Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Egzòd 24

Alò, Li te di a Moïse: 1“Vin monte vè SENYÈ a, ou menm avèk Aaron, Nadab, Abihu avèk swasann-dis nan ansyen Israël yo, e nou va adore a yon distans. Men se sèl Moïse k ap vin toupre SENYÈ a, men yo menm p ap vin pre. Pèp la p ap monte avèk li.”

Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: 2“Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!” 3Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo.

Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo. Li te voye jèn mesye nan fis Israël yo, 4 yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis jèn towo kòm ofrann lapè bay SENYÈ a. 5

Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la. Epi li te pran 6liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.”

Alò, 7Moïse te pran san an. Li te aspèje li sou pèp la. Li te di: “Gade byen san akò a, ke SENYÈ a te fè avèk nou selon tout pawòl sa yo.”

Alò, Moïse te pran Aaron, 8Nadab, Abihu, ak swasann-dis nan ansyen Israël yo pou monte. 9Yo te wè Bondye Israël la. Anba pye li, te parèt yon choz tankou yon pave ki fèt an safì, klè tankou syèl la menm. Malgre Li pa t lonje men Li kont prens Israël sa yo. 10Yo te wè Bondye, yo te manje e yo te bwè.

Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Vin monte vè Mwen nan mòn nan e rete la, epi 11Mwen va bay ou tab wòch yo avèk lalwa ak kòmandman ke M te ekri pou enstwi yo.”

Alò, Moïse te leve avèk 12Josué, sèvitè li a, e Moïse te monte nan 13mòn Bondye a. Men a ansyen yo li te di: “Tann isit la pou nou jis lè nou retounen kote nou. Epi gade byen, 14Aaron avèk Hur isit avèk nou. Nenpòt moun ki genyen yon pwosè lalwa kapab pwoche yo.”

Alò Moïse te monte nan mòn nan, e 15nwaj la te kouvri mòn nan. 16

Glwa SENYÈ a te rete sou Mòn Sinai a, e nwaj la te kouvri li pandan sis jou. Nan setyèm jou a, Li te rele Moïse soti nan mitan nwaj la.

Nan zye a fis Israël yo, aparans glwa SENYÈ a te tankou yon 17dife ki t ap ravaje sou tèt mòn nan.

Moïse te antre nan mitan nwaj la pandan li te monte sou mòn nan. Konsa, Moïse te rete sou mòn nan pandan 18karant jou ak karant nwit.

Source notes (18)
  1. Cross-reference Egz 19:24
  2. Cross-reference Egz 19:8
  3. Cross-reference Egz 17:4
  4. Cross-reference Egz 18:12
  5. Cross-reference Eb 9:18
  6. Cross-reference Egz 24:4
  7. Cross-reference Eb 9:19,20
  8. Cross-reference Egz 24:1
  9. Cross-reference Egz 24:11
  10. Cross-reference Jen 16:3
  11. Cross-reference Egz 31:18
  12. Cross-reference Egz 17:9-14
  13. Cross-reference Egz 3:1
  14. Cross-reference Egz 17:10,12
  15. Cross-reference Egz 19:9
  16. Cross-reference Egz 16:10
  17. Cross-reference Det 4:24
  18. Cross-reference Egz 34:28

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.