Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ézéchiel 15

Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: Fis a lòm, kisa bwa 1chan rezen fè pou l pi bon pase nenpòt bwa branch lyann yo ki pami pyebwa forè yo? Èske ou ka retire bwa sou li pou fè yon bagay, oswa èske moun ka fè yon kwòk ak li pou pann veso? Si yo te mete li nan 2dife la pou brile, dife a fin manje de pwent li e mitan an fin boukannen tounwa. Konsa, èske li ka itil pou yon bagay? Gade byen, pandan li an bòn fòm nan, li pa itil anyen. Konbyen anmwens lè dife fin manje li e vin boukannen l tounwa a, pou l ka itil pou fè yon bagay!

Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Jan lyann yo pami tout pyebwa forè yo, ke m te bay nan dife pou brile a, se konsa mwen te bay moun ki rete Jérusalem yo. Mwen mete figi M kont yo. Byenke yo te 3sòti nan dife a, malgre sa, dife a va manje yo. Ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen mete figi M kont yo. Konsa, Mwen va fè tè a vin dezole, akoz yo te 4aji ak enfidelite,” deklare Senyè BONDYE a.

Source notes (4)
  1. Cross-reference Sòm 80:8-16
  2. Cross-reference És 27:11
  3. Cross-reference I Wa 19:17
  4. Cross-reference Éz 14:13

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.