Bib Sen An
Detewonòm 34
Alò, Moïse te monte soti plèn Moab pou rive nan Mòn Nebo, jis rive nan pwent Pisga ki anfas Jéricho a. Epi SENYÈ a te montre li tout peyi Galaad la jis rive Dan, epi tout Nephtali avèk peyi Ephraïm ak Manassé ak tout peyi Juda jiska 2lanmè lwès la, epi Negev avèk plèn nan vale a Jéricho, 3lavil pye palmis yo, jis rive Tsoar.
Alò, SENYÈ a te di li: “Sa se peyi a ke 4Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen te di: ‘Mwen va bay li a desandan nou yo’. Mwen te kite ou wè li avèk zye ou, men ou p ap rive ale la.”
Konsa, Moïse, sèvitè Bondye a, 5te mouri la nan peyi Moab, selon pawòl a SENYÈ a. Li te antere li nan vale a nan peyi Moab, 6anfas Beth-Peor, men okenn moun pa konnen plas antèman li, jis jodi a.
Moïse te nan laj san-ventan lè li te mouri an. 7Zye li pa t fèb, ni fòs li pa t vin febli. Konsa, fis Israël yo te kriye pou Moïse nan plèn Moab yo pandan trant jou jis lè jou kriye avèk doulè pou Moïse te vin fini.
Alò, Josué, fis a Nun nan, te 8ranpli avèk lespri sajès la, paske Moïse te poze men l sou li. Pou sa, fis Israël yo te koute li e te fè jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Depi nan tan sa a, 9okenn lòt pwofèt pa t vin leve an Israël tankou Moïse, ke 10SENYÈ a te konnen fasafas, pou tout sign avèk mèvèy ke SENYÈ a te voye li fè nan peyi Égypte la kont Farawon, tout sèvitè li yo avèk tout tèritwa li a, epi pou tout gran pouvwa ak tout gran laperèz ke Moïse te montre devan zye a tout Israël.
Source notes (10)
- Cross-reference Det 32:49
- Cross-reference Det 11:24
- Cross-reference Jij 1:16
- Cross-reference Jen 12:7
- Cross-reference Det 32:50
- Cross-reference Det 3:29
- Cross-reference Jen 27:1
- Cross-reference Nonb 27:18-23
- Cross-reference 18:15-18
- Cross-reference Egz 33:11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.