Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Egzòd 17

Alò, tout asanble a fis Israël yo te vwayaje pazapa vè dezè 1Sin nan. Selon kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan nan 2Rephidim, men pa t gen dlo pou moun yo bwè. Akoz sa, pèp la te chache kont avèk Moïse. Yo te di: “Bannou dlo pou nou kab bwè.”

Konsa, Moïse te di: “Poukisa nou chache kont avè m? 3Poukisa nou pase SENYÈ a a leprèv?”

Men nan plas sa a pèp la te swaf dlo, epi yo te 4plenyen kont Moïse. Yo te di: “Poukisa ou te mennen nou monte isit la kite Égypte, pou touye nou avèk zanfan nou yo, ak 5bèt nou yo avèk swaf.”

Alò Moïse te kriye a SENYÈ a. Li te di: “Kisa pou m ta fè ak pèp sa a? 6Yon ti kras ankò e y ap lapide mwen.”

Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pase devan pèp la, e pran avè w kèk nan ansyen Israël yo. Epi pran nan men ou baton ou avèk sila ou te frape Nil lan, e ale. 7 Ou va frape wòch la, e dlo va sòti ladann, pou pèp la kapab bwè.” Gade byen, Mwen va kanpe devan ou sou wòch 8Horeb la. Konsa, Moïse te fè sa devan zye a ansyen Israël yo. Li te nonmen kote a Massa ak Meriba, akoz kont ke fis Israël yo te genyen, e akoz ke yo te pase SENYÈ a a 9leprèv lè yo te di: “Èske SENYÈ a pami nou, wi oswa non?”

Alò, 10Amalèk te vin goumen kont Israël nan Rephidim. Konsa, Moïse te di a 11Josué: “Chwazi mesye yo pou nou, e sòti pou batay kont Amalèk. Demen mwen va vin estasyone Mwen menm nan do kolin nan avèk 12baton a Bondye a nan men m.”

Josué te fè jan Moïse te mande li fè a, e li te goumen kont Amalèk. Epi Moïse, Aaron, avèk 13Hur te monte anwo tèt do kolin nan. Konsa, li te vin rive ke lè Moïse te leve men l, pèp Israël la te vin genyen, men lè li te kite men l desann, Amalèk te vin genyen.

Men men Moïse te vin lou. Pou sa a, yo te pran yon wòch, yo te mete li anba li, e li te chita sou li. Aaron avèk Hur te bay men li 14soutyen, youn sou yon bò, e lòt la sou lòt bò a. Konsa men li te rete dyanm jis rive lè solèy la te vin kouche. Epi Josué te bat Amalèk avèk pèp li a avèk lam nepe.

Alò SENYÈ a te di a Moïse: “15Ekri sa a nan yon liv pou gen kòm souvni, e repete li a Josué, ke Mwen va konplètman efase memwa Amalèk soti anba syèl la.”

Moïse te bati yon 16lotèl e te nonmen li: “SENYÈ a Se Drapo mwen.” Li te di: 17“SENYÈ a te sèmante: SENYÈ a va fè lagè kont Amalèk de jenerasyon an jenerasyon.”

Source notes (17)
  1. Cross-reference Nonb 33:12
  2. Cross-reference Egz 19:2
  3. Cross-reference Det 6:16
  4. Cross-reference Egz 16:2,3
  5. Cross-reference Egz 12:38
  6. Cross-reference Nonb 14:10
  7. Cross-reference Egz 3:16,18; Egz 7:20
  8. Cross-reference Egz 3:1; Nonb 20:10,11
  9. Cross-reference Nonb 14:22
  10. Cross-reference Jen 36:12
  11. Cross-reference Egz 24:13
  12. Cross-reference Egz 4:20
  13. Cross-reference Egz 24:14
  14. Cross-reference És 35:3
  15. Cross-reference Egz 24:4
  16. Cross-reference Egz 24:4
  17. Cross-reference Jen 22:16

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.