Bib Sen An
Detewonòm 10
“Nan tan sa a, SENYÈ a te di mwen: 1‘Taye fòme pou kont ou de tab wòch tankou premye yo, monte kote Mwen sou mòn nan, e 2fè yon lach an bwa pou kont ou. 3Mwen va ekri sou tab yo pawòl ki te nan premye tab ke ou te kraze yo, e ou va mete yo nan lach la.’
“Konsa, mwen te fè yon lach avèk bwa akasya e mwen te 4taye de tab wòch tankou premye yo, e mwen te monte sou mòn nan avèk de tab yo nan men m. Li te ekri sou tab yo tankou premye ekriti a, 5Dis Kòmanman 6ke SENYÈ a te pale a nou menm sou mòn nan soti nan mitan dife a nan jou asanble a; epi SENYÈ a te ban mwen yo. Konsa, mwen te vire 7desann kite mòn nan. Mwen te 8mete tab yo nan lach ke mwen te fè a, epi se la yo ye, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.”
(Alò, fis Israël yo te kite Beéroth-Bene-Jaakan pou rive Moséra. 9La Aaron te mouri, la li te antere, e fis li a, Éléazar te fè sèvis prèt nan plas li. 10Soti la, yo te pati pou Gudgoda e soti Gudgoda a Jothbatha, yon peyi avèk anpil ti flèv dlo. Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a.11 12 Akoz sa, Lévi pa gen pòsyon ni eritaj pami frè li yo; SENYÈ a se eritaj pa li, jis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te pale a li a. 13
“Mwen anplis te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit tankou premye fwa a; epi SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou. SENYÈ a pa t dakò detwi nou. Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, ale nan vwayaj ou devan pèp la, pou yo kapab antre ladann e posede peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M bay yo a.’ 14
“Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, 15renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.
“Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se 16pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak 17tè a, avèk tout sa ki ladann. 18Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm. 19Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e 20pa kite kè nou di ankò. 21
“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e 22SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab. Li fè jistis pou 23òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad. 24Pou sa, montre amou pa nou vè etranje a, paske nou te etranje nan peyi Égypte la.
“Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. 25Kole kote Li, e 26nou va sèmante pa non pa Li. Se Li menm ki 27lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè. 28Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo.
Source notes (28)
- Cross-reference Egz 34:1
- Cross-reference Egz 25:10
- Cross-reference Det 4:13
- Cross-reference Egz 34:4
- Cross-reference Egz 34:28
- Cross-reference Egz 20:1
- Cross-reference Egz 34:29
- Cross-reference Egz 40:20
- Cross-reference Nonb 20:25-28
- Cross-reference Nonb 33:33-34
- Cross-reference Nonb 3:6; Det 17:12
- Cross-reference Nonb 18:20-24
- Cross-reference Egz 34:28
- Cross-reference Mi 6:8
- Cross-reference Det 6:5
- Cross-reference I Wa 8:27
- Cross-reference Sòm 24:1
- Cross-reference Det 4:37
- Cross-reference Lev 26:41
- Cross-reference Det 9:6
- Cross-reference Jos 22:22
- Cross-reference Rev 17:14
- Cross-reference Egz 22:22-24
- Cross-reference Lev 19:34
- Cross-reference Det 11:22
- Cross-reference Det 5:11
- Cross-reference Sòm 109:1
- Cross-reference Jen 46:27
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.