Bib Sen An
Ézéchiel 16
Ankò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Fis a lòm, 1fè Jérusalem konnen abominasyon li yo. Di li: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a a Jérusalem: “Orijin ou ak nesans ou se te nan peyi Canaan, papa ou se te yon Amoreyen e manman ou yon Etyèn. Pou nesans ou, 2nan jou ou te fèt la, kòd lonbrit ou pa t koupe, ni ou pa t lave ak dlo pou vin pwòp. Ou pa t fwote ak sèl, ni menm vlope nan rad. Pa t gen zye ki te gen pitye pou ou, ni ki te gen konpasyon pou ou. Pito ou te jete nan yon 3chan ouvri, paske yo te twouve ou abominab depi jou ke ou te fèt la.
“‘“Lè m te pase bò kote ou, e Mwen te wè ou t ap tòde nan san ou, Mwen te di ou pandan ou te nan san ou an: ‘Viv’! Wi, Mwen te di ou pandan ou te nan san ou an: ‘Viv’! Mwen te 4fè ou vin anpil, tankou plant nan chan yo. Ou te vin grandi, ou te vin wo, e ou te vin rive nan laj pou bèl flè. Tete ou te fòme e cheve ou te grandi. Malgre sa, ou te toutouni e san rad.
“‘“Mwen te pase bò kote ou pou te wè ou e gade byen, ou te vin nan lè pou fè renmen. Alò konsa, mwen te lonje jip Mwen sou ou pou te kouvri toutouni ou an. Anplis, Mwen te 5sèmante a ou menm, e te antre nan yon akò avèk ou pou ou te vin pou Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.
“‘“Mwen te benyen ou ak dlo, lave fè san sòti sou ou e Mwen te 6onksyone ou avèk lwil. Anplis, Mwen te abiye ou ak twal ak bèl 7bwodri, Mwen te mete sandal fèt ak po bazann nan pye ou. Mwen te vlope ou ak len fen e te kouvri ou ak swa. Mwen te fè ou bèl ak dekorasyon. Mwen te mete braslè nan men ou ak yon 8kolye nan kou ou. Anplis, mwen te mete yon zanno nan nen ou, zanno nan zòrèy ou ak yon 9bèl kouwòn nan tèt ou. Konsa, ou te anbeli ak lò ak ajan e wòb ou te fèt ak len fen, oswa ak twal bwodri. Ou te manje farin fen, siwo myèl, ak lwil. Konsa, ou te tèlman vin bèl, e vin avanse nan yon pozisyon 10wayal. Answit, rekonesans ou te ale toupatou pami nasyon yo akoz bèlte ou. Paske li te 11pafè, akoz mayifisans ke Mwen te fè poze sou ou a,” deklare Senyè BONDYE a.
“‘“Men ou te 12mete konfyans nan bèlte ou; ou te jwe pwostitiye akoz tout rekonesans ou. Ou te vide pwostitisyon ou an nan tout moun ale vini ki te disponib. Ou te pran kèk nan rad ou yo, pou fè pou kont ou wo plas ak plizyè koulè, e te jwe pwostitiye ak yo. Sa a pa ta janm dwe rive, ni li pa p fèt. Anplis, ou te pran bèl 13bijou ou yo, fèt ak lò ak ajan pa M, ke M te bay ou. Ak yo ou te fè pou kont ou imaj a gason pou ou te ka jwe pwostitiye ak yo. Epi ou te pran twal bwodri ou a pou te kouvri yo, e te ofri lwil ak lansan Mwen an devan yo. Anplis, 14pen Mwen an, ke M te bay ou a, farin fen, lwil ak siwo myèl, avèk sila Mwen te konn bay ou manje yo, ou te ofri yo devan yo kon yon odè santi bon. Se konsa sa te rive,” deklare Senyè BONDYE a.
“‘Anplis, ou te pran fis ak fi ke ou te fè pou Mwen yo, e ou te sèvi yo kon 15sakrifis a zidòl pou yo ta ka vin devore. Èske afè pwostitisyon ou an te yon ti bagay piti? Ou te fè labatwa ak pitit Mwen yo, e te ofri yo bay zidòl, lè ou koze yo 16pase nan dife. Anplis ke tout abominasyon ak pwostitisyon ou yo, ou pa t sonje jou 17jenès ou yo, lè ou te toutouni, san rad e t ap tòde nan pwòp san ou an.
