Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ézéchiel 18

Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 1“Kisa sa vle di lè ou sèvi pwovèb sa a konsènan peyi Israël e di:

‘Papa yo manje rezen si yo,

epi dan timoun yo va kanpe apik’?

“Jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “nou p ap itilize pwovèb sa a an Israël ankò. Gade byen, tout nanm yo se pa M yo ye. Nanm a papa a ansanm ak nanm a fis la se pa M. Nanm ki 2peche a, se li k ap mouri.

“Men si yon nonm dwat

e li aji ak jistis ak ladwati,

pou l pa manje nan lotèl mòn yo,

ni 3leve zye li vè zidòl lakay Israël yo,

ni souye ak madanm vwazen li,

ni pwoche yon fanm pandan lè règ li—

Si yon nonm pa oprime okenn moun,

men remèt a sila ki te prete li sa li te pwomèt,

epi 4pa fè vòl, men bay pen li a sila ki grangou

e kouvri moun toutouni ak rad,

si li pa prete moun lajan ak 5enterè, ni pran plis,

si li gade men l pou l pa fè inikite,

e egzekite yon vre jistis antre moun ak moun,

si li mache nan 6règleman Mwen yo,

ak lòd Mwen yo pou l aji ak fidelite;

li se yon moun dwat,

e anverite, li va viv,” deklare Senyè BONDYE a.

“Alò, li kapab gen yon fis ki volè, ki vèse san, e ki fè nenpòt nan bagay sa yo,

o malgre li pa t fè okenn nan bagay sa yo,

men li konn manje kote lotèl mòn yo

e 7souye ak madanm a vwazen li,

Oprime malere ak endijan, 8

te fè vòl desepsyon an,

pa remèt sa li pwomèt,

epi te leve zye li a zidòl,

te komèt abominasyon,

te prete lajan sou enterè

pou l pran benefis sou malere;

èske l ap viv? Li p ap viv! Li te komèt tout abominasyon sila yo; anverite, li va mouri. San li va tonbe sou pwòp tèt li.

“Alò, gade byen, si li gen yon fis ki te wè tout peche papa l te komèt, e 9lè l wè sa, li fè lakrent pou l pa fè menm jan.

“Li pa manje nan lotèl mòn yo

ni leve zye li a zidòl lakay Israël yo,

ni souye ak madanm vwazen li,

Ni oprime okenn moun,

ni refize remèt sa li te pwomèt pou l te fè,

ni pa vòlè, men li 10bay pen li a moun grangou yo

e kouvri sila ki toutouni yo ak rad,

Li retire men li sou malere a,

li pa egzije enterè, ni pwofi,

men li fè règleman Mwen yo

e mache nan lòd mwen yo; 11

li p ap mouri pou inikite a papa li. Anverite, li va viv. Alò, pou papa li, akoz li te pratike opresyon, te vòlè frè li, e te fè sa ki pa t bon pami pèp li a, gade byen, li va mouri nan inikite li a.

“Malgre sa, ou di: ‘Poukisa fis la pa pote pinisyon pou inikite a papa li? Lè fis la pratike 12jistis ak ladwati, swiv tout lòd Mwen yo e fè yo, anverite, li va viv. Moun ki fè peche a va mouri. Fis la p ap pote pinisyon pou linikite a papa li, ni papa a p ap chaje ak pinisyon pou peche a fis la. 13Ladwati a moun ki dwat va sou pwòp tèt pa li e mechanste a mechan an va sou pwòp tèt li.

“Men si moun 14mechan an vire kite tout peche ke li te konn komèt yo pou vin swiv tout règleman Mwen yo, e pratike lajistis ak ladwati, anverite, li va viv, li p ap mouri. Tout transgresyon ke li te konn komèt yo, p ap sonje ankò kont li. Akoz 15ladwati ke li te vin pratike a, li va viv. Èske Mwen pran plezi nan lanmò a mechan yo?” deklare Senyè BONDYE a: “pou M pa pito ke li ta 16vire kite chemen li an pou viv?”

“Men, lè yon nonm ladwati vire kite ladwati li a, komèt inikite e fè selon tout abominasyon ke yon nonm mechan konn fè, èske li va viv? 17Tout zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje akoz trèt ke li te fè ak peche ke li te komèt la. Nan peche li ke li te peche a, li va mouri.

“Men nou di: ‘Wout Senyè pa dwat.’ Koute koulye a, O lakay Israël! Èske 18wout Mwen an pa dwat? Èske chemen Mwen pa nivo? Èske se pa chemen pa nou an ki pa nivo? Lè yon moun ladwati vire kite ladwati li, komèt inikite e mouri akoz li, pou inikite ke li te komèt la, li mouri nan inikite li te fè a. Ankò, lè yon nonm mechan vire 19kite mechanste ke li te komèt pou pratike lajistis ak ladwati, li va sove nanm li vivan. Akoz li te konsidere, e te vire kite tout transgresyon ke li te konn komèt yo, li va anverite viv. Li p ap mouri. Men lakay Israël ap di: ‘Wout Senyè a pa dwat.’ Èske wout Mwen yo pa dwat, O lakay Israël? Èske se pa wout pa ou yo ki pa dwat?

“Akoz sa a, Mwen va jije nou, O lakay Israël, chak moun selon kondwit li,” deklare Senyè BONDYE a. 20“Repanti e vire kite tout transgresyon nou yo, pou inikite sa a pa devni yon wòch chite ki pou fè nou tonbe. 21Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël? Paske Mwen pa pran 22plezi nan lanmò a okenn moun ki mouri,” deklare Senyè BONDYE a. “Akoz sa, repanti pou viv.”

Source notes (22)
  1. Cross-reference És 3:15
  2. Cross-reference Éz 18:20
  3. Cross-reference Det 4:19
  4. Cross-reference Lev 19:13
  5. Cross-reference Egz 22:15
  6. Cross-reference Lev 18:5
  7. Cross-reference I Kor 6:9
  8. Cross-reference És 59:6-7
  9. Cross-reference II Kwo 29:6-10
  10. Cross-reference Job 31:16-20
  11. Cross-reference Wo 2:6
  12. Cross-reference Éz 18:9
  13. Cross-reference I Wa 8:32
  14. Cross-reference Éz 18:27-28
  15. Cross-reference Sòm 18:20-24
  16. Cross-reference Sòm 147:11
  17. Cross-reference Éz 18:22
  18. Cross-reference Jen 18:25
  19. Cross-reference És 1:18
  20. Cross-reference Éz 14:6
  21. Cross-reference És 1:16-17
  22. Cross-reference Éz 18:23

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.