Bib Sen An
Egzòd 19
Nan twazyèm mwa apre fis Israël yo te soti nan peyi Égypte la, nan jou sa a menm, yo te vin antre nan dezè 1Sinaï a. Lè yo te pati soti 2Rephidim, yo te vini nan dezè Sinaï a. Yo te fè kan nan dezè a. Se la Israël te fè kan devan mòn lan.
Moïse te monte vè Bondye. 3SENYÈ a te rele li soti nan mòn nan. Li te di: “Konsa ou va pale ak lakay Jacob la pou di fis Israël yo: ‘Nou menm, nou te wè sa ke Mwen te fè Ejipsyen yo, jan Mwen te pote nou sou zèl 4èg yo, e te mennen nou kote Mwen menm. Alò, koulye a, 5si nou obeyi vwa Mwen, e 6kenbe akò Mwen, alò nou va pwòp posesyon pa M pami tout pèp yo. Paske tout latè se pou Mwen. Konsa, nou va pou Mwen, yon 7wayòm prèt yo, e 8yon nasyon ki sen.’ Sa yo se pawòl ke ou va pale a fis Israël yo.” 9
Se konsa Moïse te vini, e te rele ansyen pami pèp yo. Konsa, li te plase devan yo tout pawòl sa yo ke SENYÈ a te kòmande li. 10Tout pèp la te reponn ansanm. Yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a te pale yo, nou va fè yo!” Epi Moïse te mennen retounen tout pawòl a pèp yo devan SENYÈ a.
SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, Mwen va vini kote ou nan yon nwaj byen fonse, pou 11pèp la kapab tande lè M pale avèk ou, e pou yo kapab kwè nan ou pou tout tan.”
Alò, Moïse te di SENYÈ a pawòl a pèp la.
SENYÈ a anplis te di a Moïse: “Ale vè pèp la, 12konsakre yo jodi a avèk demen, e kite yo lave vètman yo; epi kite yo fin prepare pou twazyèm jou a, paske nan 13twazyèm jou a SENYÈ a va vin desann sou Mòn Sinaï a nan zye a tout pèp la.
“Ou va fè bòn limit pou moun toutotou yo. Ou va di yo: ‘Gade byen pou nou pa monte sou mòn nan, ni touche rebò li. 14Nenpòt moun ki touche mòn nan va anverite mete a lanmò. Nanpwen men k ap mete sou moun sa a, men 15li va anverite lapide oswa frennen nèt; menm si se moun oswa bèt, li p ap viv.’ Lè twonpèt kòn lan fè yon gwo son, yo va monte vè mòn nan.”
Epi Moïse te desann mòn nan vè pèp la. Li te konsakre pèp la, e yo te lave vètman yo. Li te di a pèp la: “Mete ou prè pou twazyèm jou a; pa pwoche pre fanm.”
Konsa, 16li te rive nan twazyèm jou a, lè li te vin maten, te genyen gwo tonnè avèk kout loray avèk yon nwaj byen fonse sou mòn nan, ak yon son twonpèt byen fò, jiskaske tout moun ki te nan kan an te tranble. Epi Moïse te mennen pèp la sòti nan kan an pou rankontre Bondye. Yo te kanpe nan pye mòn nan. 17
Alò, Mòn Sinai te nan lafimen nèt akoz SENYÈ a te desann sou li nan dife. Lafimen li te monte tankou lafimen yon founo, e tout mòn nan te tranble avèk vyolans.
Lè son twonpèt la te vin pi fò, e pi fò toujou, Moïse te pale, e 18Bondye te reponn avèk tonnè. 19
SENYÈ a te vin desann sou Mòn Sinai, sou tèt mòn nan. Senyè a te rele Moïse anwo tèt mòn nan, epi Moïse te monte. SENYÈ a te pale ak Moïse: “Ale desann avèti pèp la pou yo pa 20pase antre vè SENYÈ a pou wè; konsa, pou anpil nan yo ta vin mouri. Osi, ke 21prèt ki pwoche toupre SENYÈ yo konsakre yo menm, oswa SENYÈ a va eklate kont yo.”
Moïse te di a SENYÈ a: “Pèp la pa kapab monte sou Mòn Sinai a, paske Ou te avèti nou, e te di: ‘Mete limit bòn yo antoure mòn nan, e konsakre li.’”
Alò, SENYÈ a te di li: “Ale desann e monte ankò, 22ou menm e Aaron avèk ou. Men pa kite 23prèt yo, ni pèp la pase antre pou monte vè SENYÈ a, oswa L ap eklate sou yo.”
Konsa, Moïse te desann vè pèp la e te pale yo.
Source notes (23)
- Cross-reference Det 1:6
- Cross-reference Egz 17:1
- Cross-reference Egz 3:4
- Cross-reference Det 32:11
- Cross-reference Det 5:21
- Cross-reference Sòm 78:10
- Cross-reference Rev 1:6
- Cross-reference És 62:12
- Cross-reference Egz 4:29,30
- Cross-reference Egz 4:31
- Cross-reference Det 4:12,36
- Cross-reference Lev 11:44,45
- Cross-reference Egz 19:16
- Cross-reference Eb 12:20
- Cross-reference Eb 12:20
- Cross-reference Eb 12:18,19,21
- Cross-reference Det 4:11
- Cross-reference Sòm 81:7
- Cross-reference Né 9:13
- Cross-reference Egz 3:5
- Cross-reference Lev 10:3
- Cross-reference Egz 24:1,9,12
- Cross-reference Egz 19:22
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.