“‘Konsa, li te vin rive apre tout mechanste ou yo—Malè, malè a ou menm!’, deklare Senyè BONDYE — “Ke ou te bati pou kont ou yon lotèl, e te fè yon 18wo plas tout kote. Ou te bati pou kont ou yon wo plas nan pwent anwo nan 19tout lari, ou te fè belte ou vin abominab e ou te ouvri janm ou pou tout ale vini pou ogmante pwostitisyon ou an. Anplis, ou te jwe pwostitiye ak Ejipsyen yo, vwazen ou yo ak gwo anvi lachè e ou te ogmante pwostitisyon ou an pou 20fè m vin fache. Gade byen, Mwen te lonje men M kont ou pou te diminye nan sa ki te pou ou yo. Epi Mwen te livre ou a volonte a sila ki rayi ou yo, 21fi a Filisten yo, ki wont devan kondwit lèd ou a. Anplis, ou te jwe pwostitiye ak 22Asiryen yo akoz ou pa t satisfè. Wi, ou te jwe pwostitiye ak yo e ou te toujou pa satisfè a. Anplis, ou te ogmante pwostitisyon ou an ak peyi komèsan yo, Chaldée. Menm malgre sa, ou pa t satisfè.
“‘“A la kè ou fèb!” deklare Senyè BONDYE a, “pandan w ap fè tout bagay sa yo, aksyon a yon 23pwostitiye ki san wont. Lè ou te bati lotèl ou yo nan pwent a tout lari a, e te fè wo plas ou yo tout kote yo, 24san menm mande kòb, ou pa t sanble a yon pwostitiye.
“‘“Ou menm, fanm adiltè, ki pran etranje olye de mari li! Mesye yo konn bay kado a tout pwostitiye, men ou te bay kado ou a tout moun ki renmen ou yo pou rale yo vin kote ou sòti nan tout direksyon pou zak pwostitisyon ou yo. Konsa, ou apa de fanm sa yo nan fè pwostitisyon ou an. Nan sa, nanpwen moun ki jwe pwostitiye tankou ou. Ou menm konn vèse lajan olye resevwa lajan. Konsa, ou apa.”’
“Pou sa, O pwostitiye, tande pawòl SENYÈ a. ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz bagay lèd ou yo te vin vide nèt, toutouni ou a te fin dekouvri nèt atravè pwostitisyon ou ak moun ki renmen ou yo, e ak tout 25zidòl abominab ou yo, e akoz san a fis ou ke ou te bay a zidòl yo, akoz sa, gade byen, Mwen va 26rasanble tout moun ki renmen ou yo avèk sila ou te pran plezi yo, menm tout sila ke ou te renmen yo, ak tout sila ou te rayi yo. Konsa, Mwen va rasanble yo kont ou soti nan tout direksyon e Mwen va fè toutouni ou an vin parèt a yo menm pou yo ka wè toutouni ou an nèt. Konsa, Mwen va jije ou kon fanm k ap komèt adiltè, oswa k ap vèse san moun ta jije. Epi Mwen va mennen sou ou san gwo kòlè a ak jalouzi. Anplis, Mwen va bay ou nan men a moun ki renmen ou yo, e yo va demoli tout lotèl ou yo, demoli wo plas ou yo, 27retire tout rad sou ou, retire tout bijou ou yo e kite ou toutouni, san rad. Yo va pouse yon 28gwo foul kont ou, yo va lapide ou e rache ou an mòso ak nepe yo. Yo va 29brile lakay ou ak dife e egzekite jijman sou ou devan zye anpil fanm. Nan lè sa a, mwen va fè ou sispann jwe pwostitiye e ou p ap peye moun ou renmen yo ankò. Konsa, Mwen 30va kalme gwo chalè kòlè Mwen an kont ou. Jalouzi Mwen va kite ou, Mwen va vin satisfè e Mwen p ap fache ankò.
“‘“Akoz ou pa t sonje jou jenès ou yo, men te fè m 31vin anraje akoz tout bagay sa yo; gade byen, Mwen, nan kou pa M nan, Mwen va desann tout kondwit ou a, sou pwòp tèt ou,” deklare Senyè BONDYE a, “pou ou pa komèt bagay lèd sa a pou mete sou tout lòt abominasyon ou yo.”
“‘“Gade byen, tout moun ki site 32pwovèb va site pwovèb sila a konsènan ou menm. Yo va di: ‘Jan manman an ye a, se konsa fi a ye.’ Ou se fi a manman ou, li te rayi mari li ak pitit li. Ou se, anplis, sè a sè ou yo, ki te 33rayi mari yo ak pitit yo. Manman ou te yon Etyèn e papa ou te yon Amoreyen. Alò, 34pi gran sè ou a se Samarie, ki viv sou kote nò ou, ak tout fi li yo; epi pi jèn sè ou a, ki rete nan kote sid ou a, se Sodome, ak tout fi li yo. Malgre sa, ou pa t sèlman mache nan chemen yo, oswa aji selon abominasyon yo; men konsi sa te twò piti, avan lontan, ou te aji 35pi konwonpi nan kondwit ou ke yo menm. Kon Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Sodome, sè ou a, ak fi li yo pa t fè menm jan ak ou ak fi ou yo.
