Bib Sen An
Egzòd 20
Bondye te pale tout pawòl sa yo e te di: “Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, 1ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.
“Ou pa pou gen lòt 2dye devan M. 3
“Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a. 4
“Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye 5jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd 6pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo. 7
“Ou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki mal sèvi ak non Li an san pinisyon.”
Sonje 8jou Saba a pou kenbe l sen. 9
Si jou nou va travay e nou va fè tout travay nou yo, men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. 10Ladan l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou. 11
Paske nan si jou, SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, lanmè a, ak tout sa ki gen ladann, e Li te repoze nan setyèm jou a. Konsa, SENYÈ a te beni jou Saba a, e te fè l sen. 12
Onore papa ou avèk manman ou, pou 13jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou. 14
Ou pa pou touye moun. 15Ou pa pou fè adiltè. 16
Ou pa pou vòlè. 17
Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.
Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; 18ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou. 19
Tout pèp la te tande gwonde tonnè avèk kout loray ak son a twonpèt la, ak mòn nan ki t ap fè lafimen. Lè pèp la te wè li, yo te tranble e te kanpe a yon distans. 20Konsa, yo te di Moïse: “Pale avèk nou ou menm, e nou va koute; men pa kite Bondye pale avèk nou, oswa nou va mouri.”
Moïse te di a pèp la: “Pa pè, paske Bondye vini 21pou pase nou a leprèv, e pou 22lakrent Li kapab rete avèk nou, pou nou pa peche.”
Alò, pèp la te kanpe a yon distans, pandan Moïse te pwoche 23gwo nwaj la kote Bondye.
Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Konsa ou va pale avèk fis Israël yo: ‘Nou menm, nou gen tan wè ke 24Mwen te pale avèk nou depi nan syèl la. Nou pa pou fè lòt dye apati de Mwen menm; 25dye an ajan, ni dye an lò, nou pa pou fè yo pou nou menm.
“‘Nou va fè yon 26lotèl avèk tè pou Mwen, e nou va fè sakrifis sou li nan ofrann brile, ak ofrann lapè, mouton nou yo, avèk bèf nou yo. Nan chak plas kote Mwen fè non Mwen sonje, Mwen va vin kote nou, e Mwen va beni nou.
“‘Si nou fè yon lotèl avèk wòch pou mwen, nou pa pou fè l avèk wòch taye, paske si ou itilize zouti ou sou li, li vin pa sen ankò. Epi nou pa pou monte nan eskalye vè lotèl Mwen, pou 27nidite nou pa parèt a li.’”
Source notes (27)
- Cross-reference Egz 13:3
- Cross-reference Egz 15:11
- Cross-reference Lev 19:4
- Cross-reference Egz 23:24
- Cross-reference Na 1:2
- Cross-reference Det 7:9
- Cross-reference Lev 19:12
- Cross-reference Lev 26:2
- Cross-reference Det 5:13
- Cross-reference Né 13:16-19
- Cross-reference Jen 2:2,3
- Cross-reference Lev 19:3
- Cross-reference Jr 35:7
- Cross-reference Luc 18:20
- Cross-reference Lev 20:10
- Cross-reference Egz 21:16
- Cross-reference Det 5:20
- Cross-reference Pwov 6:29
- Cross-reference Egz 19:16,18
- Cross-reference Gal 3:19
- Cross-reference Det 13:3
- Cross-reference És 8:13
- Cross-reference Egz 19:16
- Cross-reference Det 4:36
- Cross-reference Egz 32:1,2,4
- Cross-reference Egz 20:25
- Cross-reference Egz 28:42,43
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.