Bib Sen An
Detewonòm 2
“Epi nou te vire pati vè dezè a pa chemen Lamè Wouj la, jan SENYÈ a te pale mwen an, e nou te ansèkle Mòn Séir pandan anpil jou.
“Epi SENYÈ a te pale avèk mwen. Li te di: ‘Nou gen tan fin ansèkle mòn sa a pandan ase de tan. Vire bò kote nò a. Kòmande pèp la e di yo: “Nou va pase nan 2tèritwa frè nou yo, fis a Ésaü yo ki rete Séir, e3yo va pè nou. Pou sa, fè atansyon. Pa bourade yo, paske Mwen p ap bannou okenn nan tè pa yo, menm yon ti mòso, 4paske Mwen te bay Ésaü Mòn Séir pou posede l. Nou va achte manje nan men yo avèk lajan pou nou kapab manje. Epi nou va, osi, achte dlo pou bwè nan men yo avèk lajan nou.”’”
“Paske SENYÈ a te beni nou nan tout sa nou te fè. Li te konnen tout vwayaj nou yo nan gran dezè sila a. Pandan 5karantan sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te avèk nou. Nou pa t manke anyen.”
“Pou sa, nou te pase devan kite frè nou yo, fis a Esaü ki rete Séir yo, lwen wout Araba a, lwen Élath ak 6Etsjon-Guéber. Konsa, nou te vire pase nan chemen dezè Moab la.
“Alò, SENYÈ a te di mwen, ‘Pa menase Moab, ni pa fè pwovokasyon lagè, paske Mwen p ap bannou okenn nan peyi pa yo pou posede. Paske Mwen te bay Ar a 7fis a Lot yo kòm posesyon.’
“(Avan, se te pèp 8Émim ki te rete la; yon gwo pèp, gran an kantite, e wo menm jan ak Anakim (jeyan yo). Tankou Anakim yo, yo konnen kòm 9Rephaïm; men Moabit yo, te rele yo Émim. Otrefwa, se te 10Oriyen yo ki te rete Séir, men fis a Esaü yo te deplase yo, te detwi yo devan yo, e yo te vin rete nan plas yo, jis jan ke Israël te fè lè yo te vin posede peyi pa yo ke SENYÈ a te bay yo.)
“‘Koulye a, leve travèse ravin Zéred la, nou menm.’ Konsa, nou te travèse ravin Zéred la.
“Alò, tan ke nou te pran pou sòti Kadès-Barnéa pou vin travèse ravin Zéred la se te trann-tuit ane, jiskaske tout 11jenerasyon moun lagè yo te mouri soti anndan kan an, jan SENYÈ a te sèmante a yo menm nan. 12Anplis, men a SENYÈ a te kont yo, pou detwi yo soti anndan kan an jiskaske yo tout te mouri.
“Epi li te vin rive ke lè 13tout moun lagè yo te fin mouri pami pèp la, ke SENYÈ a te pale avè m e te di: ‘Jodi a, ou va travèse sou 14Ar, lizyè a Moab la. Lè ou vin anfas 15fis Ammon yo, pa menase yo ni pwovoke yo, paske Mwen p ap bay ou okenn nan peyi ki pou fis Ammon yo kòm posesyon pa w, paske Mwen te bay li a 16fis a Lot yo kòm posesyon.’
“(Li rele osi peyi a, 17Rephaïm, akoz Rephaïm yo te viv la avan sa, men Amonit yo rele yo Zamzumminim, yon pèp tèlman gran e anpil, wo tankou Anakim, men SENYÈ a te detwi yo devan yo. Epi yo te chase yo sòti pou te vin rete nan plas yo, jis jan ke li te fè pou fis Esaü yo, ki te rete Séir, lè Li te detwi 18Oriyen yo soti devan yo; yo te chase yo e yo te vin rete nan plas yo menm jiska jodi a. Epi 19Avyen ki te rete nan vil yo jis rive kote Gaza, Kaftorim yo ki te sòti nan Caphtor, te detwi yo, e te vin viv nan plas yo.)
