Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ézéchiel 14

Epi kèk nan 1ansyen Israël yo te parèt kote mwen e te chita devan m. Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Fis a lòm, mesye sila yo te 2fin etabli zidòl pa yo nan kè yo. Yo te mete yo toudwat devan figi yo kon wòch k ap fè moun chite, a pou fè yo tonbe nan inikite yo. Èske Mwen ta menm dwe koute kesyon yo? Pou sa, pale ak yo e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nenpòt moun lakay Israël ki pozisyone zidòl nan kè li, ki mete dwat devan figi l, wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò, ta vin jwenn pwofèt la, Mwen menm, SENYÈ a, va vin bay li repons sou sijè a, an akòd ak 3fòs kantite zidòl li genyen yo, pou M ka kenbe 4kè lakay Israël la, tout ki byen lwen M akoz zidòl yo.”’”

“Pou sa, di a tout lakay Israël la, ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: 5 “Repanti, vire kite zidòl nou yo, e vire figi nou lwen de tout abominasyon nou yo.”’”

“Paske nenpòt moun lakay Israël, o menm 6etranje ki vin viv la, ki separe li de Mwen menm, pou l mete zidòl li yo nan kè l, ki vin mete dwat devan figi li, wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò apre ta rive kote pwofèt la pou mande koze pou pwòp tèt li, Mwen menm, SENYÈ a, Mwen va vin parèt pou bay li repons nan pwòp pèsonaj pa M. Mwen va 7pozisyone figi M kont mesye sa a, fè li yon sign ak yon pwovèb, e Mwen va koupe retire li nèt de pèp Mwen an. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

“Men si pwofèt sila vin twonpe, epi pale yon pawòl, se Mwen menm, SENYÈ a, ki te fè pwofèt sa a vin twonpe. Konsa, Mwen va lonje men M kont li pou 8detwi li soti pami pèp Mwen an, Israël. Yo va pote frè inikite yo. Jan inikite a sila k ap mande l pale a, se konsa inikite a pwofèt la va ye, pou lakay Israël pa egare lwen Mwen ankò, e pou yo pa souye tèt yo ankò ak tout transgresyon yo. Konsa, yo va vin pèp mwen, e Mwen va Bondye yo,” deklare Senyè BONDYE a.”

Ankò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen, e te di: “Fis a lòm, si yon peyi peche kont Mwen nan 9komèt enfidelite, Mwen va lonje men M kont li, detwi sous pen li, voye gwo grangou kont li, e koupe retire nèt de li, ni lòm, ni bèt. 10Menmsi twa mesye sila yo, Noé, Daniel, ak Job te nan mitan yo, ladwati yo pa ta delivre plis ke pwòp nanm pa yo”, deklare Senyè BONDYE a.

“Si Mwen te fè 11bèt sovaj pase nan peyi a, e li vin dezole jis pou pèsòn pa ta pase ladann akoz bèt yo, menmsi twa mesye sila yo te la nan mitan l, kon Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo. 12Se yo sèl ki t ap delivre, men peyi a t ap vin dezole nèt.

“Ni, si Mwen ta 13mennen yon nepe sou peyi sa a e di: ‘Kite nepe a pase nan tout peyi a pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt ladann,’— menmsi, twa mesye sila yo te nan mitan l, kon Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo, men se sèl yo menm ki ta delivre.

“Oswa, si M ta voye yon 14gwo grangou kont peyi sa, e vide kòlè Mwen an san sou li, pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt ladann— menmsi Noé, Daniel ak Job te nan mitan l, kon Mwen viv la, deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo. Yo ta delivre sèlman pwòp tèt yo, pa ladwati pa yo.”

Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Konbyen ankò 15lè Mwen voye kat gwo jijman Mwen yo kont Jérusalem: nepe, gwo grangou, bèt sovaj ak epidemi pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li! Malgre sa, gade byen, gen yon retay ki va pote soti ladann, ni fis, ni fi. Gade byen, yo va vin parèt vè ou menm e ou va wè 16kondwit ak zèv yo. Konsa ou va vin rekonfòte pou gwo malè ke M te mennen sou Jérusalem nan, pou tout bagay ke M te mennen sou li yo. Nan lè sa a, yo va rekonfòte ou lè ou wè kondwit ak aksyon yo, paske ou va konnen ke M pa t fè 17anyen san koz,” deklare Senyè BONDYE a.

Source notes (17)
  1. Cross-reference II Wa 6:32
  2. Cross-reference Éz 20:16
  3. Cross-reference I Wa 21:20-24
  4. Cross-reference Jr 17:10
  5. Cross-reference I Sam 7:3
  6. Cross-reference Egz 12:48
  7. Cross-reference Jr 44:11
  8. Cross-reference Jr 6:14-15
  9. Cross-reference Éz 15:8
  10. Cross-reference Jr 15:1
  11. Cross-reference Lev 26:22
  12. Cross-reference Jen 19:29
  13. Cross-reference Lev 26:25
  14. Cross-reference Jr 14:12
  15. Cross-reference Éz 5:17
  16. Cross-reference Éz 12:16
  17. Cross-reference Jr 22:8-9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.