Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Detewonòm 1

Sa yo se pawòl a Moïse ke li te pale a tout pèp Israël la lòtbò Jourdain an, nan dezè a, nan Arabah, anfas Suph, antre Paran, Tophel, Laban, Hatséroth, ak Di-Zahab. Se te yon vwayaj onz jou soti nan 1Horeb pa chemen a Mòn Séir pou rive nan Kadès-Barnéa.

Nan katriyèm ane a, nan premye jou nan onzyèm mwa a, Moïse te pale avèk fis Israël yo selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li anvè yo, lè li te fin 2bat Sihon, wa Amoreyen ki te rete Hesbon an, ak 3Og, wa Basan an, ki te rete Aschtaroth avèk Édréï.

Anfas Jourdain an, nan peyi Moab la, Moïse te kòmanse fè eksplikasyon sou lwa sa a. Li te di: “SENYÈ a, Bondye nou an, te 4pale avèk nou isit la nan Horeb, e Li te di: ‘Nou gen tan rete la a nan mòn sa pou ase de tan. Vire kòmanse vwayaj nou an pou ale nan 5peyi mòn ki pou Amoreyen yo e vè tout kote nan Arabah yo nan peyi mòn yo, nan tèren ba yo, nan Negev la, nan lanmè a, peyi a Canaran yo ak nan Liban jis rive nan gran rivyè Euphrate la. Nou wè, Mwen te mete tout peyi a devan nou. Ale ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te 6sèmante pou bay a zansèt nou yo—a Abraham, Isaac, e a Jacob—a yo menm ak desandan ki apre yo.’”

“Mwen te pale avèk nou7nan tan sa a pou te di nou, ‘Mwen sèl p ap kapab pote fado nou pou kont mwen. SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou 8vin anpil, e gade byen, jodi a nou vin anpil tankou zetwal nan syèl la. Ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, kapab fè nou vin miltipliye yon mil fwa anplis ke nou ye a, e beni nou 9jis jan ke li te pwomèt nou an. Kijan mwen sèl mwen, ta kapab sipòte fado a nou menm avèk tout zen nou konn fè yo? Chwazi moun ki saj, ki gen disènman avèk eksperyans nan pwòp tribi nou yo e mwen va10apwente yo kòm chèf nou.’

“Nou te reponn mwen e te di: ‘Bagay ke ou di a, bon.’

“Konsa, mwen te pran chèf an tèt tribi nou yo, moun saj avèk eksperyans, e mwen te apwente yo kòm chèf sou nou, dirijan a dè milye, a dè santèn, a dè senkantèn, a dè dizèn ak ofisye pou tribi nou yo. Mwen te pase lòd ak jij nou yo nan tan sa a. Mwen te di, ‘Tande ka ki parèt antre nou menm avèk moun peyi parèy nou yo, e jije avèk ladwati antre yon nonm avèk moun peyi parèy a li, oswa etranje ki pami nou an. Nou pa pou gen moun pa nan jijman an; nou va tande moun gwo pwa avèk moun ki manke pwa egal menm jan. Nou pa pou 11pè moun, paske jijman an se pou Bondye. 12Ka ki twò difisil pou nou an, nou va pote li ban mwen, e mwen va tande l.’ 13Mwen te kòmande nou nan tan sa a, tout bagay ke nou te gen pou fè.

“Konsa, nou te pati 14Horeb pou te pase nan tout gran dezè tèrib sila a ke nou te wè nan wout la pou rive nan peyi mòn a Amoreyen yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an; epi nou te vini Kadès Barnéa. Mwen te di nou: ‘Nou gen tan vini nan peyi mòn a Amoreyen yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, prèt pou bannou an. Nou wè, SENYÈ a, Bondye nou an, te mete peyi a devan nou. Monte ladann, posede li, jan SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te pale nou an. 15Pa pè, ni dekouraje.’”

“Konsa, nou tout te vin kote m e te di: ‘Annou 16voye moun devan nou pou yo kapab fè ankèt peyi a pou nou, pou retounen bannou yon pawòl konsènan chemen nou ta dwe monte a ak vil ke nou va antre yo.’ “Sa te fè m plezi. Mwen te pran douz mesye pami nou, yon mesye pou chak tribi. 17Yo te vire pou te monte nan peyi mòn nan, e yo te rive nan vale Eschcol la pou espyone ladann. Epi yo te pran kèk nan fwi peyi a nan men yo pou te pote li bannou. Yo te mennen bannou yon rapò. Yo te di: ‘Se yon bon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, prèt pou bannou an.’” 18

“Men nou pa t vle monte. Nou te fè rebèl kont kòmand a SENYÈ a, Bondye nou an. 19 Nou te plenyen nan tant nou yo e te di: ‘Akoz SENYÈ a rayi nou, Li te mennen nou sòti nan peyi Égypte la pou livre nou nan men Amoreyen yo pou detwi nou. Kibò nou kab monte?’ Frè nou yo te fè kè nou fann. Yo te di: ‘Pèp la pi gran e piwo pase nou! Vil yo gran e fòtifye jis rive nan syèl la!’ Anplis, nou te wè 20fis a Anak yo la!”

