Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Detewonòm 3

1

“Alò, nou te vire monte nan wout la vè Basan. Konsa, Og, wa a Basan an avèk tout pèp li a te sòti pou rankontre nou nan batay nan Édréï. Men SENYÈ a te di mwen: ‘Pa pè li, paske Mwen te livre li avèk tout pèp li a, ak peyi li a nan men ou; epi ou va fè li menm jan ke ou te fè Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon an.’

“Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, te livre osi Og, wa Basan an, avèk tout pèp li a nan men nou e nou te frape yo jis nanpwen ki te rete vivan. Nou te pran an kaptif tout vil li yo nan tan sa a; nanpwen vil ke nou pa t pran sou yo: swasant vil, tout rejyon Argob la, wayòm a Og la, nan Basan. Tout vil sa yo te fòtifye avèk miray ki wo, avèk pòtay byen bare; epi osi, anpil vil ki te san miray. Nou te konplètman detwi yo, jis jan ke nou te fè a 2Sihon, wa Hesbon an, e nou te 3konplètman detwi gason, fanm ak pitit a chak vil yo. 4Men nou te piyaje tout bèt ak byen a vil yo.

“Konsa, nou te pran peyi a nan tan sa a nan men 5wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon an. (Sidonyen yo rele Hermon 6Sirion e Armoreyen yo rele li, 7Senir.) Nou te pran tout vil nan platon yo, tout Galaad ak 8tout Basan jis rive nan Salca ak Édréï, vil a wayòm Og yo, nan Basan. (Paske se sèl Og, wa Basan an ki te rete kòm retay a 9Rephaïm yo. Gade byen, kabann li te fèt an fè. Èske li pa nan Rabbath, vil a fis Ammon yo? Longè li se te nèf koude e lajè li se te kat koude nan koude a yon moun.)”

“Konsa, nou te vin pran posesyon a peyi sila nan tan sa a. Soti nan 10Aroër, ki bò kote vale Arnon an, ak mwatye peyi ti mòn a 11Galaad yo, avèk vil pa li yo, mwen te bay yo a Ribenit yo e a Gadit yo. Rès pati a Galaad la ak tout Basan an, wayòm Og la, mwen te bay a mwatye tribi Manassé a, tout rejyon a Argob la (pa tout Basan, se li yo rele peyi a Rephaïm yo. 12Jaïr, fis a Manassé a te pran tout rejyon Argob la jis rive nan lizyè Gechiyen yo ak Maakatyen yo, e yo te rele li Basan, selon pwòp non pa li, Havvoth-Jaïr, e se konsa li rele jis jodi a.) 13A Makir, mwen te bay Galaad. A Ribenit yo avèk Gadit yo, mwen te bay soti Galaad pou rive jis nan vale Arnon, mitan vale a sèvi kòm yon lizyè e jis nan rivyè 14Jabbok la, ki se fwontyè a fis Ammon yo; Araba a osi, avèk rivyè Jourdain an kòm yon lizyè soti 15Kinnéreth jis rive nan lanmè Araba a, Lamè Sale a, nan pye a mòn Pisga nan lès.

“Epi mwen te kòmande nou nan tan sa a e te di: 16‘SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou peyi sa a pou posede li. Nou tout, mesye vanyan yo, nou va travèse avèk zam devan frè nou yo, fis Israël yo. 17Men madanm nou yo avèk pitit nou yo ak bèt nou yo (mwen konnen ke nou genyen 18anpil bèt) va rete nan vil ke mwen te bannou yo,’ 19jis SENYÈ a bay repo a sitwayen parèy a nou an, jis tankou nou; epi yo, osi, vin posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, va bay yo lòtbò Jourdain an. Nan moman sa a, nou tout kapab retounen nan pwòp posesyon pa l ke mwen te bannou an’.

“Mwen te kòmande Josué e te di: ‘Zye ou gen tan fin wè tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè a dè wa sa yo. Konsa, SENYÈ a va fè nan tout wayòm kote ou prèt pou travèse yo. Pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, 20se Li menm k ap goumen pou nou.’

“Nan tan sa a, osi, mwen te sipliye SENYÈ a, Bondye nou an. Mwen te di: ‘O SENYÈ BONDYE, Ou te kòmanse montre sèvitè ou a jan 21Ou gran ak men pwisan Ou. Paske ki dye ki genyen nan syèl la oswa sou tè a, ki kapab fè kalite zèv sa yo, zèv pwisan tankou pa Ou yo? Kite mwen pase, mwen priye Ou, travèse wè bèl peyi ki lòtbò Jourdain an, 22bèl peyi mòn sa a, avèk Liban.’

“Men 23SENYÈ a te fache avèk mwen akoz nou menm, e Li pa t koute mwen. SENYÈ a te di mwen: ‘Sa sifi! Pa pale M ankò de zafè sa a. Monte sou tèt 24Pisga, leve zye ou vè lwès, nan nò, sid avèk lès, e gade li avèk zye ou, paske ou p ap travèse Jourdain an. 25Men pale Josué, ankouraje li e ba li fòs, paske li va ale lòtbò a nan tèt a pèp sa a, e li va bay yo li kòm eritaj pa yo peyi ke ou va wè a.’

“Konsa, nou te rete nan vale a anfas 26Beth-Peor a.”

Source notes (26)
  1. Cross-reference Nonb 21:33-35
  2. Cross-reference Det 1:4
  3. Cross-reference Det 2:34
  4. Cross-reference Det 2:35
  5. Cross-reference Nonb 32:33
  6. Cross-reference Sòm 29:6
  7. Cross-reference I Kwo 5:23
  8. Cross-reference Jos 13:11
  9. Cross-reference Jen 14:5
  10. Cross-reference Det 2:36
  11. Cross-reference Nonb 32:32-38
  12. Cross-reference Nonb 32:41
  13. Cross-reference Nonb 32:39-40
  14. Cross-reference Nonb 21:24
  15. Cross-reference Nonb 34:11
  16. Cross-reference Jos 1:13
  17. Cross-reference Jos 1:14
  18. Cross-reference Nonb 32:1
  19. Cross-reference Jos 1:15
  20. Cross-reference Egz 14:14
  21. Cross-reference Det 11:2
  22. Cross-reference Det 4:22
  23. Cross-reference Det 1:37
  24. Cross-reference Nonb 23:14
  25. Cross-reference Nonb 27:18
  26. Cross-reference Nonb 25:1-3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.