Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Josué 1

Alò, li te vin rive ke apre lanmò Moïse, sèvitè SENYÈ a, ke SENYÈ a te pale avèk Josué, fis a Nun nan, sèvitè Moïse la. Li te di: “Moïse, 1sèvitè Mwen an, gen tan mouri. Pou sa, leve, travèse Jourdain sila a, ou menm avèk tout pèp sa a, nan peyi ke Mwen ap bay a yo menm, a fis Israël yo. 2

“Chak kote ke pla pye ou va pile, Mwen ap ba ou li, jis jan ke Mwen te pale a Moïse la. 3Soti nan dezè a ak Liban sila a, menm jis rive nan gran rivyè a, Rivyè Euphrate la, tout peyi Etyen an, jis rive nan Gran Lamè a vè solèy kouche a va tèritwa pa nou. 4Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou. 5Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.

“Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; 6fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale. 7

“Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.

“Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! 8Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

Konsa, Josué te kòmande ofisye pèp yo. Li te di: “Pase nan mitan kan an e kòmande pèp la pou di yo: ‘Prepare pwovizyon nou. Paske nan 9twa jou, nou va travèse Jourdain sila a, pou antre pran peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou posede a.’” 10

A Ribenit yo avèk Gadit yo ak mwatye tribi Manassé a, Josué te di: “Sonje pawòl ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou, lè l te di: 11‘SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou repo, e Li va bannou peyi sa a.

“‘Madanm nou yo, pitit nou yo ak bèt nou yo va rete nan peyi ke Moïse te bannou lòtbò Jourdain an; men nou va travèse devan frè nou yo, prepare an lòd batay la, tout sòlda vanyan nou yo e ou va bay yo soutyen, jiskaske SENYÈ a bay frè nou yo repo, tankou nou, epi yo menm tou, yo posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bay yo a. 12Epi nan lè sa a, nou va retounen nan pwòp tèren pa nou an, e posede sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bannou lòtbò Jourdain an, vè solèy leve a.’”

Yo te reponn Josué e te di: “Tout sa ke ou te kòmande nou, nou va fè l, epi nenpòt kote ke ou voye nou, nou va ale. Jis jan ke nou te obeyi Moïse nan tout bagay la, konsa nou va obeyi ou. Sèlman 13ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk ou tankou Li te avèk Moïse la. Nenpòt moun ki fè rebèl kont lòd ou, e ki pa obeyi pawòl ou yo nan tout sa ou kòmande li fè yo, li va vin mete a lanmò. Sèlman, kenbe fèm e pran kouraj.”

Source notes (13)
  1. Cross-reference Nonb 12:7
  2. Cross-reference Det 11:24
  3. Cross-reference Jen 15:8
  4. Cross-reference Det 7:24
  5. Cross-reference Det 31:6-23
  6. Cross-reference Det 5:32
  7. Cross-reference Det 31:24
  8. Cross-reference Det 31:8
  9. Cross-reference Jos 3:2
  10. Cross-reference Nonb 32:20-22
  11. Cross-reference Det 3:18-20
  12. Cross-reference Jos 22:4
  13. Cross-reference Jos 1:5-9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.