“‘“Gade byen, sa se te koupabilite a sè ou a, Sodome: li menm ak fi li yo te gen 36awogans, anpil manje ak lavi alèz, men li pa t ede endijan ak malere yo. Konsa, yo te plen ògèy e te komèt 37abominasyon devan M. Pou sa, Mwen te retire yo lè M te wè sa. Anplis, Samarie pa t komèt mwatye nan peche ou yo, paske ou te ogmante abominasyon ou yo plis pase yo. Konsa, ou te fè sè ou a parèt 38dwat akoz tout abominasyon ke ou te komèt yo. Anplis, sipòte wont ou paske ou te fè jijman an vin favorab pou sè ou yo. Akoz peche nan sila ou te 39aji pi mal ke yo menm yo, yo vin pi dwat pase ou. Wi, anplis vin twouble nèt e sipòte wont ou an, akoz ou te fè sè ou yo parèt dwat.
“‘“Malgre sa, Mwen va restore kaptivite yo, kaptivite Sodome ak fi li yo, kaptivite Samarie ak fi li yo, e ansanm avèk yo, kaptivite pa w, pou ou ka pote imilyasyon ou e sanse ou vin 40wont pou tout sa ou te fè lè ou te devni yon konsolasyon pou yo. Sè ou yo, Sodome ak fi li yo, e Samarie ak fi li yo, va retounen nan eta yo te ye a, e ou menm avèk fi ou yo va, anplis, retounen nan eta nou te ye a. Paske non a sè ou a, Sodome, pa t tande nan lèv ou nan jou ògèy ou a, avan 41mechanste ou te dekouvri a. Paske koulye a, ou devni repwòch a fi Syrie yo, e a tout sila ki antoure li yo, a fi a Filisten yo, sila ki antoure ou ki meprize ou yo. Ou te 42pote pinisyon zak lèd ou te fè, ak tout abominasyon yo,” deklare SENYÈ a.
“‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va, anplis, fè avèk ou jan ou te fè a, ou menm ki te 43meprize sèman an, e ki te kraze akò a. Malgre sa, Mwen va sonje akò Mwen an avèk ou nan jou jenès ou yo, e Mwen va etabli yon akò 44k ap dire pou tout tan avèk ou. Epi ou va 45sonje chemen ou yo, e ou va vin wont lè ou resevwa sè ou yo, ni pi gran, ni pi piti. Mwen va bay ou yo kon fi pa w, men pa selon akò ou a. Konsa, Mwen va 46etabli akò Mwen an avèk ou e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, pou ou ka 47sonje, vin wont, e pa janm ouvri bouch ou ankò akoz imilyasyon ou, pou lè M te padone ou pou tout sa ou te fè yo,” Senyè, BONDYE a deklare.’”
Source notes (47)
- Cross-reference És 58:1
- Cross-reference Os 2:3
- Cross-reference Det 32:10
- Cross-reference Egz 1:7
- Cross-reference Jen 22:16-18
- Cross-reference Rt 3:3
- Cross-reference Egz 26:36
- Cross-reference Jen 41:42
- Cross-reference És 28:5
- Cross-reference I Sam 10:1
- Cross-reference Sòm 50:2
- Cross-reference És 57:8
- Cross-reference Éz 16:11-12
- Cross-reference Os 2:8
- Cross-reference Sòm 106:37-38
- Cross-reference Egz 13:2
- Cross-reference Jr 2:2
- Cross-reference Sòm 78:58
- Cross-reference Pwov 9:14
- Cross-reference Jr 7:18-19
- Cross-reference És 9:12
- Cross-reference II Wa 16:7-18
- Cross-reference És 3:9
- Cross-reference És 52:3
- Cross-reference Jr 19:5
- Cross-reference Jr 13:22-26
- Cross-reference Éz 23:47
- Cross-reference Éz 23:47
- Cross-reference II Wa 25:9
- Cross-reference II Sam 24:25
- Cross-reference És 63:10
- Cross-reference I Sam 24:13
- Cross-reference És 1:4
- Cross-reference Jr 3:8-11
- Cross-reference II Wa 21:9
- Cross-reference Jen 19:9
- Cross-reference Jen 13:13
- Cross-reference Jr 3:8-11
- Cross-reference Éz 16:47-51
- Cross-reference Jr 2:26
- Cross-reference Éz 16:36-37
- Cross-reference Éz 23:49
- Cross-reference És 24:5
- Cross-reference És 55:3
- Cross-reference Jr 50:4-5
- Cross-reference Éz 20:37
- Cross-reference Éz 36:31-32
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.