Bib Sen An
Detewonòm 33
Alò, sa se benediksyon yo avèk sila Moïse, 1nonm a Bondye a, li te beni fis Israël yo avan lanmò li. Li te di: 2
“SENYÈ a te sòti nan Sinai,
e te parèt sou yo soti nan Séir.
Li te briye soti nan Mòn Paran.
Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen.
Nan men dwat Li, te gen yon lalwa
byen cho ki te pou yo.
Anverite, Li renmen pèp la. 3
Tout sen li yo nan men Ou.
Sou pye Ou, yo tout pwostène.
Yo te resevwa pawòl Ou yo.
Moïse te pase nou lòd avèk yon lwa, 4
eritaj pou asanble Jacob la. 5
Epi Li te wa an Israël
lè tèt a pèp la te rasanble
tout tribi a Israël yo ansanm. 6
Ke Ruben viv e pa mouri;
ni ke moun li yo pa manke.” 7
Sa se pou Juda: Li te di,
“Tande O Israël vwa Juda,
e mennen li vè pèp li.
Avèk men li, li te lite pou kont li.
Ou va bay li soutyen kont advèsè pa li.”
A Lévi, li di: 8
Thumim nan avèk Urim nan
apatyen a sèvitè fidèl Ou,
ou te pase li a leprèv nan Massa,
avèk sila ou te goumen nan dlo Meriba yo.
Li te di de papa l avèk manman l:
“Mwen pa t wè li.”
Li pa t rekonèt pwòp frè pa li,
ni fis li yo 9pwiske yo te swiv pawòl Ou
e te kenbe akò Ou. 10
Yo va enstwi òdonans Ou yo a Jacob,
e lwa Ou a Israël.
Yo va mete lansan devan Ou,
ak ofrann brile an gwo sou lotèl Ou.
O SENYÈ, beni abilite li yo,
e beni zèv men li yo.
Kase ren a sila ki leve kont li yo,
e sila ki rayi li kòmsi pou yo pa leve ankò.
A Benjamin, li te di: 11
“Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li,
paske Li pwoteje li tout lajounen.
Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.”
A Joseph, li te di: 12
“Peyi li se beni pa SENYÈ a
ak lawouze presye ki soti nan syèl la,
e avèk dlo pwofon ki anba,
pou meyè chwa a solèy la, ak meyè pwodwi lalin nan,
pou pi bèl bagay a 13mòn ansyen yo,
pou pi bèl bagay nan kolin yo kap dire nèt,
pou pi bèl bagay tè yo ak tout sa ki ladan l,
ak favè 14a Sila ki te demere nan touf bwa brile a.
Men kite sa vin parèt sou tèt Joseph la,
sou kouwòn a sila ki pi elve pami frè li yo.
Tankou premye ne a bèf li, lonè pou li.
Kòn li yo se kòn a 15bèf mawon.
Avèk yo, li va bourade pèp yo,
jis a sila a ki nan pwent latè yo.
Sila yo se di-mil a Ephraïm yo.
Yo se milye a Manassé yo.”
De Zabulon, li te di: 16
“Rejwi, Zabulon lè nou soti,
ak Issacar nan tant nou yo.
Yo va rele nasyon yo vini nan mòn lan.
La, yo va ofri sakrifis ladwati,
paske yo va rale 17abondans lanmè
ak trezò ki kache nan sab yo.”
De Gad, li te di:
“Beni se sila ki fè Gad vin pi gwo;
li kouche ba 18tankou yon manman lyon,
pou l dechire bra a oswa tèt la.
Premye pati li fè pou kont li,
paske pou li, pòsyon gran chèf lalwa a te rezève.
Epi li te vini avèk chèf a pèp yo. 19
Li te egzekite jistis a SENYÈ,
òdonans Li yo avèk Israël.” 20
De Dan, li te di:
“Dan se pòtre a yon lyon
ki vòltije sòti nan Basan.”
De Nephtali, li te di:
“21O Nephtali, satisfè avèk favè,
ranpli avèk benediksyon SENYÈ a,
Kon eritaj, vin pran pati lwès la, ak sid la.” 22
De Aser, li te di:
“Pi beni pase fis yo se Aser.
Ke li kapab beni pa frè li yo.
Ke pye li kapab vin fonse nan lwil.
Très cheve ou yo va tankou fè avèk bwonz. 23
Selon kantite jou ou yo, konsa, ou va gen fòs.
Nanpwen lòt ki tankou Bondye Israël la, 24
ki monte sou syèl yo pou rive ede nou,
e ki travèse syèl yo nan majeste Li. 25
Bondye etènèl la se kote pou nou kache.
Pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan.
Li te chase lènmi an devan nou;
Li te di: ‘Detwi!’ 26
Konsa, Israël viv ansekirite,
sous Jacob ki mete apa a, 27
nan yon peyi sereyal avèk diven nèf.
Wi, syèl Li yo vin degoute lawouze a.
Beni ou ye, O Israël! 28
Kilès ki sanble avèk ou,
yon pèp delivre pa SENYÈ a,
ki se pwotèj k ap ba ou sekou a
ki se nepe a majeste ou?
Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou,
e ou va foule wo plas yo.”
Source notes (28)
- Cross-reference Jos 14:6
- Cross-reference Egz 19:18-20
- Cross-reference Det 7:6
- Cross-reference Sòm 119:111
- Cross-reference Nonb 23:21
- Cross-reference Jen 49:3-4
- Cross-reference Jen 49:8-12
- Cross-reference Egz 28:30
- Cross-reference Mat 2:5
- Cross-reference Lev 10:11
- Cross-reference Det 4:37
- Cross-reference Jen 27:27-28
- Cross-reference Hab 3:6
- Cross-reference Egz 2:2-6
- Cross-reference Nonb 23:22
- Cross-reference Jen 49:13-15
- Cross-reference És 60:5
- Cross-reference Jen 49:9
- Cross-reference Jos 22:1-3
- Cross-reference Jen 49:16
- Cross-reference Jen 49:21
- Cross-reference Jen 49:20
- Cross-reference Det 4:40
- Cross-reference Det 10:14
- Cross-reference Sòm 90:1-2
- Cross-reference Det 33:12
- Cross-reference Jen 27:28-37
- Cross-reference Det 4:32
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.