Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Detewonòm 11

“Pou sa, nou va 1renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va toujou 2kenbe lòd Li, lwa Li yo, ak règleman Li yo, avèk kòmandman Li yo. Byen konnen nan jou sa a, 3ke Mwen p ap pale avèk fis nou yo ki potko konnen e ki potko wè chatiman SENYÈ a, Bondye nou an,—grandè Li, men pwisans Li ak bra lonje Li a, epi 4sign Li yo avèk zèv Li yo ke Li te fè nan mitan Égypte a Farawon an, wa Égypte la, e a tout peyi li a; ak sa Li te fè a lame Égypte la, a cheval li yo avèk cha li yo, 5lè Li te fè dlo Lamè Wouj la kouvri yo pandan yo t ap kouri dèyè nou, e SENYÈ a te detwi yo nèt, jiska jou sa a; epi sa Li te fè a nou menm nan dezè a jiskaske nou te rive nan kote sa a; epi sa Li te fè a6Dathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, fis a Ruben, lè tè a te ouvri bouch li, pou te vale yo, tout moun lakay yo, tant yo, ak 7tout bagay vivan nan tout Israël ki te swiv yo—— konsa, se pwòp zye pa nou ki te wè tout gran zèv ke SENYÈ a te fè yo.

“Pou sa, nou va kenbe tout kòmandman ke mwen ap kòmande nou jodi a, 8pou nou kapab gen fòs pou antre e posede peyi a nan sila nou prèt pou travèse pran an; 9jis pou jou nou yo kapab vin pi plis nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou ba yo ak desandan pa yo, 10yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl. Paske peyi kote nou ap antre pou posede a, se pa tankou peyi Égypte la, kote nou sòti a, kote nou te konn plante semans nou e wouze li avèk pye nou tankou yon jaden legim. Men 11peyi kote nou prèt pou travèse pran an, yon peyi avèk ti mòn ak vale, k ap bwè dlo ki sòti nan lapli syèl la, yon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, renmen anpil. 12Zye a SENYÈ a, Bondye nou an, toujou sou li, soti nan kòmansman jis rive nan fen ane a.

“Li va vin rive ke si nou 13koute avèk obeyisans a kòmandman mwen yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e sèvi Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, ke 14Mwen va bay lapli pou peyi nou nan sezon li, lapli premye sezon ak lapli dènye sezon, pou nou kapab fè antre sereyal avèk diven nèf, avèk lwil. 15Mwen va bannou zèb nan chan nou yo pou bèt nou yo, e 16nou va manje e va satisfè. 17

“Veye nou pou kè nou pa vin sedwi; pou nou pa vire akote pou sèvi lòt dye yo e adore yo. Sinon, 18lakòlè SENYÈ a va limen kont nou, epi Li va fèmen 19syèl yo pou pa gen lapli, e tè a p ap donnen fwi li. Konsa, nou va peri vit soti nan bon peyi ke SENYÈ a ap bannou an. 20Pou sa, nou va tache pawòl sa yo sou kè nou ak sou nanm nou. Nou va mare yo tankou yon sign sou men nou e yo va tankou très cheve nan fwon nou. 21Nou va enstwi yo a fis nou yo nan pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache akote wout la, e lè nou kouche ak lè nou leve. 22Nou va ekri yo nan poto chanbrann lakay nou ak sou pòtay nou yo, jis pou 23jou nou yo avèk jou a fis nou yo kapab vin miltipliye nan peyi kote SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bay yo, toutotan syèl yo ap rete sou tè a.

“Paske si nou fè atansyon pou kenbe tout kòmandman sa yo ke mwen ap kòmande nou pou fè yo, 24pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan tout chemen Li yo e 25kenbe fèm a Li, alò, SENYÈ a va 26chase tout nasyon yo soti devan nou; epi nou va 27deplase nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo. Nenpòt kote ke pye nou pile va vin pou nou; 28lizyè nou va soti nan dezè a pou jis rive Liban, soti nan rivyè a, Rivyè Euphrate la, pou jis rive nan lanmè lwès la. 29P ap gen pèsòn ki kapab kanpe devan nou. SENYÈ a, Bondye nou an, va mete gwo panik de nou ak laperèz nou sou tout peyi kote nou foule pye nou yo, jan Li te deja pale nou an. 30

“Gade, mwen ap mete devan nou jodi a yon benediksyon avèk yon malediksyon; 31Benediksyon an si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an ke mwen kòmande nou jodi a; epi 32malediksyon an si nou pa koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, men vire akote chemen ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou swiv lòt dye ke nou pa t konnen yo.

“Li va rive, ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou nan peyi kote n ap antre posede a, ke nou va plase benediksyon an nan mòn Garizim nan e malediksyon an nan mòn Ebal la. Èske yo pa anfas Jourdain an, vè lwès, vè solèy kouche a, nan peyi Kanaaneyen ki rete Araba yo, anfas 33Guilgal, akote 34chenn Moré yo.

Paske nou prèt pou travèse Jourdain an pou antre posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, e 35nou va posede li pou viv ladann. Nou va fè atansyon pou fè tout sa lalwa avèk jijman ke mwen ap mete devan nou jodi a.

Source notes (35)
  1. Cross-reference Det 6:5
  2. Cross-reference Lev 18:30
  3. Cross-reference Det 4:34
  4. Cross-reference Egz 7:8-21
  5. Cross-reference Egz 14:28
  6. Cross-reference Nonb 16:1-35
  7. Cross-reference Nonb 26:10-11
  8. Cross-reference Det 31:6-23
  9. Cross-reference Det 4:40
  10. Cross-reference Egz 3:8
  11. Cross-reference Det 8:7
  12. Cross-reference I Wa 9:3
  13. Cross-reference Lev 26:3
  14. Cross-reference Lev 26:4
  15. Cross-reference Sòm 104:14
  16. Cross-reference Det 6:11
  17. Cross-reference Job 31:27
  18. Cross-reference Det 6:15
  19. Cross-reference I Wa 8:35
  20. Cross-reference Egz 13:9-16
  21. Cross-reference Det 4:9-10
  22. Cross-reference Det 6:9
  23. Cross-reference Pwov 3:2
  24. Cross-reference Det 11:1
  25. Cross-reference Det 10:20
  26. Cross-reference Det 4:38
  27. Cross-reference Det 9:1
  28. Cross-reference Jen 15:18
  29. Cross-reference Egz 23:27
  30. Cross-reference Det 30:1-19
  31. Cross-reference Det 28:1-14
  32. Cross-reference Det 28:15-68
  33. Cross-reference Jos 4:19
  34. Cross-reference Jen 12:6
  35. Cross-reference Det 17:14

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.