Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Detewonòm 12

“Sa yo se lwa avèk jijman ke nou va swiv avèk atansyon nan peyi ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te bannou pou posede 1pandan tout tan ke n ap viv sou tè a.

“Nou va detwi nèt tout kote ke nasyon yo mete dye pa yo pou sèvi yo; sou 2mòn wo yo, sou ti mòn yo ak anba tout pyebwa yo. 3Nou va chire lotèl yo, e kraze pilye sakre yo, e brile poto Asherim nan avèk dife. Nou va koupe imaj taye a dye pa yo, e nou va 4fè disparèt tout tras non yo nan kote sila yo.

“Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an. 5Men nou va chache kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi sou tout tribi nou yo, pou etabli non Li a tankou kote pou L ta rete, e la, nou va vini. La, nou va mennen ofrann brile nou yo, sakrifis nou yo, 6dim nou yo, don ki sòti nan men nou yo, ofrann ve yo, ofrann bòn volonte yo, avèk premye ne nan twoupo nou yo ak nan bann mouton nou yo. La osi, nou menm avèk lakay nou va manje devan SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, nou va 7rejwi nan tout sa nou te antreprann nan, nou avèk lakay nou yo, nan sila SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an.

“Nou p ap fè menm sa ke n ap fè isit la jodi a, konsi 8tout moun ap fè sa ki bon nan pwòp zye li; paske nou poko rive nan plas repo ak 9eritaj ke SENYÈ a ap bannou an.

“Lè nou travèse Jourdain an pou viv nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la; epi 10Li bannou repo sou tout lènmi ki antoure nou yo pou nou viv ansekirite, 11alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a.

“Epi nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo ak 12Levit ki anndan pòtay nou yo, akoz ke li pa gen pati ni eritaj pami nou. Fè atansyon pou nou pa ofri ofrann brile tout kote ke nou wè, men kote ke SENYÈ a chwazi nan youn nan tribi nou yo. La, nou va ofri ofrann brile yo, e la, nou va fè tout sa ke mwen kòmande nou yo. 13

“Malgre sa, nou gen dwa touye e manje vyann anndan nenpòt nan pòtay nou yo, nenpòt sa ke nou dezire, selon benediksyon SENYÈ a, Bondye nou an, sa ke Li te bannou. Sila ki pa pwòp, ak sila ki pwòp kapab manje ladann, tankou antilòp la ak sèf la. 14Sepandan, nou pa pou bwè san an; 15nou dwe vide li atè tankou dlo. 16

“Nou pa gen dwa manje anndan pòtay nou yo ofrann dim ki sòti nan sereyal yo, ni premye ne nan twoupo ak nan bann mouton nou yo, ni okenn nan ofrann ve yo, ni ofrann bòn volonte nou yo, ni don ki sòti nan men nou yo. Men nou va manje yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a, Bondye nou an va chwazi a, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant lan ak Levit ki anndan pòtay nou yo. Konsa, nou va 17rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan tout sa ke nou antreprann. 18Fè atansyon pou nou pa abandone Levit la pandan tout tan ke nou rete nan Peyi a.

“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin fè lizyè nou grandi, 19jan Li te pwomèt nou an, e nou va di: ‘Mwen va manje vyann,’ akoz ke nou vle manje vyann, nou kapab manje vyann, nenpòt sa ke nou pito. Si kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi pou mete non Li an, twò lwen nou, alò, nou kapab touye nan twoupo nou ak bann mouton nou ke SENYÈ a te bannou yo, jan mwen te kòmande nou an. Konsa, nou kapab manje anndan pòtay nou yo nenpòt sa nou pito. Menm jan ke yon antilòp oswa yon sèf konn sèvi pou manje; konsa, nou va manje li. Moun ki pwòp ni sila ki pa pwòp kapab manje ladann.

“Sèlman, fè sèten 20ke nou pa bwè san an, paske san an se lavi, e nou p ap bwè lavi avèk chè a. Nou p ap bwè li. Nou va vide li atè tankou dlo. Nou p ap bwè li jis pou sa kab ale byen pou nou avèk pitit apre nou yo; paske 21nou ap fè sa ki bon nan zye SENYÈ a. 22

“Se sèlman bagay ki sen ke nou kapab genyen, ak ofrann ve nou yo, nou va pran pou ale kote ke SENYÈ a chwazi a. Konsa, nou va ofri ofrann brile yo, chè a avèk san an sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an. San sakrifis nou yo va vide sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an, epi 23nou va manje chè a.

“Fè atansyon pou koute tout pawòl sila yo ke mwen kòmande nou, jis pou 24sa kapab ale byen pou nou ak fis apre nou yo pou tout tan, akoz nou fè sa ki bon e jis nan zye a SENYÈ a, Bondye nou an.

“Lè 25SENYÈ a, Bondye nou an, koupe retire devan nou nasyon ke n ap antre deplase yo, epi nou deplase yo e rete nan peyi pa yo, veye ke nou pa antre nan pèlen e swiv yo lè yo fin detwi devan nou; epi ke nou pa chache a dye pa yo, e mande: ‘Kijan nasyon sa yo sèvi dye pa yo? Konsa, mwen va fè menm jan an?’ 26Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an, paske se tout zèv abominab ke SENYÈ a rayi yo, ke yo kon fè pou dye pa yo. Paske 27yo konn menm brile pwòp fis ak fi pa yo nan dife dye pa yo. 28

“Nenpòt sa ke m kòmande nou , se sa a pou nou fè. 29Nou p ap ni mete sou li, ni retire ladan l.

Source notes (29)
  1. Cross-reference Det 4:9-10
  2. Cross-reference II Wa 16:4
  3. Cross-reference Nonb 33:52
  4. Cross-reference Egz 23:13
  5. Cross-reference Egz 20:24
  6. Cross-reference Det 14:22
  7. Cross-reference Lev 23:40
  8. Cross-reference Jij 17:6
  9. Cross-reference Det 4:21
  10. Cross-reference Jos 11:23
  11. Cross-reference Det 12:5
  12. Cross-reference Det 12:18-19
  13. Cross-reference Det 12:20-23
  14. Cross-reference Jen 9:4
  15. Cross-reference Det 15:23
  16. Cross-reference Det 12:26
  17. Cross-reference Det 12:7
  18. Cross-reference Det 14:27
  19. Cross-reference Jen 15:18
  20. Cross-reference Jen 9:4
  21. Cross-reference Egz 15:26
  22. Cross-reference Nonb 5:9
  23. Cross-reference Lev 3:1-17
  24. Cross-reference Det 4:40
  25. Cross-reference Jos 23:4
  26. Cross-reference Det 9:5
  27. Cross-reference Lev 18:21
  28. Cross-reference Det 4:2
  29. Cross-reference Pwov 30:6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.