“Leve, pati, e pase nan 20vale Arnon an. Gade! Mwen te bay Sihon, Amoreyen an, wa a Hesbon avèk peyi pa l nan men nou. Kòmanse pran posesyon an e atake li pou fè lagè. Nan jou sila a, Mwen va kòmanse mete 21lakrent ak laperèz ou sou pèp toupatou anba syèl yo, ki, lè yo tande rapò a ou menm, yo va tranble e soufri nan laperèz akoz de ou.” 22
“Konsa, Mwen te voye mesaje soti nan dezè a Kedémoth vè Sihon, wa Hesbon an avèk pawòl lapè. Mwen te di: ‘Kite mwen pase nan peyi ou a, Mwen va vwayaje sèlman sou gran chemen an; mwen p ap vire akote ni adwat ni agoch. Ou va vann mwen manje pou lajan pou m kab manje; epi ban mwen dlo pou lajan pou m kab bwè. 23Sèlman, kite mwen pase ladann a pye, jis jan ke fis a Esaü ki rete Séir yo ak Moabit ki rete 24Ar yo te fè pou mwen, jiskaske mwen travèse Jourdain an pou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an.’
“Men 25Sihon, wa Hesbon an, pa t dakò kite nou pase nan peyi pa li a; paske SENYÈ a te fè lespri li rèd e kè li di, pou l ta kapab livre li nan men nou, jan ke li ye la jodi a.
“Senyè a te di mwen: ‘Ou wè, Mwen te deja kòmanse livre Sihon avèk peyi li a nan men ou. Kòmanse okipe ou, pou nou kapab genyen peyi li a.’
“Epi Sihon avèk tout pèp li a te parèt pou rankontre nou nan batay nan Jahats la. SENYÈ a, Bondye nou an, te livre li bannou, e nou te 26bat li avèk fis li yo ak tout pèp li a. Konsa, nou te pran an kaptif tout vil li yo nan tan sa a, e nou te 27konplètman detwi mesye yo, fanm yo, avèk pitit nan chak vil yo. Nou pa t menm kite youn vivan. Se 28sèl bèt nou te pran kòm piyaj nou, ak piyaj a vil ke nou te pran an kaptif.
“Soti nan 29Aroër ki nan arebò vale Arnon an, epi soti nan vil ki nan vale a, menm pou rive Galaad, pa t gen vil ki te twò wo pou nou. SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo bannou tout. 30Sèlman, nou pa t pwoche tèritwa fis a Ammon yo, toupatou akote rivyè Jabbok la ak vil peyi mòn yo, ak nenpòt kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, te anpeche nou antre.”
Source notes (30)
- Cross-reference Nonb 21:4
- Cross-reference Jen 36:8
- Cross-reference Egz 15:15-16
- Cross-reference Jen 36:8
- Cross-reference Nonb 14:33
- Cross-reference Nonb 33:35
- Cross-reference Jen 19:36-37
- Cross-reference Jen 14:5
- Cross-reference Jen 14:5
- Cross-reference Jen 36:20
- Cross-reference Nonb 14:29-35
- Cross-reference Jd 5
- Cross-reference Det 2:14
- Cross-reference Det 2:9
- Cross-reference Jen 19:38
- Cross-reference Det 2:9
- Cross-reference Det 2:11
- Cross-reference Det 2:12
- Cross-reference Jos 13:3
- Cross-reference Nonb 21:13-14
- Cross-reference Egz 23:27
- Cross-reference Nonb 21:21-32
- Cross-reference Nonb 20:19
- Cross-reference Det 2:9
- Cross-reference Nonb 21:23
- Cross-reference Det 29:7
- Cross-reference Det 3:6
- Cross-reference Det 3:7
- Cross-reference Det 3:12
- Cross-reference Det 2:19
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.