Bib Sen An
Amos 5
Tande pawòl sa ke m reprann pou nou kon yon chan; Yon plent konsi, pou sila ki mouri deja yo, O lakay Israël:1
Li fin tonbe, li p ap leve ankò— 2
Vyèj Israël la.
Li kouche byen neglije sou tèren li; 3
nanpwen moun ki pou leve l.
Paske, konsa pale Senyè BONDYE a:
“Vil ki te gen mil sòlda soti,
va gen 4san ki rete,
e sila ki gen san ki ale yo,
va gen 5dis ki rete pou lakay Israël.”
Paske, konsa pale SENYÈ a a lakay Israël: 6
“Chache Mwen 7pou nou ka viv.
Men pa ale Béthel, ni pa vini Guilgal,
ni travèse Beer-Schéba.
Paske anverite, Guilgal va antre an kaptivite
e gwo twoub va rive Béthel.8 9
Chache SENYÈ a pou nou ka viv,
sinon Li va eklate kon 10dife
nan lakay Joseph,
e li va devore san pa gen okenn moun
ki pou etenn li Béthel.
Nou menm ki fè 11jistis vin tounen lanvè,
e ki jete ladwati rive jis atè yo,
Chache Li ki te kreye 12Pléiades ak Orion yo,
ki 13chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten,
ki etenn lajounen pou fè lannwit,
ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a;
SENYÈ a, se non L.
Se Li menm ki jayi ak destriksyon
sou moun pwisan yo,
jiskaske 14destriksyon sa a rive sou sitadèl la.
Yo rayi sila k ap 15reprimande nan pòtay la
ni yo pa vle wè sila ki pale ak entegrite a.
Konsa, akoz nou foule malere a,
e egzije taks nan ble sou li,
akoz nou fin bati bèl 16kay ak wòch byen taye,
malgre nou pa menm rete nan yo,
konsa, nou fin plante bèl chan rezen yo,
men nou 17p ap bwè diven yo.
Paske Mwen konnen transgresyon nou yo
vin anpil e peche nou yo vin gran;
nou menm ki 18boulvèse moun dwat yo,
ki aksepte tout sa ki glise anba tab yo,
e ki detounen malere a nan pòtay la.
Alò nan yon tan konsa,
sila ki saj la oblije rete an silans,
paske tan an vin plen ak mechanste.19
Chache sa ki bon e pa sa ki mal,
pou nou ka viv;
epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou,
jis jan nou te pale a!20
Rayi mal e renmen sa ki bon,
e etabli jistis nan pòtay la!
Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo
ka fè gras a retay Joseph la.”21
Alò, SENYÈ Bondye dèzame yo, Senyè a di :
“Va gen gwo lamantasyon tout kote
e nan lari a, yo va rele: ‘Elas! Elas!’
Yo va rele kiltivatè a pou fè dèy,
yo va peye moun pou l fè lamantasyon.22
Epi nan 23 tout chan rezen yo, va gen gwo kri,
paske Mwen va pase nan mitan nou”,
di SENYÈ a.
Elas pou nou menm ki anvi wè 24jou SENYÈ a!
Pouki sa nou anvi wè jou SENYÈ a?
Li va yon jou 25tenèb olye limyè.
Tankou lè yon nonm 26kouri kite yon lyon pou l
rankontre yon lous;
oswa pou l rive lakay li,
apiye men l sou mi kay la,
pou yon koulèv vin mòde l.
Èske jou SENYÈ a p ap yon jou 27tenèb
olye de limyè a, fènwa a menm san klate ladann?
Mwen rayi, Mwen va 28refize aksepte fèt nou yo,
ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.
Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal,
Mwen p ap aksepte yo;
ni Mwen p ap menm gade 29ofrann lapè a
bèt gra nou yo.
Retire sou Mwen bri a chanson nou yo;
Mwen p ap menm koute son a ap nou yo.
Men kite jistis koule desann tankou dlo,
e ladwati tankou yon gwo larivyè, 30
Èske nou te pote ban Mwen ofrann sakrifis ak ofrann sereyal nan dezè a pandan karant ane yo, O lakay Israël? Anplis 31nou te pote Sikkuth, wa nou an, ak Kiyyun, imaj nou yo, ak zetwal dye nou, ke nou te fè pou nou menm yo. “Pou sa, Mwen va fè nou antre an egzil pi lwen Damas,” di SENYÈ a, ki gen non Li ki se Bondye dèzame yo.
Source notes (31)
- Cross-reference Jr 7:29
- Cross-reference Jr 14:17
- Cross-reference És 51:18
- Cross-reference És 6:13
- Cross-reference Am 6:9
- Cross-reference Det 4:29
- Cross-reference És 55:3
- Cross-reference I Wa 12:28,29
- Cross-reference És 55:3,6,7
- Cross-reference Det 4:24
- Cross-reference Am 2:3
- Cross-reference Job 9:9
- Cross-reference Job 12:22
- Cross-reference Mi 5:11
- Cross-reference És 29:21
- Cross-reference Am 3:15
- Cross-reference Mi 6:15
- Cross-reference És 1:23
- Cross-reference Ekl 3:7
- Cross-reference Mi 3:11
- Cross-reference Sòm 97:10
- Cross-reference Jr 9:10,18-20
- Cross-reference És 16:10
- Cross-reference És 5:19
- Cross-reference Jl 2:2
- Cross-reference Job 20:24
- Cross-reference És 13:10
- Cross-reference És 1:11-16; Lev 26:31
- Cross-reference Lev 7:11-15
- Cross-reference Det 32:17
- Cross-reference Trav 7:43
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.