yo, avèk ofrann premye fwi nou yo, ak tout bagay sen nou yo. Kon yon odè santi bon, Mwen va aksepte nou lè Mwen 35mennen nou sòti nan pèp yo, e rasanble nou soti nan peyi kote nou te gaye yo. Epi Mwen va vin sen nan nou devan zye a tout nasyon yo. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, 36lè mwen mennen nou fè nou antre nan peyi Israël la, nan peyi ke M te sèmante pou bay a papa zansèt nou yo. La, nou va sonje chemen nou yo ak tout zèv yo avèk sila nou te souye tèt nou yo. Epi nou va 37rayi pwòp tèt nou nan pwòp zye nou pou tout bagay mal ke nou te fè yo. Konsa, nou va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a, lè Mwen fin regle avèk nou pou koz non Mwen, pa selon chemen mechan nou yo, ni selon zak konwonpi nou yo, O lakay Israël,” deklare Senyè BONDYE a.’”
Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Fis a lòm, mete figi ou vè Théman. Pale fò kont tout sid la, e 38 pwofetize kont peyi forè nan Negev la. Di a forè Negev la: ‘Koute pawòl SENYÈ a. Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen prèt pou 39limen yon dife nan nou, e li va konsonmen tout bwa vèt nan nou menm ak tout bwa sèch. Flanm dife sa a p ap etenn e tout sifas latè soti nan sid jis rive nan nò va brile pa li menm. Tout chè va wè ke Mwen menm, SENYÈ a, te limen li. Li p ap etenn.”’”
Epi mwen te di: “O Senyè BONDYE! Y ap di de mwen: ‘Èske se pa parabòl sèlman 40l ap pale?’”
Source notes (40)
- Cross-reference Éz 8:1-12
- Cross-reference Éz 14:3
- Cross-reference Egz 6:6-8
- Cross-reference Jr 32:22
- Cross-reference Egz 20:4
- Cross-reference Egz 32:1-9
- Cross-reference Egz 32:11-14
- Cross-reference Egz 19:1
- Cross-reference Egz 20:1-26
- Cross-reference Egz 31:13-17
- Cross-reference És 56:6
- Cross-reference Nonb 14:30
- Cross-reference Éz 11:21
- Cross-reference Jr 4:27
- Cross-reference Nonb 14:31
- Cross-reference Det 5:32-33
- Cross-reference Nonb 21:5
- Cross-reference És 48:9-11
- Cross-reference Lev 26:33
- Cross-reference Éz 6:9
- Cross-reference Sòm 81:12
- Cross-reference Nonb 15:30
- Cross-reference I Wa 14:23
- Cross-reference Jij 2:19
- Cross-reference Sòm 106:37-39
- Cross-reference Éz 11:5
- Cross-reference Jr 21:5
- Cross-reference Jr 42:18
- Cross-reference Éz 19:13
- Cross-reference Nonb 11:1-35
- Cross-reference Lev 27:32
- Cross-reference Nonb 14:29-30
- Cross-reference És 1:3-15
- Cross-reference És 66:23
- Cross-reference És 27:12-13
- Cross-reference És 27:12-13
- Cross-reference Jr 31:18
- Cross-reference Éz 21:2
- Cross-reference És 9:18
- Cross-reference Éz 17:2
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.