Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Detewonòm 4

“Koulye a, O Israël, koute règleman avèk jijman ke mwen ap enstwi nou pou nou fè, pou 1nou kapab viv. Antre ladann e pran posesyon a peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, ap bannou. 2Nou p ap mete yon mo sou sa ke mwen ap kòmande nou an ni retire nan li; pou nou kapab kenbe kòmandman a SENYÈ a, Bondye nou an, ke mwen te kòmande nou yo. 3

“Zye nou gen tan wè sa ke SENYÈ a te fè nan ka Baal-Peor a, paske tout moun ki te swiv Baal-Peor yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te detwi yo nan mitan nou. Men nou menm ki te kenbe fèm a SENYÈ a, Bondye nou an, nou vivan jodi a, nou chak.

“Nou wè, mwen te enstwi nou règleman avèk jijman yo 4jis jan SENYÈ a, Bondye mwen an, te kòmande mwen an, pou nou ta fè konsa nan peyi kote nou ap antre pou posede a. Pou sa, kenbe yo e fè yo 5paske sa se sajès avèk konprann nou devan zye a tout pèp ki va tande tout règleman sa yo e ki va di: ‘Anverite, nasyon sa a se yon pèp ki saj e ki gen konprann.’ Paske ki gran nasyon ki genyen, avèk yon dye 6ki osi touprè li kòm SENYÈ a, Bondye nou an, nenpòt lè nou rele Li? Oswa ki gran nasyon ki genyen avèk règleman 7ak jijman ki dwat tankou sa ke mwen ap mete devan nou jodi a?

“Sèlman, 8veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men 9fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo. Sonje jou ke ou te kanpe devan SENYÈ a, Bondye ou an, nan mòn Horeb, lè SENYÈ a te di mwen: ‘Rasanble pèp Mwen an pou Mwen kapab kite yo tande pawòl Mwen, 10pou yo kapab aprann gen lakrent Mwen pou tout jou ke yo ap viv sou latè yo; epi pou yo kapab enstwi pitit pa yo.’

“Nou te pwoche e ou te kanpe nan pye mòn nan. 11Mòn nan te brile avèk dife jis rive nan kè syèl la: tenèb, nwaj avèk fènwa. Epi SENYÈ a te pale avèk nou soti nan mitan dife a: nou te tande son pawòl yo, men nou pa t wè okenn fòm——sèlman yon vwa. Konsa, Li te deklare bay nou akò ke Li te kòmande nou pou fè a, sa vle di, 12Dis Kòmandman yo. Li te ekri yo sou de tab an wòch. SENYÈ a te kòmande mwen nan tan sa a pou enstwi nou lwa avèk règleman li yo, pou nou ta kapab fè yo nan peyi kote nou pral travèse pou posede a.

“Pou sa, 13veye tèt nou, akoz ke nou pa t wè okenn fòm nan jou ke SENYÈ a te pale avèk nou nan Horeb la, soti nan mitan dife a, pou nou pa aji yon jan konwonpi, e 14fè yon imaj taye pou nou menm nan fòm a okenn bagay, ki sanble a ni mal, ni femèl, sanblab a nenpòt bèt ki sou latè, oswa sanblab a nenpòt 15zwazo a zèl ki vole anlè, ki sanblab a nenpòt sa ki ranpe atè, ki sanblab a nenpòt pwason ki nan dlo anba tè a. Veye ke nou pa leve zye nou vè syèl la pou wè solèy la, lalin avèk zetwal yo, avèk tout lame syèl la, 16e mennen pou adore ak sèvi yo, sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi pou tout lòt pèp anba tout syèl la. Men SENYÈ a te pran nou e mennen nou sòti nan 17founo fè a, an Égypte, pou nou kapab yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, tankou jodi a. 18

“Alò, SENYÈ a te fache avè m akoz de nou, e Li te sèmante pou mwen pa t travèse Jourdain an; epi pou Mwen pa ta antre nan bon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj nou an. Paske 19mwen va mouri nan peyi sila a. Mwen p ap travèse Jourdain an, men nou va travèse e pran posesyon a 20bon peyi sila a. Pou sa, veye nou, 21pou nou pa bliye akò a SENYÈ a, ke Li te fè avèk nou, e fè pou nou menm yon imaj taye nan okenn fòm kont sila SENYÈ Bondye nou an, te kòmande nou an. Paske 22SENYÈ a, Bondye nou an, se yon dife voras, yon Bondye ki jalou.

