Bib Sen An
Detewonòm 9
“Koute O Israël! Nou travèse lòtbò Jourdain an jodi a pou antre nan peyi a, e pou deplase 1nasyon ki pi gran e pi pwisan ke nou yo; gran vil yo byen fòtifye jis rive nan syèl yo. Yon pèp ki gran e wo, fis a Anak yo jeyan yo, ke nou konnen e te tande yo di: 2‘Kilès ki kab kanpe devan fis Anak yo?’ Pou sa, konnen ke jodi a, se SENYÈ a, Bondye nou an, ki ap travèse devan nou tankou 3yon dife devoran. Li va detwi yo e Li va donte yo devan nou pou nou kapab chase yo sòti e detwi yo byen vit, jis jan ke SENYÈ a te pale nou an.
“Pa di nan kè nou, lè SENYÈ a, Bondye nou an, fin chase yo deyò devan nou, ‘Se akoz ladwati mwen, SENYÈ a te mennen mwen antre pou posede peyi sa a.’ Paske se 4akoz mechanste a nasyon sila yo ke SENYÈ a ap fè yo deplase devan nou. Se 5pa akoz ladwati nou, ni kè dwat nou, ki fè nou ap vin posede peyi a, men akoz mechanste a nasyon sila yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap chase yo devan nou, e pou konfime pawòl la ke SENYÈ a te fè avèk zansèt nou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob.
“Pou sa, byen konnen ke se pa akoz ladwati nou ke SENYÈ a ap bannou bon peyi sa a pou posede, paske nou se 6yon pèp tèt di.
“Sonje, pa bliye jan nou te pwovoke SENYÈ a, Bondye nou an, a lakòlè nan dezè a. 7Depi jou ke nou te kite peyi Égypte la jiskaske lè nou te rive nan kote sa a, nou tap fè rebèl kont SENYÈ a. Menm 8nan Horeb, nou te pwovoke SENYÈ a lakòlè. SENYÈ a te tèlman fache avèk nou ke Li te prèt pou detwi nou.
“Lè mwen te monte nan mòn nan pou resevwa tablo wòch yo, tablo akò ke SENYÈ a te fè avèk nou an, alò, mwen te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit. 9Mwen pa t manje pen ni bwè dlo. SENYÈ a te ban mwen de tab wòch ki te 10ekri ak dwèt Bondye. Sou yo te tout pawòl ke SENYÈ a te pale avèk nou nan mòn nan, nan mitan dife a nan jou asanble a.
“Li te vin rive 11nan fen karant jou ak karant nwit yo, ke SENYÈ a te ban mwen de tablo wòch, tab akò yo. 12Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, desann soti isit la byen vit, paske pèp ou a ke nou te fè sòti an Égypte la te vin konwonpi. Yo te vire akote chemen ke Mwen te kòmande a. Yo te fè yon imaj fonn pou kont yo!’
“SENYÈ a te pale plis avè m e te di: ‘Mwen te wè pèp sa a, vrèman, li se 13yon pèp ki di. Kite Mwen sèl pou M kapab detwi yo, e 14efase non yo soti anba syèl la; Mwen va fè a ou menm yon nasyon pi pwisan e pi gran ke yo.’ 15
“Epi mwen te vire desann mòn nan pandan mòn nan t ap brile avèk dife a, ak de tab akò yo nan de men m yo. Epi konsa, mwen te wè ke vrèman, nou te peche kont SENYÈ a Bondye nou an. Nou te fè pou nou menm yon ti bèf fonn. Nou te vire detounen byen vit kite chemen ke SENYÈ a te kòmande nou an. Mwen te pran de tab sa yo; mwen te jete yo sòti nan men m, e te kraze yo devan zye nou. 16
“Mwen te tonbe ba devan SENYÈ a, yon fwa ankò. Pandan karant jou ak karant nwit mwen pa t manje pen ni bwè dlo 17akoz tout peche ke nou te fè nan fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, pou pwovoke Li a lakòlè. Paske 18Mwen te pè lakòlè ak chalè mekontantman avèk sila SENYÈ a te fache kont nou pou L te kapab detwi nou an. Men SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou.
“SENYÈ a te ase fache avèk Aaron pou detwi li. Konsa, mwen te priye anplis pou Aaron nan menm lè sa a. 19
“Mwen te pran peche nou an, ti bèf ke nou te fè a, e mwen te brile li avèk dife. Mwen te kraze li fen jiskaske li te vin tankou poud, epi mwen te jete poud li nan ti flèv dlo ki te pase desann nan mòn nan.
“Ankò, nan 20Tabeéra, nan Massa, ak nan Kibroth-Hattaava, nou te pwovoke SENYÈ a lakòlè. Lè SENYÈ a te voye nou soti Kadés-Barnéa, Li te di: ‘Ale monte pou posede tè ke mwen te bannou an.’ Men nou te fè rebèl kont kòmand SENYÈ a, Bondye nou an. 21Nou pa t kwè Li, ni koute vwa Li. 22Nou te fè rebèl kont SENYÈ a depi jou ke m te konnen nou an. 23
“Konsa, mwen te vin tonbe devan SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit, ke m te tonbe a, akoz SENYÈ a te di Li t ap detwi nou. 24Mwen te priye a SENYÈ a e mwen te di: ‘O SENYÈ a, pa detwi pèp Ou a, eritaj Ou menm nan, ke Ou te peye ranson selon grandè Ou, pou Ou te mennen sòti an Égypte avèk yon men pwisan.
“Sonje sèvitè Ou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob. Pa gade rebelyon a pèp sila a, ni sou mechanste yo oswa peche yo. Otreman, peyi kote Ou te mennen nou sòti a, kapab di: 25‘Akoz SENYÈ a pa t kapab mennen yo antre nan peyi ke Li te pwomèt yo a, e akoz Li te rayi yo, Li te mennen yo deyò pou touye yo nan dezè a.’ Men se pèp Ou yo ye, 26eritaj Ou menm, ke Ou te mennen sòti pa gran pouvwa avèk bra lonje.”
Source notes (26)
- Cross-reference Det 4:38
- Cross-reference Nonb 13:22
- Cross-reference Det 4:24
- Cross-reference Lev 18:3-30
- Cross-reference Tit 3:5
- Cross-reference Det 9:13
- Cross-reference Egz 14:10
- Cross-reference Egz 32:7-10
- Cross-reference Egz 24:18
- Cross-reference Det 4:13
- Cross-reference Det 9:9
- Cross-reference Egz 32:7-8
- Cross-reference Det 10:16
- Cross-reference Sòm 9:5
- Cross-reference Egz 32:15-19
- Cross-reference Egz 34:28
- Cross-reference Egz 34:9
- Cross-reference Egz 32:10
- Cross-reference Egz 32:20
- Cross-reference Nonb 11:3
- Cross-reference Det 1:26
- Cross-reference Det 9:7
- Cross-reference Det 9:18
- Cross-reference Egz 32:11-13
- Cross-reference Egz 32:12
- Cross-reference Det 4:20
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.