Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Egzòd 23

1

Ou pa pou pote yon fo rapò. Pa jwenn men ou avèk yon moun mechan pou devni yon move temwen.

Ou pa pou swiv foul la nan fè mechanste, ni ou pa pou fè temwen nan yon pwosè k ap vire pou swiv foul la pou ou kapab 2fè lajistis vin konwonpi. 3Ni ou p ap apiye vè yon malere pou bay li avantaj nan pwosè a. 4

Si ou rankontre bèf, oswa bourik a lènmi ou k ap pati, anverite, ou va remèt li bay mèt li. 5Si ou wè bourik a yon moun ki rayi ou, k ap kouche anba gwo chaj, ou p ap abandone li nan pwoblèm nan, men ou va ede l dechaje li. 6

Ou pa pou konwonpi lajistis ki se dwa a yon malere nan pwosè li. 7

Rete lwen yon fo pwosè, e 8pa touye inosan an oswa moun ki dwat la, paske Mwen p ap jistifye koupab la. 9

Ou pa pou pran lajan anba tab, paske kòb anba tab ap avegle sila ki wè klè yo, e konwonpi kòz sila ki jis yo. 10

Ou pa pou oprime yon etranje, paske nou konnen pozisyon a yon etranje, konsi, nou osi te etranje nan peyi Égypte la. 11

Ou va simen tè ou pou sis ane, e rekòlte donn li, men nan setyèm ane a ou va kite li san fè anyen pou l kab pran repo. Konsa, malere pami pèp nou an kapab manje, epi nenpòt sa yo menm ta kite, ap rete pou bèt chan yo. Ou ap fè menm bagay la avèk chan rezen e avèk chan doliv ou yo.

Pandan 12sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.

Alò, 13konsènan tout sa ke M te pale avèk nou yo, pran atansyon pou fè yo. Konsa, pa nonmen non a lòt dye yo, ni kite yo tande pawòl sa yo sòti nan bouch nou. 14

Twa fwa pa ane nou va selebre yon fèt pou Mwen.

Nou va obsève 15fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven an, jan Mwen te kòmande nou an, nan tan ki apwente nan mwa Abib la, paske nan li nou te sòti an Égypte.

Epi okenn moun pèsòn p ap parèt devan M men vid.

Osi nou va obsève 16fèt Mwason Premye Fwi a travay nou yo, nan sa ke nou te simen nan chan, anplis, fèt rekòlt nan fen ane a lè nou fin ranmase tout fwi travay nan jaden nou yo. 17

Twa fwa pa lane tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ Bondye a. 18

Nou pa pou ofri san a sakrifis Mwen ansanm avèk pen ledven. Ni grès fèt Mwen an pa pou pase lannwit pou rive nan maten.

Nou va pote pi bon nan premye fwi latè yo antre nan kay SENYÈ a, Bondye nou an. 19Nou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.

“Gade byen, Mwen ap voye yon zanj devan nou pou pwoteje nou pandan nou nan chemen an, e pou mennen nou antre nan plas ke M te prepare pou nou an. Rete vijilan devan li, e obeyi vwa li. 20Pa fè rebelyon anvè li, paske li p ap padone peche nou yo, paske non Mwen nan li.

“Men si nou vrèman obeyi vwa li, e fè tout sa ke M pale nou yo, alò, 21Mwen va vin lènmi ak lènmi pa nou yo, e advèsè pou advèsè nou yo. 22Paske zanj Mwen va ale devan nou pou mennen nou nan peyi Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Kananeyen yo, Evityen yo, ak Jebizyen yo. Epi Mwen va detwi yo nèt. 23

“Nou pa pou adore dye pa yo, ni sèvi yo, ni fè selon zèv pa yo, men nou va boulvèse yo nèt e nou va kraze pilye sakre pa yo an mòso. Men nou va sèvi SENYÈ a Bondye nou an, e Li va beni pen nou, ak dlo nou; epi 24Mwen va retire maladi pami nou. P ap gen foskouch oswa 25moun esteril nan peyi nou. Mwen va fin akonpli fòs kantite jou ke n ap viv yo.

“Mwen va 26voye laperèz Mwen devan nou. Mwen va jete nan konfizyon tout pèp pami sila nou parèt yo, e Mwen va fè tout lènmi nou yo ban nou do. Mwen va voye gèp devan nou pou yo 27pouse mete deyò tout Evityen yo, Kananeyen yo, ak Etyen yo devan nou. 28Mwen p ap pouse yo deyò nan yon sèl ane, pou peyi a pa vin dezole, e pou bèt chan yo pa vin twòp pou nou. Mwen va pouse yo deyò devan nou 29mòso pa mòso jiskaske nou vin gran, e posede peyi a. 30

“Mwen va etabli bòn nou yo soti nan Lamè Wouj, jis rive nan lanmè Filisten yo, soti savann nan pou rive nan larivyè Euphrate 31paske Mwen va livre abitan peyi yo nan men nou, e nou va pouse yo ale devan nou. 32

“Nou pa pou fè okenn akò avèk yo, ni avèk dye pa yo. 33Yo p ap viv nan peyi nou, paske yo va fè nou peche kont Mwen; paske si nou sèvi dye pa yo, sa va vrèman vin yon pèlen pou nou.”

Source notes (33)
  1. Cross-reference Egz 20:16
  2. Cross-reference Det 16:19
  3. Cross-reference Egz 23:6
  4. Cross-reference Det 22:1-4
  5. Cross-reference Det 22:4
  6. Cross-reference Egz 23:2,3
  7. Cross-reference Ef 4:25
  8. Cross-reference Egz 20:13
  9. Cross-reference Pwov 15:27
  10. Cross-reference Lev 19:33
  11. Cross-reference Lev 25:1-7
  12. Cross-reference Egz 20:8-11
  13. Cross-reference Det 4:9,23
  14. Cross-reference Egz 23:17
  15. Cross-reference Egz 12:14-20
  16. Cross-reference Lev 23:16
  17. Cross-reference Egz 23:14
  18. Cross-reference Egz 34:25
  19. Cross-reference Det 14:21
  20. Cross-reference Det 9:7
  21. Cross-reference Jen 12:3
  22. Cross-reference Egz 23:20
  23. Cross-reference Egz 20:5
  24. Cross-reference Egz 15:26
  25. Cross-reference Det 7:14
  26. Cross-reference Jen 35:5
  27. Cross-reference Egz 33:2
  28. Cross-reference Det 7:22
  29. Cross-reference Det 7:22
  30. Cross-reference Jen 15:18
  31. Cross-reference Det 2:36
  32. Cross-reference Egz 34:12
  33. Cross-reference Det 7:1-5; Jij 2:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.