Bib Sen An
Egzòd 18
Alò 1Jéthro, prèt Madian an, bòpè Moïse la, te tande tout sa ke Bondye te fè pou Moïse, ak pou Israël, pèp li a. Jan SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte.
Jéthro, bòpè Moïse la, te pran 2Séphora, madanm a Moïse la apre li te fin voye li ale, ansanm avèk 3de fis li yo. Youn nan yo te nonmen Guerschom, paske Moïse te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.” Lòt la te nonmen 4Eliézer, paske li te di: 5“Bondye a papa m nan te èd mwen, e Li te delivre m anba nepe Farawon.”
Alò, Jéthro, bòpè Moïse la te vini avèk fis li yo ak madanm li vè Moïse nan dezè kote li te fè kan an, akote 6mòn Bondye a. Li te voye di Moïse: “Mwen menm, bòpè ou Jéthro, ap vin kote ou avèk madanm ou, ak de fis li yo avè l.”
Alò, Moïse te sòti pou rankontre bòpè li. Li te bese ba e li te bo li, epi yo chak te 7mande lòt kijan yo te ye, epi yo te antre nan tant lan.
Moïse te pale bòpè li de tout sa ke SENYÈ a te fè Farawon an, ak Ejipsyen yo pou koz Israël, tout traka ki te vini sou yo nan vwayaj la, ak jan 8SENYÈ a te delivre yo.
Jéthro te rejwi de tout 9bonte ke SENYÈ a te fè anvè Israël, lè l te delivre yo nan men Ejipsyen yo. Konsa, Jéthro te di: “10Beni se SENYÈ a ki te delivre ou nan men Ejipsyen yo, ak nan men Farawon, e ki te delivre pèp la anba men Ejipsyen yo. Koulye a mwen konnen ke 11SENYÈ a pi gran ke tout dye yo, akoz jan yo te aji nan ògèy kont pèp la.” 12
Epi Jéthro, bòpè Moïse la te fè yon ofrann brile avèk sakrifis pou Bondye. Aaron te vini avèk tout ansyen Israël yo pou manje yon repa avèk bòpè Moïse la devan Bondye.
Li te vin rive nan pwochen jou a ke Moïse te chita pou jije pèp la, e pèp la te kanpe antoure Moïse soti nan maten pou rive jis aswè.
Alò, lè bòpè Moïse la te wè tout sa ke li te fè pou pèp la, li te di: “Kisa ke w ap fè pou pèp la konsa la a? Poukisa ou chita ou sèl ou tankou jij, e tout pèp la kanpe antoure ou soti nan maten, rive jis aswè?”
Moïse te di bòpè li: “Akoz pèp la vin kote mwen pou 13fè demann pou jijman Bondye. Depi yo gen 14kont yo vin kote mwen, mwen jije antre yon nonm avèk vwazen li e mwen fè konnen règleman Bondye avèk lalwa Li yo.”
Bòpè Moïse la te di li: “Sa ke w ap fè a pa bon. 15Ou va anverite vin epwize ou nèt, ni ou menm, ni pèp ki avè w la, paske tach la twò lou pou ou. 16Ou p ap kapab fè l pou kont ou.
“Koulye a, koute mwen. M ap ba ou konsèy, e ke Bondye kapab avè w. Ou va reprezante pèp la devan Bondye, e ou va 17mennen dispit yo devan Bondye. 18Epi enstwi yo nan règleman avèk lalwa yo, e fè yo konnen nan 19chemen ke yo dwe mache a, ak travay ke yo dwe fè a.
“Anplis de sa, ou va chwazi pami tout pèp la, 20mesye ki kapab yo ki 21gen lakrent Bondye, moun ak verite, ki rayi richès malonèt. Konsa, ou va plase yo sou pèp la kòm chèf sou milye, sou santèn, sou senkantèn, ak sou dis. Kite yo jije pèp la nan tout lè. Konsa, kite sa fèt ke chak gwo ka va vini devan ou, men chak ti ka, yo menm yo va jije yo.
“Konsa li va pi fasil pou ou, e 22yo va pote chaj la avèk ou. Si ou fè bagay sa a jan Bondye kòmande ou a, alò, ou va gen kouraj pou andire, e anplis, tout moun sa yo va ale lakay yo anpè.”
Alò Moïse te koute bòpè li, e li te fè tout sa ke li te di yo. Moïse te chwazi 23mesye avèk kapasite pami tout Israël, e li te fè yo chèf sou pèp la, chèf sou dè milye, chèf sou dè santèn, chèf sou dè senkantèn, e sou dè dizèn. Yo te jije pèp la nan tout tan. 24Ka ki difisil yo te mennen kote Moïse, e chak ti ka, yo te jije yo pou kont yo.
Konsa, Moïse te 25di bòpè li orevwa, e li te fè wout li pou ale nan peyi li.
Source notes (25)
- Cross-reference Egz 2:16,18
- Cross-reference Egz 2:21
- Cross-reference Egz 2:22
- Cross-reference I Kwo 23:15
- Cross-reference Jen 49:25
- Cross-reference Egz 3:1,12
- Cross-reference Jen 43:27
- Cross-reference Egz 15:6,16
- Cross-reference És 63:7-14
- Cross-reference Jen 14:20
- Cross-reference Sòm 95:3
- Cross-reference Jen 31:54
- Cross-reference Nonb 9:6,8
- Cross-reference Egz 24:14
- Cross-reference Nonb 11:14,17
- Cross-reference Det 1:9
- Cross-reference Nonb 27:5
- Cross-reference Det 1:18
- Cross-reference Sòm 143:8
- Cross-reference Trav 6:3
- Cross-reference Jen 42:18
- Cross-reference Nonb 11:17
- Cross-reference Egz 18:21
- Cross-reference Egz 18:22
- Cross-reference Nonb 10:29,30
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.