“Konsa, mwen te di nou: ‘Pa etone, ni pa pè yo. SENYÈ a, li menm, ki ale devan nou an, va, 21Li menm, goumen pou nou, jis jan ke Li te fè pou nou an Égypte la devan zye nou, epi nan dezè a kote nou te wè kijan 22SENYÈ a, Bondye nou an, te pote nou, jis jan ke yon nonm ta pote fis li, nan tout chemen kote nou te mache jis nou vin rive kote sa a.’”

“Men 23malgre tout sa, nou pa t mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an, 24ki te ale devan nou nan chemen an 25pou chèche yon kote pou nou fè kan, kòm dife nan aswè ak nwaj nan lajounen pou montre nou nan ki chemen nou dwe ale.

“Epi SENYÈ a te tande son pawòl nou yo. Li te fache. Li te 26 sèmante e te di: 27‘Nanpwen youn nan mesye sa yo, jenerasyon mechan sila a, ki va wè bon peyi ke mwen te sèmante pou bay a zansèt nou yo. Sof ke Caleb, fis a Jephunné a. Li va wè li. 28A li menm avèk fis li yo Mwen va bay peyi kote li te mete pye li akoz li te swiv SENYÈ a nèt.’

“Anplis, SENYÈ a te fache avèk mwen osi akoz nou menm. Li te di: 29‘Ni ou menm tou, ou p ap antre la. Josué, fis a Nun nan, ki kanpe la devan nou an, 30li va antre la. Ankouraje li, paske li va fè Israël jwenn eritaj li a.

“‘Anplis, 31pitit nou ke nou te di ta devni yon piyaj la, ak fis nou ki nan jou sa a 32pa t gen konesans a ni sa ki bon ak sa ki mal, va antre la. Mwen va bay yo li, e yo va posede li. Men pou nou menm, vire pa dèyè, e fè wout nou pou dezè a pa Lamè Wouj.’ 33

“Konsa, nou te di mwen: ‘Nou te peche kont SENYÈ a; anverite, nou va monte pou fè lagè, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an.’ Epi tout gason nan nou te mete zam sou yo. Yo te kalkile ke li te fasil pou monte nan peyi mòn nan.” 34

“Men SENYÈ a te di mwen: ‘Di yo: “Pa monte, ni goumen, paske Mwen pa pami nou. Otreman, nou va vin bat devan lènmi nou yo.”’

“Konsa, mwen te pale avèk nou, men nou pa t koute mwen. Olye de sa, 35nou te fè rebèl kont kòmand SENYÈ a. Nou te aji avèk awogans e nou te monte nan peyi mòn lan. 36Amoreyen ki te rete nan peyi mòn sa yo te parèt kont nou. Yo te chase nou tankou myèl ta fè e yo te kraze nou soti nan Séir jis rive nan Horma. Konsa, nou te retounen pou te kriye fò devan SENYÈ a; men 37SENYÈ a pa t koute vwa nou, ni bannou zòrèy Li. Pou sa, nou te rete 38Kadès pandan anpil jou, jou sa yo ke nou te pase la a.”

Source notes (38)
  1. Cross-reference Egz 3:1
  2. Cross-reference Nonb 21:21-26
  3. Cross-reference Nonb 21:33-35
  4. Cross-reference Nonb 10:11-13
  5. Cross-reference Jen 15:18
  6. Cross-reference Jen 12:7
  7. Cross-reference Egz 18:18-24
  8. Cross-reference Jen 15:5
  9. Cross-reference Det 1:8-10
  10. Cross-reference Egz 18:21
  11. Cross-reference Pwov 29:25
  12. Cross-reference Egz 18:22-26
  13. Cross-reference Egz 18:20
  14. Cross-reference Det 1:2
  15. Cross-reference Jos 1:6-9
  16. Cross-reference Nonb 13:1-3
  17. Cross-reference Nonb 13:21-25
  18. Cross-reference Nonb 14:1-4
  19. Cross-reference Det 9:28
  20. Cross-reference Nonb 13:28-33
  21. Cross-reference Egz 14:14
  22. Cross-reference Det 32:10-12
  23. Cross-reference Nonb 14:11
  24. Cross-reference Egz 13:21
  25. Cross-reference Nonb 10:33
  26. Cross-reference Nonb 14:28-30
  27. Cross-reference Sòm 95:11
  28. Cross-reference Nonb 14:24
  29. Cross-reference Nonb 27:13-18
  30. Cross-reference Nonb 14:30
  31. Cross-reference Nonb 14:3
  32. Cross-reference És 7:15-16
  33. Cross-reference Nonb 14:40
  34. Cross-reference Nonb 14:41-43
  35. Cross-reference Nonb 14:40
  36. Cross-reference Nonb 14:45
  37. Cross-reference Job 27:8-9
  38. Cross-reference Nonb 20:1-22

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.