Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Egzòd 22

Si yon nonm ta vòlè yon bèf oswa yon mouton epi kòche li oswa vann li, li va peye senk bèf pou bèf la, e 1kat mouton pou mouton an.

Si 2vòlè a vin kenbe pandan l ap fonse antre, e bat jis li vin mouri, p ap gen koupabilite pou san li sou kont mèt kay la. Men si solèy la gen tan leve sou li, va genyen koupabilite san sou li. Li va anverite peye dedonmajman an. Si li pa posede anyen, alò, 3y ap vann li pou vòl sa a. Si sa li te vòlè a twouve nan posesyon li, menm si se yon bourik, oswa yon mouton, 4li va peye li doub.

Si yon mesye kite bèt li yo manje nan yon chan, oswa yon jaden jiskaske jaden an fini nèt, e kite bèt li lage pou li manje nan chan a yon lòt moun, li va peye dedonmajman an soti nan pi bon pati tè li, ak meyè pati chan rezen li an.

Si yon dife vin parèt, e kouri jwenn bwa pikan yo, jis rive sereyal k ap rasanble nan chan an, oswa sereyal chan an li menm pran dife, sila ki te limen dife a va anverite peye. 5

Si yon mesye bay vwazen li lajan oswa byen li pou kenbe pou li, e li vòlè soti lakay mesye a, depi vòlè a kenbe, li va peye doub. Si yo pa jwenn vòlè a, alò, mèt kay la va parèt devan 6jij yo pou konstate si li te mete men li sou byen vwazen li an.

Pou chak vyòl konfyans, kèlkeswa ke se pou bèf, pou bourik, pou mouton, pou rad, oswa pou nenpòt bagay ki pèdi, si yon moun kapab di: “Sila se pa m nan!”, yo toude va vini devan 7jij yo. Konsa, sila ke jij yo kondane a va peye doub a vwazen li an.

Si yon mesye bay vwazen li yon bourik, yon bèf, yon mouton, oswa nenpòt bèt pou kenbe pou li, epi li vin mouri, oswa blese, oswa pouse ale lè moun pa wè, yon 8sèman devan SENYÈ a va fèt pa yo dèske li pa t mete men l sou byen a vwazen li. Konsa, mèt li va aksepte li, e li p ap oblije fè peye dedonmajman. Men si li te vrèman vòlè li, li va peye dedonmajman a mèt li. Si li chire an mòso, kite sa mennen kòm evidans. Li p ap peye dedonmajman pou sa ki chire an mòso a.

Si yon mesye prete yon bagay nan men vwazen li, e sa vin donmaje oswa mouri pandan mèt li pa la, li va peye tout rekonpans. Si mèt li la avè l, li p ap peye rekonpans. Si se lwaye, sa te vini ak frè lwaye li. 9

Si yon mesye sedwi yon vyèj ki poko fiyanse, e li vin kouche avèk li, li dwe peye li yon frè fiyanse pou l ka vin madanm li. Si papa li refize nèt pou ba li fi li, li va peye lajan ki menm fòs avèk 10frè fiyanse a pou vyèj yo.

Ou pa pou kite yon 11majisyen viv.

Nenpòt moun ki kouche avèk yon bèt, va asireman mete a lanmò. 12 13

Sila ki fè sakrifis a nenpòt dye, sof ke SENYÈ a sèl, va detwi nèt. 14

Ou pa pou fè mal a yon etranje, ni oprime li, paske se te etranje nou te ye nan peyi Égypte la. 15

Ou pa pou oprime okenn vèv, ni òfelen. Si ou oprime li, e li kriye ban Mwen, 16Mwen va anverite tande kri li; epi kòlè Mwen va vin ogmante. Mwen va touye ou avèk nepe, e madanm ou yo va vin vèv, e pitit ou yo va vin san papa. 17

Si ou prete lajan a pèp Mwen an, a malere yo pami nou yo, ou pa pou aji kòm kreditè anvè li. Ou pa pou mande frè 18enterè. Si ou janmen pran manto vwazen ou kòm 19garanti, fòk ou remèt li li avan solèy la kouche, paske se sa sèl ki kouvri li. Se manto pou kò li. Kisa ankò li kab sèvi pou l dòmi? Epi li va rive ke lè li kriye fò, Mwen va tande li, paske 20Mwen ranpli avèk mizerikòd.

Ou pa pou modi Bondye, 21ni modi yon chèf pèp ou. 22

Ou pa pou fè reta avèk ofrann ki sòti nan rekòlt la avèk diven an.

Premye ne nan fis ou yo, ou va ban Mwen l. 23Ou va fè menm bagay la avèk bèf ou yo, ak mouton ou yo. Li va rete avèk manman l pandan sèt jou, e nan uityèm jou a ou va ban Mwen li. 24

Nou va dèzòm ki sen pou Mwen; konsa, nou p ap manje okenn chè ki chire an mòso nan chan. Nou va jete li bay chen.

Source notes (24)
  1. Cross-reference II Sam 12:6
  2. Cross-reference Mat 6:19
  3. Cross-reference Mat 18:25
  4. Cross-reference Egz 22:7
  5. Cross-reference Lev 6:1-7
  6. Cross-reference Egz 22:9
  7. Cross-reference Egz 22:8,28
  8. Cross-reference Eb 6:16
  9. Cross-reference Det 22:28,29
  10. Cross-reference Jen 24:12
  11. Cross-reference Lev 19:31
  12. Cross-reference Lev 18:23
  13. Cross-reference Egz 32:8
  14. Cross-reference Det 27:19
  15. Cross-reference Det 24:17,18
  16. Cross-reference Job 34:28
  17. Cross-reference Sòm 109:2,9
  18. Cross-reference Né 5:7
  19. Cross-reference Pwov 20:16
  20. Cross-reference Egz 34:6
  21. Cross-reference Ekl 10:20
  22. Cross-reference Egz 13:2,12
  23. Cross-reference Det 15:19
  24. Cross-reference Egz 19:6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.