“Lè nou devni papa a pitit, pitit a pitit, gen tan rete lontan nan peyi a, 23aji yon jan konwonpi, fè yon zidòl nan fòm a nenpòt bagay, e fè sa ki mal nan zye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwovoke Li a lakòlè, Mwen rele syèl la avèk tè a kòm temwen kont nou jodi a, ke nou va 24vrèman peri vit nan peyi kote nou ap pase Jourdain an pou posede a. Nou p ap viv pandan anpil tan ladann, men nou va detwi nèt. SENYÈ a va 25gaye nou pami pèp yo; epi nou va rete pa anpil an kantite pami nasyon kote SENYÈ a bourade nou yo. La, 26nou va sèvi dye yo, zèv men a lòm yo, bwa avèk wòch, ki pa wè ni tande, ni manje ni santi anyen. Men soti la, nou va chache SENYÈ a; epi nou va jwenn Li si nou chache Li 27avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou. Lè nou nan gwo pwoblèm e tout bagay sa yo rive nou; nan dènye jou yo, 28nou va retounen a SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va koute vwa Li. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Bondye ki 29plen avèk mizerikòd; Li p ap lage nou, ni detwi nou ni bliye akò avèk zansèt nou yo ke Li te sèmante a yo menm. Anverite, 30mande, koulye a, konsènan ansyen jou avan nou yo, soti jou ke Bondye te kreye lòm sou latè a, e mande soti nan yon pwent syèl la jis rive nan lòt la. Èske yon gran bagay konsa janm fèt, oswa èske yo janm tande anyen konsa? 31Èske okenn pèp te janm tande vwa Bondye pale ak yo soti nan mitan dife, jan nou te tande l e viv la? Oswa èske yon dye te janm eseye pran pou li menm yon nasyon soti nan yon lòt nasyon 32pa eprèv, pa sign ak mirak avèk lagè, pa 33 yon men pwisan, pa yon bwa lonje e pa gran bagay etonan, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te fè pou nou an Égypte devan zye nou? A nou menm, li te montre ke nou ta kapab konnen ke SENYÈ a, se Bondye; 34nanpwen lòt sof ke Li menm. Soti nan syèl yo, Li te kite nou tande vwa Li pou 35korije nou; epi sou latè, Li te kite nou wè gran dife Li a; epi nou te tande pawòl Li soti nan mitan dife a. Paske Li te renmen zansèt nou yo; pou sa, Li te chwazi desandan apre yo. Epi Li menm, 36pou kont Li, Li te mennen nou sòti an Égypte avèk gran pouvwa Li, epi te pouse devan nou tout nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou menm yo, pou mennen nou antre 37pou bannou tèren pa yo kòm eritaj, jan li ye nan jodi a. Pou sa, konnen jodi a e fè sa antre nan kè nou, ke 38SENYÈ a, Li menm, se Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a; nanpwen lòt. Pou sa, nou va kenbe règleman Li yo avèk kòmandman Li yo ke mwen ap bannou jodi a, 39pou li kapab ale byen avèk nou e avèk zanfan apre nou yo; epi pou nou kapab viv anpil tan sou tè ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou tout tan an.” 40

Epi Moïse te mete apa twa vil lòtbò Jourdain an vè lès, pou yon moun ki touye yon moun ta kapab sove ale, ki te san entansyon touye vwazen li san ke li pa t gen rayisman anvè li nan tan pase yo; pou li ta kab sove ale nan youn nan vil sa yo: 41Betser, nan dezè sou platon an pou Ribenit yo, Ramoth nan Galaad pou Gadit yo ak Golan nan Basan pou Manasit yo. Alò, sa se lalwa ke Moïse te mete devan fis Israël yo; sa yo se temwayaj avèk lwa avèk règleman ke Moïse te pale a fis Israël yo, lè yo te sòti an Égypte, anfas Jourdain an, nan vale ki 42anfas Beth-Peor la, nan peyi a wa 43Sihon an, wa Amoreyen yo ki te rete Hesbon an, ke Moïse avèk fis Israël yo te bat lè yo te sòti an Égypte la. Yo te pran posesyon a tèren pa li an avèk tèren 44Og la, wa Basan an, de wa Amoreyen ki te anfas Jourdain yo vè lès, soti nan 45Aroër ki vin touche vale Arnon an, jis rive nan 46Mòn Sion (sa vle di Hermon), avèk tout Araba anfas Jourdain an vè lès, jis rive nan lanmè Araba, nan pye pant mòn Pisga a.

Source notes (46)
  1. Cross-reference Lev 18:5
  2. Cross-reference Det 12:23
  3. Cross-reference Nonb 25:1-9
  4. Cross-reference Lev 26:46
  5. Cross-reference Det 30:19-20
  6. Cross-reference Sòm 34:17-18
  7. Cross-reference Sòm 89:14
  8. Cross-reference Det 4:23
  9. Cross-reference Jen 18:19
  10. Cross-reference Det 4:23
  11. Cross-reference Egz 19:18
  12. Cross-reference Egz 34:28
  13. Cross-reference Jos 23:11
  14. Cross-reference Egz 20:4
  15. Cross-reference Wo 1:23
  16. Cross-reference Det 13:5-10
  17. Cross-reference I Wa 8:51
  18. Cross-reference Nonb 20:12
  19. Cross-reference Nonb 27:13-14
  20. Cross-reference Det 3:25
  21. Cross-reference Det 4:9
  22. Cross-reference Egz 24:17
  23. Cross-reference Det 4:16-23
  24. Cross-reference Det 7:4
  25. Cross-reference Lev 26:39
  26. Cross-reference Det 28:36-64
  27. Cross-reference Det 6:5
  28. Cross-reference Jr 4:1-2
  29. Cross-reference Egz 34:6
  30. Cross-reference Det 32:7
  31. Cross-reference Egz 20:22
  32. Cross-reference Det 7:19
  33. Cross-reference Det 5:15
  34. Cross-reference Egz 8:10
  35. Cross-reference Det 8:5
  36. Cross-reference Egz 33:14
  37. Cross-reference Nonb 32:4
  38. Cross-reference Det 4:35
  39. Cross-reference Det 4:1
  40. Cross-reference Nonb 35:6
  41. Cross-reference Jos 20:8
  42. Cross-reference Det 3:29
  43. Cross-reference Nonb 21:21-25
  44. Cross-reference Det 1:4
  45. Cross-reference Det 2:36
  46. Cross-reference Det 3:9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.